vendredi 28 décembre 2018

Kalfou lavi


Byen ou fè jodi ka tounen mal pou ou demen, kontinye fè byen men chache gen lafwa pou w ka reziste kont vanjans.

Moun ou sove nan dife jodi ka chache lage w nan Bannannout demen pou w neye, kontinye sove moun men aprann naje.

Moun ou di tout ti sekrè w jodi ka denonse w san kite ti kras demen, kontinye fè zanmi men pale ak rezèv.

Pitit ou fin fè tout sakrifis pou met sou tè, okipe e voye lekòl jis li fin nan inivèsite a ka kite w mouri nan mizè demen, kontinye okipe pitit ou men prepare vyeyès ou.

Moun ou pran pou pi serye a ka vin pi gwo vagabon w pa t janm panse a e pi gwo vagabon nan zòn ou an ka vin youn nan bon moun nan sosyete a, pran prekosyon ak vagabon men pa kondane yo.

Moun ou wè k ap mal pase devan je w la jodi a ka vin patwon w oswa prezidan w demen, kontinye travay pou w pa desann nan nivo l men pa rayi l si l depase nivo w.

Nan ti tan m gentan viv la, m aprann, m wè e m konprann. Men kèk leson pwofesè sajès aprann mwen.

 1. Viv byen pa vle di viv tankou tout moun K ap viv byen. Sous bonè w nan sa w renmen li ye.
2. Batay pou reyalize rèv ou pa dwe detwi rèv yon lòt. Tout moun gen dwa fè siksè.
3. Moun k ap egzije w yo p ap ede w depanse. Priyorite tout moun pa menm.

Lekti ak chita anba bouch granmoun k ap tire boulèt konsèy ka fè w gen konesans men se nan aplike disiplin lavi w ap vin saj.

M pa janm bliye fraz sa :

Konesans se lè w konnen yon bagay, men sajès se konnen kòman e kilè pou w itilize sa w konnen. Inyorans prensip sa fè nèg save fini tankou moun sòt e anpil moun yo di sòt viv tankou nèg save.

M chita nan kalfou lavi, m ap gade bourèt k ap bay gwo machin blokis, machann dlo k ap pase swaf grannèg, chany k ap siye soulye direktè jeneral, fanfa ak koral k ap mennen ti bondye nan simityè...

Nan kalfou lavi, se la tout verite devwale, tout manti kaba, tout sousi dekadnase, tout foli file. Nan prese pale, bouch di sa kè pa panse, men se nan kalfou lavi l ap rann li kont li twonpe pandan tout egzistans li.

Anben, ale non tokay, n ap rewè demen pou n koze si nou leve tande kòk k ap chante douvanjou.

JDE

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...