vendredi 28 décembre 2018

Yon modèl lapriyè pou chak maten

Mèsi Senyè paske w pèmèt mwen dòmi mwen leve
Je mwen yo toujou la pou gade
Zòrèy mwen yo toujou la pou tande
Nen mwen toujou la pou respire
Men mwen yo toujou la pou touche
Pye mwen yo toujou la pou mache
San toujou ap koule nan venn mwen
Kè m toujou ap bat
Souf mwen toujou la
Sèvo m toujou stab
M pa gen pyès doulè
M pa reveye lopital ni nan mòg

Mèsi pou gras sa
Mèsi pou tout mirak sa yo
Mèsi pou tout benediksyon sa yo
E si w fidèl nan gwo bagay sa yo
M pa bezwen enkyete m pou lòt yo
Konsa, mwen dedye tout jounen an ba ou
Pwoteje m
Kondwi m
Se pou pawòl k ap sot nan bouch mwen yo sanktifye
Se pou aksyon m ap fè pandan jounen sa a glorifye w
Se pou panse m yo fè w plezi
Se konsa m a pase yon jounen beni
E mwen va rekonesan anvè ou menm aswè a pou tout sa ou fè
Mwen priye w nan non Jezi ki gen tout pouvwa a

Amèn.

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...