lundi 11 avril 2016

Mennen nanm yo bay Kris

Meditasyon pou jodi a, No 166
Lendi 11 avril 2016

Mennen nanm yo bay Kris

Nan liv li a ki se “Gagner des âmes – oui, mais comment?”, Charles Spurgeon (1834-1892), te ekri : « Mwen vle mennen nanm yo bay Kris, se pa daprè sa m konprann sou lafwa kretyen an». Evanjelize, se preche levanjil ak moun ki pa kwè yo pou Jezi ka sove yo. Se pa ni evanjelis la ni pastè a k’ap sove. Yo se mesaje, anvwaye, kannal, zouti, pwoklamatè men moun k’ap sove a rele Jezi. Genyen plizyè rezon ki fè w dwe mennen nanm yo bay Kris.

1. Mak 16.15 : « Kris se mèt misyon an »

Menm jan Bondye te voye Jezi a, Bondye te voye disip li yo tou (Jan 17.18). Se li menm ki te di : « Se pa pou fè volonte pa m mwen desann sot nan syèl la, men pou m fè volonte moun ki voye m lan » (Jan 6.38). Menm jan an, lè wap evanjelize, ou dwe fè volonte Jezi.

2. Travay 4.12: “ Se sèlman nan non Kris ki gen delivrans”

Gen kèk evanjelis ki gen tandans preche delivrans nan non fondatè denominasyon yo, sèk yo oubyen relijyon yo. Yo drese yon lis bagay pou fè ak kwè pou w ka sove. Se pa vre, pa gen delivrans nan lòt moun ke Jezi paske pa t gen pyès fondatè relijyon ki te vèse san li pou limanite. Tout bagay te kòmanse nan Jezi e tout bagay ap fini pa li menm.

3. Jan 14.6 : « Kris se sèl chemen pou pase pou al jwenn Papa a »

Pa gen ni de ni twa chemen pou pase al jwenn Bondye. Konsa, Kris pa yon chemen men li se chemen ki mennen kot Bondye. Pyès relijyon pa ka sove ou. Tout doktrin ki pa gen Jezikris kòm fondman se yon kòve devan delivrans Bondye a (1 Korent 3.11).

4. Jan 8.36 : « Vrè libète a se nan Kris li ye »

Pafwa, yon nouvo konvèti temwanye : « Mwen resi jwenn verite a. Sa fè lontan mwen te nan erè ». Si verite sa pa soti nan pawòl Kris la, l’ap rann ou esklav lòm, paske Jezi te di : « Si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou se disip mwen vre. N’a konnen verite a, lè sa a verite a va ban nou libète nou ».

5. Jan 10.28: “Lavi Jezi bay la pap janm fini”

Lè m’ap anseye sou padon epi m di ke padone se bliye, gen patisipan ki toujou vle rektifye sans mo “bliye a” paske menmsi nou padone yon mal, nou pa bliye li. Bondye di: “M’a padone sa yo fè ki mal, mwen p’ap sonje peche yo ankò”. (Ebre 8.12). Si e sèlman se Jezi ki sove ou, pèsonn pa ka rache w nan men li, pa menm Satan.

Ou pa ka ni sove ni kondane yon pechè. Travay ou se evanjelize ak anseye verite a. Apot Pòl te di : « Mwen plante, Apolòs wouze, men se Bondye ki fè plant lan pouse » (1 Korent 3.6). Se pa san ou ki te koule sou kwa a, pa pran plas Jezi. Se pa ou menm ki te renmen lemond, pa pran plas Bondye. Ou pa yon avwala sou eritaj Bondye a, pa pran plas Sentespri a. (Efezyen 1.13-14).

Pase yon bon jounen
Jérôme Dorsonne Emerson

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...