mardi 2 février 2016

Meditasyon pou jodi a #97 : Endisponiblite



Obstak ki genyen nan lavi n’ap mennen nan Kris la (katriyèm pati)

Nou pa fèt tou kretyen, nou vin kretyen. Omwen, avan nou te vin kretyen, nou t’ap mennen yon lòt vi. Nou te esklav dezi nou yo. Konvèsyon nou se rezilta abandon nou de vi sa a. Lè nou te bay Jezi lavi nou, nou te di « babay » ak lemond, ak plezi li yo e ak sousi li yo. Dezomè, moun ki te gen kontwòl la se Jezi, yon mèt ki kenbe pawòl li. Li te pwomèt ke l’ap avèk nou jiskaske tout bagay fini (Matye 28.20).

Antanke yon disip, yon sòlda, yon anbasadè, yon pitit Bondye, nou pa ka pa disponib pou n fè travay nou. Sa tap montre ke nou se ipokrit, moun k’ap pwofite, moun k ap bay manti paske nou te jwenn repo nan Jezi (Matye 11.28). Kòman fè pou yon lòt bagay vin pi enpòtan ke repo sa a ? Nou konnen byen ke yon nanm vo plis pase tout richès ki nan lemond antye (Matye 16.26). Alò, kisa ki ta lakoz nou pa disponib pou fè sèvis mèt nou la a ?

Kòman yon pastè fè oze deklare li pa disponib nan ministè li ? Oubyen kòman fè pou li lwen asanble a e pou anmenm tan, li se pastè li ? Eske li posib pou w kondwi mouton yo pa entènèt ? Ou di ke travay ou vòlè tan w, men kilès ki kontwole tan travay ou ? Eske se pa Bondye ? (Danyèl 2.21). Etid ou pa pèmèt ou priye, evanjelize e li pawòl la ? Ebyen ou etidye 24 sou 24 ? Eske se pa eskiz sa yo ye jis pou w pa pran responsablite ou antanke kretyen ?

Ou t ap di yon doktè se kriminèl si l pa t la lè malad la t ap mouri a. Pou ou menm, yon polisye ta mechan si l pa reyaji pandan li wè yon vòlè ap opere ou. Ou tap fache si yon zanmi ou ta bò w yon poto. Ou pap gen menm nivo lafwa a ankò si malgre tout priyè ou yo, Jezi pa di yon mo. An gwo, ou vle pou tout moun prè pou sèvi ou, sof ou menm. Ebyen, endisponiblite a se yon obstak ki pral elwanye ou de prezans Bondye, paske si ou pa disponib pou Bondye, li p ap ka itilize ou. Rezon an senp : se pa enstriman li ou ye ? Alò, pinga ou di ou sèvitè Bondye ankò, paske sèvitè Bondye a toujou disponib pou Bondye.

Disponiblite nou se prèv ke nou sove, n’ap pèsevere e nou obeyisan. Twa bagay sa yo kondisyone sanktifikasyon nou pandan n’ap tann Jezikri retounen (1 Tesalonisyen 5.23). Si ou pa disponib pou sèvi Jezi, ou p ap prè pou w anlve, paske Jezi ap retounen vin chache moun ki te toujou prè yo. Ki kote w ap ye lè l’ap retounen an ? Nan tonbo a oubyen nan travay ou ? Sou kabann nan oubyen nan jaden an ? Mwen pa konnen men mwen sèten ke l’ap retounen. Se pou w toujou disponib pou Bondye, se pou byen ou !


Soli Dei Gloria ! Maranatha !
Jérôme Dorsonne Emerson

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...