samedi 30 janvier 2016

Meditasyon pou jodi a #94 : Obstak ki genyen nan lavi n ap mennen nan Kris la (Premye pati)


(Klike sou lyen sa a sur  http://legagneurdames.blogspot.com/2016/01/les-obstacles-de-la-vie-chretienne.html pou w li entwodiksyon an ki an fransè sèlman )

Fè kont (rivalite)

(Nou itilize Bib vèsyon « Bible des Peuples » nan sijè sa a)

Dispit se yon mo ki prèske gen menm sans ak rivalite, opozisyon, zen, polemik, konfli. Tout mo sa yo fè referans ak rivalite ki se fè kont pou yon avantaj. Nan yon lòt fason, rivalite se yon konkirans ant de oubyen plizyè moun ki vle vin yon sèl bagay.

Rivalite se yon obstak nan lavi n’ap mennen nan Kris la paske li anpeche ou grandi nan lafwa e li ankouraje divizyon. Koz rivalite a ka yon enterè oubyen yon ide.

Frè Jan opoze li ak predikatè a paske tout fidèl di ke se li ki pi konn preche nan legliz la. Frè Jan te toujou vle vin pastè legliz la si pastè anchèf la ta mouri. Nan sikonstans sa a, glwa Bondye ak enterè chak moun pa enpòtan. Sa ki enpòtan pou frè Jan se fè tout sa li kapab pou l montre predikatè a ke li pa pi bon. Li vle pwofite tout okazyon pou fè wè li. Sak pi mal la, li gen zanmi k’ap sipòte li. Sitiyasyon sa a ka rete jis li lakoz yon divizyon total. Anpil legliz bati sou divizyon sa yo. Moun ki renmen rivalite a gen sousi pou siksè li, se pa pou chak moun nan legliz la grandi nan konfyans.

Avètisman !

Nan twazyèm chapit 1 Korentyen an, Pòl pale de rivalite nan legliz Korent la kote yon pati reklame tèt yo pou li e yon lòt pou Apolòs (v3). Pòl avèti patizan li yo ak advèsè li yo nan mo sa yo : « [Mwen mete fondasyon yo an plas tankou yon bon achitèk, pwiske se talan sa a mwen te resevwa nan men Bondye, e se yon lòt moun ki pral konstwi sou li. Men chak moun dwe poze tèt li kesyon sou kòman l ap bati ] » (1 Korent 3.10 / Bible des Peuples/ [JDE])

Eske ou renmen fè kont ? Sou kisa ministè w la baze ? Eske w ap travay pou glwa ou oubyen pou glwa Bondye ? Se yon seri de kesyon ki dwe reponn ak tout senserite si ou vle retire tèt ou pami moun k’ap lakoz divizyon nan legliz Jezikri a.

Maranata !

Jérôme Dorsonne Emerson

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...