mercredi 3 février 2016

Meditasyon pou jodi a #98 : Ipokrizi ak rankin


Obstak ki genyen nan lavi n’ap mennen nan Kris la (senkyèm pati)

Poukisa ipokrizi ak rankin se obstak nan lavi n’ap mennen nan Kris la ? Ou ta di rapidman ke se paske yo pa bon, men èske ou pa ipokrit e rankinye tou. Ipokrizi se yon tanperaman yon moun bay men ki pa sa vre. Mwen di sa mwen pa santi tout bon vre. Sa poko janm rive w? Rankin se lè ou sonje yon mal yo te fè w. Chak fwa w sonje l, ou ta vle vanje. Sa poko janm rive w ?

Bondye renmen nou e li mande nou pou nou youn renmen youn lòt. Konsa, li se yon modèl paske li te bay pitit li pou l montre nou kijan lanmou li gran. Nou menm tou, nou dwe montre lòt moun yo kòman nou renmen yo. Bib la di : « Mezanmi, si Bondye renmen nou konsa, nou menm tou se pou nou renmen youn renmen lòt. » (1 Jan 4.11). Ipokrizi ak rankin fè padon ak lanmou nou yo vin fo, tandike lavi nan Kris pa egziste san renmen. Se sak fè nou youn ap dechire lòt konsa. Nou fè sanblan nou gen renmen nan kè nou youn pou lòt, men nan nou menm se layèn youn pou lòt.

Yon frè te fè nou yon bagay ki mal, epi nou padone l. Poutan, nou pa janm sispann repete l sa l te fè a. Sa a se ipokrizi. Konbyen fwa Bondye te fè nou sa ? E si l te fè l, konbyen nan nou ki t’ap sove ? Nan 1 Korent 6.9-10, apot Pòl bay 10 kalite moun k’ap fè peche ki pap antre nan wayòm Bondye a. Nan vèsè ki vin aprè a, li bay twa aksyon ke Bondye fè ki montre lanmou li ak delivrans li pou tout tan : lavman, sanktifikasyon ak jistifikasyon (v11).

Ipokrizi ak rankin se obstak pou n evite si nou vle ke lavi n’ap mennen nan Kris la reyèl vre. Nou konnen koz yo men li pa fasil pou n evite yo.

Annou sensè, pinga nou gen rankin!

Pase yon bon jounen

Jérôme Dorsonne Emerson

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...