dimanche 24 janvier 2016

Meditasyon pou jodi a #88 : dimanch 24 janvye 2016 Kisa w konnen de kay Bondye a ?


Lè David te di : « Ala kontan mwen te kontan lè yo di m : Ann ale lakay Senyè a » (Som 122.1), de ki kay li t ap pale a? Aprè viktwa li sou enmi li yo, Bondye te pale ak David pa pwofèt li Natan. Li te reveli li ke se pitit li a ki ta pral bati yon kay nan non li (2 Samyèl 7.12-13 ; Travay 7.47). Li t ap pale de Salomon ak Tanp la. Dat ak tout detay sou kay la nan 1 Wa 6.1-12.
Poukisa yo bezwen bati yon kay pou Bondye ? Pou li rete nan mitan peyi Izrayèl la (1 Wa 6.13). Eske Bondye toujou rete nan kay sa a oubyen èske kay sa a la toujou? Raple w de sa Jezi te di fanm samaritèn lan : « Madanm, ou mèt kwè mwen. Lè a pral rive, se pa ni sou mòn sa a, ni lavil Jerizalèm pou n sèvi Papa a ». Ki kote li ye menm ? « Bondye, se Lespri li ye. Tout moun k’ap sèvi l, se pou yo sèvi l nan lespri yo jan sa dwe fèt la » (Jan 4.24). Repons la se « pyès kote ».
Eske ou konnen poukisa yo te touye Etyèn ak kout wòch ? Paske li tap pale kont Tanp la ak lalwa Moyiz la (Travay 7.13-14). Pou reponn akizasyon li yo sou Tanp la, Etyèn te eksplike rezon ki fè Bondye pa rete nan kay ki fèt ak men lòm lè li te site pawòl Ezayi te di yo (Travay 7.46-50 / Ezayi 66.1-2). An reyalite, Bondye pa t janm rete nan Tanp la. Syèl la pa laj ase pou l kenbe Bondye, alewè yon kay sou latè. Se Salomon menm ki te di sa lè li tap dedikase Tanp la (1 Wa 8.27). Ebyen Tanp la te reprezantasyon Bondye sou latè jan sa di nan 1 Wa 6.13.
Gen de bagay pou n konnen sou kay Bondye a.
Avan, Jezi te di disip li yo : « Lakay Papa a gen anpil kote pou moun rete. Mwen pral pare plas pou nou. Si se pat vre, mwen pa ta di nou sa. » (Jan 14.2) Vèsè sa a retire tout dout sou lide yon lavi nan syèl la, paske se la Bondye rete (1 Wa 8.27). Otè liv Ebre a di: “Kris la pat antre nan yon kay moun te bati pou Bondye sou modèl kay Bondye a. Li antre nan syèl la menm, kote li kanpe kounyea devan Bondye pou nou » (Ebre 9.24).
Epi, nan tèks sa yo : Ebre 8.10, Efezyen 2.20-22; 1 Pyè 2.4-5, 1 Korent 3.9; 6.19 anseye nou ke kretyen an se kay Bondye. Tanp Jerizalèm nan pa kote pou nou adore nou menm kretyen, paske non sèlman Bondye se Lespri men li tout kote alafwa tou. Nou ka adore li tout kote.
Pase yon bon dimanch.
Jérôme Dorsonne Emerson

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...