jeudi 12 septembre 2019

Nan ki tan lavi w ye ?



Louis Bourdaloue te di : « Pa gen anyen ki gen plis valè pase tan, pwiske se sa pou n peye pou n jwenn letènite.» Konsa, tan w ap viv sou latè a detèmine tan ou pral pase nan letènite byenere ou malere. Lè yon moun di li pa gen tan pou l sèvi Bondye, sa vle di letènite byenere a pa entèrese l, paske yon moun ki vivan ap viv nan tan li vivan an, e tan chak moun detèmine kote li prale lè l fin mouri.

Pèsonn pa’t janm kretyen nan yon tan. Se swa ou sa, swa ou pa sa, e lè se sa ou ye, se sa ou ye pou tout lavi, paske delivrans Bondye a divize lavi pechè a nan de tan : lontan e koulye a. Pechè a sonje kòman lavi li te ye lontan nan peche men li motive pou l genyen batay nan tan k’ap vini an.

 Apot Pòl te fè deklarasyon sa a : « Nan tan lontan, nou te nan fè nwa. Men koulye a, paske n’ap viv ansanm nan Senyè a, nou nan limyè. Se sa ki fè, fòk nou mennen tèt nou tankou moun k’ap viv nan limyè a.” (Efezyen 5.8). Ak deklarasyon sa a, nou ka distenge de tan nan lavi pechè a: lontan, li te nan fè nwa e koulye a li nan limyè.

Chak tan gen prens pa li : prens fè nwa a se Satan e prens limyè a se Jezikri. Kidonk, tan w ap viv la tou di nan ki wayòm ou ye.

 Si moun ki nan Kris la se limyè, zèv li yo ap fè wè limyè a e tout moun ap ka wè l paske limyè kretyen an dwe klere devan tout moun pou lè yo wè tout byen l’ap fè yo, pou yo ka fè lwanj Papa li ki nan syèl la. (Matye 5.16) Menm jan an tou, moun ki nan fè nwa a fè zèv fè nwa e tout moun ka wè zèv ki nan fè nwa yo aklè (Galat 5.19-21)

Alò, nan ki tan lavi  w ye ? Eske li nan fè nwa oubyen nan limyè? Si li nan fè nwa, reveye w nan dòmi pou Kris la ka klere lavi w (Efezyen 5.14) e si se nan limyè lavi w ye, se pou li klere devan je tout moun.

Pase yon bon jounen  !

Jérôme Dorsonne Emerson

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...