lundi 25 janvier 2016

Meditasyon pou jodi a #89 : Bon kalite yon vrè disip Jezikri genyen



Yon disip se yon moun k ap pran leson nan men yon mèt. Se pa li ki mèt la ni li pa ka dirije mèt la. Anmenm tan, disip la se yon sèvitè paske leson l’ap pran nan men mèt la se bagay li dwe fè. Antanke kretyen, nou se disip paske n apobsève ansèyman apot yo (Matye 28.20a ; Travay 2.42).

1. Vrè disip la tande

Pandan yo ta pral fè disip, apot yo pa t gen misyon pou yo preche levanjil sèlman. Yo te dwe enstwi disip yo tou. Pou sa, disip yo te dwe tande yo. Tande ka gen sans egzose oubyen obeyi. Se nan sans sa a yo di : « Bondye, tande priyè nou yo » (egzose) oubyen « Ou pat tande m » (Obeyi).

2. Vrè disip la poze kesyon

Lè disip yo pa t konprann yon parabòl oubyen yon deklarasyon Jezi te fè, yo te mande li kisa li te vle di (Matye 13.10). E Jezi te toujou reponn yo. Men, farizyen yo te konn poze Jezi kesyon pou pyeje li (Matye 19.3). Poze kesyon ka gen sans egzamine. Se nan sans sa a yo di : « Egzamine sa ki ekri nan Bib la » (Travay 17.11, 1 Tesalonisyen 5.21)

3. Vrè disip la pratike

Si li enpòtan pou w tande, li plis enpòtan pou w fè sa w tande a. Gen kretyen ki pa fè lòt anyen ke tande levanjil. Yo konnen doktrin yo, men jamè pratike yo. Lè yo aji konsa, se twonpe y ap twonpe tèt yo (Jak 1.22). Tande sèlman pa ka fè yon moun kretyen ni vin yon vrè disip. Konesans san obeyisans bay lògèy, epi li fè kè moun vin di. Karl Marx, yon filozòf politik alman, li soti nan yon fanmi jwif ki te konvèti nan krisyanis, te di konsa : « Se nan pratik pou yon moun montre verite verite a». Epi François Rabelais, yon ekriven fransè, te bay pwovèb sa a : « Se nan manje manje w ap vin gen apeti».

Pou n fini
Genyen lòt kalite kay vrè disip Jezikri a, tankou pasyans (2 Timote 2.24) ; imilite (1 Pyè 5.6), fidelite (2 Timote 2.2), men avan tout bagay, ou bezwen tande pawòl la (Travay 2.14), konprann li e pratike li.

Pase yon bon jounen.

Jérôme Dorsonne Emerson

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...