samedi 29 février 2020

Sispann egzije moun posede sa ki nan panse w

Gen bagay ou wè yon moun pa genyen w ap egzije l genyen l oswa kritike l paske l pa genyen l se wont ou wont di l al vòlè.

Franchman!

Paske si l te fasil, ou t ap fè l kado l. Se paske w te travay pou genyen l ki fè w pa ba li l. Poukisa w ap minimize l pou sa l manke? Èske mizè se kritè pou valorize moun?

Ou konnen byen peyi a pa gen travay, lavi a chè, e ou vle malgre tout pwoblèm sa yo pou vwazin ou an gen recho agaz, Canal Sat, Wi-Fi, twalèt ijyenik ak dènye mak telefòn ki soti a. Ou mechan!

Èske l di w li nan bezwen?

Kilè l te mete w chita rakonte w priyorite l ak objektif li nan lavi?

Pouki n ap blame moun pou vizyon yo, chwa yo, prensip yo bay tèt yo, kwayans yo, Legliz yo chwazi mache?

Nou pa bezwen fè sèman men nan anpil ka, ayisyen frè n ak sè n yo kontribye nan rann jèn fi ak jèn gason fè tout vye bagay pou yo viv, byen pase, fre, klere, alamòd.
Si w gen ase, bay yon lòt ki pa genyen. Sinon, sispann wè l mal. Se kè w ki di, se chich ou chich ki fè moun ki pwòch ou a pa gen sa w genyen. Se pa sa l vle. L ap goumen lontan, li pa ka rive. Si Bondye fè jou pa w la rive deja, l ap fè l pou li tou. Dayè, ou pa miyò pase l e sa w genyen pa fè w siperyè li.

Antouka, m espere ou menm ki li tèks sa a ou pa fè pati moun k ap rabese lòt pou sa yo pa genyen, pou chwa yo fè.

Monn la gen twòp prejije, ann sispann kwè sa n panse de moun. Yo gen dwa viv jan yo vle. Pa enpoze yo chwa nou, yo pa esklav nou ni yo pa oblije pran nou pou modèl.

M preche tout moun Kris men m pa enpoze pèsonn li. M ap fè devwa m nan respè libète tout moun, se sa Bondye fè tou. Li ban n lavi men l pa fòse n viv pou li. Pouki nou vle oblije yon lòt viv pou nou?

Kite moun yo viv jan yo vle pandan n ap kontinye preche renmen, tolerans, konpasyon, solidarite, moralite ak respè dwa moun. Ou konnen byen leta retire "J'aime Haïti" nan edikasyon sivik, pa kondane sitwayen ki se patripòch la, li se rezilta sistèm nan. Kritik ou yo p ap itil anyen sinon ogmante fristasyon.

Pandan n ap mande pou Leta pran responsablite l, ann aprann respekte limit dwa nou e fè devwa nou.

Nou tout lib!

Viv Ayiti! Viv Jezi nonm Nazarèt la!

JDE

Kèk konsèy pou w kiltive onètete nan yon monn k ap ankouraje koripsyon



(swit atik Kòman w pou viv ak onètete nan yon monn k ap ankouraje koripsyon?)

Ou konn ap pratike anpil bon prensip nan lavi w epi w panse se ou ki pa bon, pi diferan. Poutan, se paske w nan bon chemen an ki fè w pa jwenn plis moun ak ou. Se pa sa ki pi popilè a, pi alamòd la ki pi bon men se sa ki reflete vrè moun ou ye a selon moralite ak lalwa. Konsa, ban m atire atansyon ou sou plizyè jès, konpòtman ki ka fè w vin onèt oswa dekouvri onètete lakay ou. 

      1.      Pa pran sa ki pa pou ou

Pito mank ba w pwoblèm pase pou genyen nan move kondisyon toumante w. Lè sa a, w ap gen lòt pwoblèm. Ala bèl bagay lè w posede sa w te travay pou achte! Gen plizyè fason ou ka posede : jwenn lè w mande, achte lè w gen lajan, pran sa ki pa pou ou. Gen moun ki chwazi mande swa paske yo pòv osnon yo se mandyan osnon yo nan yon ijans. Gen lòt moun ki chwazi travay pou l gen lajan. Ak lajan sa a, li ka ofri tèt li sa l pito. E gen yon lòt kategori moun ki itilize tout taktik pou l pran sa lòt posede. Si w vle onèt, pa pran sa kip a pou ou paske sa ka mennen w lwen e sal non w pou jamè.
     
      2.      Kontante w ak sa w genyen

M pa di pou w reziye w ak sa w genyen, ki diferan de kontante. Lè w reziye w, ou pa bezwen plis e ou menm vle bay sa w genyen. Tandike kontante w se aksepte viv ak sa w genyen an pandan w ka travay pou w gen plis. Ak 500 goud ou ka kòmanse yon biznis k ap ba w 50 goud anplis pandan yon tan byen detèmine. Ak pasyans, li ka vin twa fwa plis e pèmèt ou fè sa w vle. Pou w onèt, ou dwe aprann viv ak sa w genyen pou sa lòt moun genyen pa kreye titalbè ni jalouzi lakay ou.
      
      3.      Pa antre nan konkirans ak pèsonn

Nan tout sa ki ka kreye konkirans, mwen jwenn de nan refleksyon m sou sijè sa a :ògèy ak jalouzi. Ògèy paske w vle posede plis pase lòt pou yo ka valorize w. Jalouzi, paske w vle posede zafè yon lòt moun. Si w antre nan pratik sa a ki trè popilè nan monn lan, w ap fè sakrifis ou pa t ap janm fè pou w nan menm nivo oswa pi wo pase lòt. Sa ki esansyèl la, se pa genyen sa tout moun genyen men sa w bezwen tout bon vre chak jou oswa chak fwa ou bezwen l. Konbyen fwa ou fè sakrifis pou w genyen yon gwo mak pandan w pa fè bidjè pou w manje nan yon semèn? Depans ki pa itil sa yo lakoz anpil jèn pèdi diyite yo akoz yon grapday yo te ka genyen san pase mizè.

      4.      Pa depanse kapital ou nan swiv sila k ap depanse benefis yo

Kapital ou se fon w genyen pou w monte oswa fè biznis ou a mache. Se byen w, tout sa w posede, lajan ou mete yon kote pou fè lajan. Alòske benefis la se avantaj la, sa w genyen an, pwofi ou fè sou kapital la. Ebyen, ki atitid ou ta dwe genyen fas ak depans ki se sa ki soti ki p ap antre? Yon moun ka depanse jan li vle men, poze tèt ou kesyon sa a: ki kòb l ap depanse a? Èske se kapital li oswa benefis li? M garanti w pa konnen. Si nou imajine se kapital li, ou pa ta dwe swiv li paske li nan wout fayit. Si se benefis li, pa swiv li tou paske l p ap pèdi pandan ou menm w ap swiv li nan depanse kapital ou. Yon eksè konsa ka fè w pran angajman ki pral lage w nan difikilte lè w fin satisfè. 

      5.      Byen jere sa w responsab

Lè w byen jere sa ki pa pou ou, ou kite yon palmarès ki ka itil plizyè jenerasyon aprè w M vle pale de pitit ou e tout moun ki ta vin genyen w pou referans. Mete sou sa, ou ka jwenn òf ou pa t janm atann nan lavi w. Y ap vin fè w konfyans e lè sa a, jan sa di nan Bib la : Moun ki fidèl nan ti bagay, yo konfye l gwo bagay. Katriyèman, toujou pran swen sa w responsab la tankou se te pa w. Si w kraze l, se tankou pèsonalite w kraze. 

      6.      Pa prete san w pa gen vrè bezwen

Tout moun pa renmen prete men si w ta nan nesesite pou w fè sa, pa fè l pou plezi. Fè sa pou yon bon koz. Pou anpil dezi k ap travay nan ou, si w te ba yo yon ti tan pou yo parèt klè, ou t ap epanye plizyè dega nan lavi w. Yon dezi ka vini rapid, se nòmal. Sonje se li ki vini, se pa ou ki te al chache l. Avan w materyalize l, reflechi sou ki koz ki mennen l e ki konsekans li ka kreye lè l fin ale. Ak teknik sa a, w ap evite toumant.

      7.      Evite pran travay ou pa ka fè

Gen yon otè ki di : Si yo ba w fè yon djòb ou pa ka fè, pran l epi al aprann fè l. Wi, se trè entèlijan men se pa nan tout ka sa ap mache. Ou ka sensè pou w di w pral eseye, w ap mande konkou men pa bay lespwa w ap ka reyalize l si w pa sèten ou kapab. Kèk fwa, anbarase ak yon djòb ou pa ka fè konn fè w pèdi yon djòb ou ka fè. Mete sou sa, ou pral fè l mal e yo ka mande w reparasyon oswa ranbousman. Poutan, li t ap pi senp si w te refize pou evite anbrouy.

      8.      Pa bay manti pou w jwenn sa w bezwen

Bay manti pou w jwenn sa w bezwen pi raz pase aksepte mank ou genyen pou w mande sa w bezwen. Pa janm bliye menm pi gran milyadè ki nan monn lan konn mande. Chak moun, rich oswa pòv, gen yon bagay yon lòt pa genyen e ki trè ijan nan yon sikonstans. Bay manti ka kouvri wont pou yon ti tan men verite ap fè w wont pou tout tan. Jan yo di l la, pito w mande w pa jwenn pase pou w bay manti.

      9.      Pa pwomèt sa w pa ka onore

Ala bèl sa bèl lè w pwomèt! Ou santi w kontan paske w mete lajwa ak lespwa nan kè moun k ap tann sa w pwomèt la. Pasyans li chita sou ou. Li pa ta swete okenn malè rive w pandan peryod pwomès ou fè l la. E ou imajine w ki pral di l ou pa kapab aprè? Se fache ak regrè ki pral ranplase lajwa ak lespwa nan kè l. Lè konsa : ou malonèt! Pito w santi w alèz paske w di w pa genyen pase pou w mete w nan ti soulye w ak pòch ou vid. Se de pwoblèm yon sèl kou.

     10.  Toujou bay rapò sou sa yo ba w fè

Kèk moun kwè konfyans sifi pou yo jere. Non, konfyans la pa sifi, aksyon ak rapò trè enpòtan. Depi w te responsab, ou dwe bay rapò, jodi oswa demen. Sinon, y ap fè rapò pou ou. Menm lè w pa gen lide pou antre nan koripsyon, ou ka tonbe ladan pi fon pase moun ou konn ap kritike si w pa renmen bay rapò sou sa w te responsab. Pa mete sa pou pita, se chak jou w dwe prepare l.  
      
      11.  Pa wont rekonèt erè oswa yon dezòd ou te fè

Se moun ki eseye ki fè erè ak moun k ap aji ki fè dezòd. Si erè a oswa dezòd la gentan fèt, tan an p ap efase l pou ou. Pi gwo obstak la se pa vle rekonèt li. Lè konsa, ou fè tèt ou pase pou moun san peche, san fay alòske se pa vre. Admèt tò ou genyen san w pa nan pran eskiz sou anyen ni pèsonn. Sa se prèv w ap grandi.

Dènye koze

Onètete a pral depann de sa w ap fè, nan ki konba ou ye, tip de moun ou ye tou e ki sa w vle pou demen. Pa bliye sa w plante se li ou rekòlte. Si w vle moun onèt ak ou, ou bezwen onèt ak tèt ou avan. Chaje moun ki la pou ede, men tout pa ede menm jan. Onètete se youn nan mwayen pou w jwenn èd sa yo. Alò, apati jodi a, si w pratike 11 konsèy sa yo mete sou sa w genyen deja, ou ka kòmanse wè siksè ou te toujou reve a. Toutfwa, pa bliye : MONN LAN ANKOURAJE KORIPSYON. Kidonk, viv ak onètete se yon konba. Mwen swete w pote laviktwa.

Jérome Dorsonne Emerson

jeudi 27 février 2020

Twazyèm gwoup J.A.S la ap komanse 7 mas, èske w gentan enskri?

👨‍👨‍👧‍👦 JÈN ANTREPRENÈ SOLIDÈ 👨‍👨‍👧‍👦
~~~~~J.A.S~~~~~
🔆 Fonde 11 oktòb 2019

⏹️ SA W DWE KONNEN AVAN OU ENSKRI NAN J.A.S

1️⃣ Premye pwomosyon: 9 nov-14 desanm 2019: PYONYE (15 elèv)
2️⃣ Dezyèm pwomosyon:
28 desanm-9 fevriye 2020: INOVASYON (18 elèv)

🧳 MISYON NOU :
Fome jèn nan antreprenarya pou yo vin antreprenè solidè e otonom

⏭️ VIZYON NOU :
Wè jèn k ap kreye antrepriz yo pou reyalize rèv yo e enpakte lot jèn tankou yo.

💪 VALÈ NOU YO:
Solidarite, transparans, disiplin, planifikasyon,

👌 ESLOGAN NOU : Reve gran, komanse piti

🚫 REZIME EGZIJANS YO POU W ENSKRI

1. Gen yon kont pèsonèl whatsapp
2. Ranpli fomilè enskripsyon ansou entènèt
3. Peye 500 goud
- 50 goud sou kanè
- 100 goud pou J.A.S
- 150 goud pou premye sesyon an
- 200 goud frè mayo
4. Bay lèt motivasyon an
5. Voye foto idantite ou sou whatsapp J.A.S (Telefòn: 3911-2250)
6. Siyen rezime disiplin nannan premye seyans la

🔄 REZIME PRENSIP POU W BOUKLE FOMASYON AN

1. Patisipe nan 6 sesyon yo san manke youn
2. Vin bonè. Amann reta se 50 goud.
3. Peye frè chak samdi pandan 6 samdi: 150 goud
4. Fè repriz sesyon rate :1000 goud. 2 ratman egal esklizyon.
5. Fè devwa yo. Amann 25 goud chak jou
6. Fè benefis 250 goud sou devwa achte revann (pwodwi pwojè J.A.S yo)
7. Reyisi tès final la ak 60%
8. Reyalize rapò naratif sesyon an (kesyonè)
9. Bay frè 1250 goud pou kloti a

✍️ENSKRIPSYON :
10 fevriye – 1 mas 2020
Klike la👇
https://docs.google.com/…/1FAIpQLSdF-vQW_w9EU-Sh7…/viewform…
Like paj la👇
https://www.facebook.com/Jèn-Antreprenè-Solidè-Jas-102131224586181/?referrer=whatsapp
🆕SESYON TOU NÈF:
Samdi 7 mas 2020,
8 è nan maten pou -1è nan aprèmidi
---------------------------------------
 
🏬Syèj sosyal e kontak
18, ave Liancourt, Liancourt
📞 : 3911-2250/ 3127-6290 / 3747-9018
📧 : profesame@gmail.com
Paj facebook : Jèn Antreprenè Solidè-Jas

Kòman pou viv ak onètete nan yon monn k ap ankouraje koripsyon?



Premye pati

Sa fè depi plis pase senk lane, sou rezo sosyal yo, anpil moun ap pale sou siksè. Majorite ladan yo defini siksè nan lajan, popilarite ak byen materyèl. Mwayen ki pi efikas yo itilize se MOTIVASYON. Konsa, tout moun ki ka reflechi, fè lekti oswa tande lòt moun pale jwenn okazyon, gras ak Facebook ak whatsapp pou pale sou siksè, echèk, konviksyon, pou n site sa yo sèlman. Men, èske sa sifi pou fè w fè siksè? Èske w vle reyisi atoupri? Èske onètete w pa youn nan rezon ki fè w poko ka fè siksè? Konbyen tan w ka tan ankò jiskaske w jwenn sa w ap chache a? Èske li enpòtan pou w reyisi ak onètete? 

Se kesyon sa yo ki pouse m ekri atik sa a pou ou jodi a nan lide pou ede w konprann danje oswa dezagreman ki ka kanpe sou chimen siksè w. Mwen espere w pataje link la bay plizyè lòt zanmi w ki ka nan nesesite refleksyon sa a. 

KILÈ YON MOUN ONÈT? 

Yon moun onèt se lè li viv oswa mache dwat. Li fè sa lajistis oswa lamoral mande l fè san moun pa bezwen prezan. Se yon moun ki sensè, fran, enpasyal, lwayal, konsyan, entèg. Men sa kèk savan nan tan lontan te di sou mo sa a :

    1.      Gen anpil moun se lajan yo manke pou yo vin onèt. (Carlo Dossi)
    2.      Onètete pi wo pase tout lwa yo. (Ménandre)
    3.      Ou ka twonpe tout moun pandan yon tan; ou ka twonpe kèk moun tout tan; men w pa ka twonpe tout moun tout tan. (Abraham Lincoln)
    4.      Byen yon moun fè nan move kondisyon toujou bon pou yon moun. (Paul Léautaud)
    5.      Yon bon kontab se pal è w konn fè adisyon, se lè w jwenn yon bon rezilta. (Bernard Tapie)

Èske w se yon moun onèt?

ONÈTETE: KILTI OSWA AZA?

Pou kèk moun, li difisil pou w viv onèt nan monn lan parapò ak tout konpwomi, povrete, imoralite ak krim ki genyen. Pou yo, pa gen moun onèt sou tè sa a. Èske sa ta vle di menm kwayan yo pa onèt?
Gen nan kèk peyi, tankou Ayiti, depi w (se) kretyen, yo pran w otomatikman pou moun onèt. Eksperyans montre se pa sa men rezilta eksperyans yo pa vle di kretyen pa onèt. Pi gwo erè a se konfonn moun ki di yo se kretyen ak moun k ap viv lavi Kris la. Konsa, li ta plis bon pou yo wè onètete a nan kilti pase nan chans pandan w ap frekante yon moun. Trè souvan, se ou ki twonpe depi nan kòmansman men moun ki malonèt la pa t janm onèt. Aparans oswa nayivte (timoun) te fè w pran l pou bon moun men eksperyans pral montre w se pa sa. Lè konsa, li ta pi bon pou w pran leson nan nayivte w pase pou w blame moun sa a. Paske, onètete a ta kòmanse depi nan zanfans ou selon kote w leve a. Toutfwa, de ka posib : gen moun ki grandi bon kote men ki leve malonèt e lòt ki grandi move kote ki leve onèt. Kidonk, teori yo pa fyab nèt. Yon japonè te fè deklarasyon sa a: Kilti se tout sa ki rete nan moun lè li fin bliye tout bagay’’. Èske sa ta vle di timoun tèt di ka vin malonèt? N a chache konnen sa!

ONÈTETE AK KWAYANS: KILÈS KI BAY LOT?

Èske se kwayans mwen nan relijyon m nan ki fè m onèt oswa onètete m ki fè m vin kwayan? Tou de ka sa yo posib, men youn pa vle di lòt. Tankou Jida, ou ka nan tout aktivite nan asanble w la epi w pa kredib. Nou te ka di nan anpil ka, pou kèk moun, onètete se yon mirak. Toutfwa, li enpòtan pou n konnen prensip relijye, familyal oswa sosyal yo gen plis enfliyans sou moun ki onèt. Se kalite moun sa yo ki ka viv nan tout sosyete paske konsyans yo se gid yo. Yo soumèt ak sa lalwa di e natirèlman, yo sensè. Ou pa ta dwe ni pran tèt ou pou moun onèt paske w fè pati yon gwoup ki pote non onèt ni w pa ta dwe pran pèsonn pou onèt sou kèlkeswa aparans la. Gen yon otè ki te di : Menm moun onèt yo ka twonpe w, paske nan anpil ka, yo konn fayi.

KOUT JE SOU LEMONN NAN ONÈTETE

Èske jan w wè monn lan ap mache a li ankouraje moun viv onèt? Fè yon ti kout je sou rezo sosyal yo, nan zòn ou an, nan asanble w la oswa nan anviwonman w ap evolye a. Kisa w wè moun bay plis enpòtans nan eleman sa yo: lajan, moun, byen, anviwonman, timoun, tout sa ki fè moun parèt. Sa yo ka ede w detekte kèk pwen sou malonètete, sitou lakay ou. Materyalis, ki se yon konsepsyon kote se avantaj materyèl ki define lavi, se youn nan koz ki ka donnen malonètete, men se sitou pou sila yo k ap chache fè siksè nan nenpòt kondisyon. Lè konsa, anbisyon, tantasyon, jalouzi ak konkirans se sous motivasyon pou posede. Siksè w dwe chita sou atant ou, vrè bezwen w, sa ki esansyèl pou ou, sa w ka jere, sa k ap itil ou e sitou sa ki p ap fè prensip moral yo pèdi sans nan lavi w. Ou ka toujou vle vin trè popilè, rich, enfliyan. Ou pa oblije fè sa ki kwochi pou atenn objektif sa. Etidye lavi kèk ewo nan monn lan tankou Nelson Mandela, Ghandi, Tousne Louvèti ak Jezikris, sovè Bondye te voye delivre limanite a.

KILÈS KI KA VIN ONÈT?

Koulye a, annou wè si w se youn nan sa senk fraz sa yo dekri. Si w se youn, konnen ou ka vin onèt si w pa sa deja. Men pa janm bliye sa! Se pa pawòl ou oswa pozisyon w oswa sa moun panse de ou ki fè w onèt se aksyon e se plis nan absans moun pase nan prezans yo. Kifè, onètete a se yon eta ou genyen natirèlman ki fè w ou menm nan limyè kou nan fè nwa, nan bon kou nan move tan. 
     1.      Moun ki jwenn bon jan ledikasyon

Si w ( ap) leve nan yon fanmi, yon zòn, yon asanble ki bay ledikasyon valè, li posib pou w vin onèt. Men se pa san volonte w. Sa vle di, si w jwenn bon gid, bon modèl, ou dwe kopye yo, apwoche yo pou w ka aprann plis nan men yo. Pa mete nan lespri w se bon moun paske w leve bò kot bon moun. Si w pa deside vin bon, ou ka fèt e mouri anndan legliz, ou pa sove.
    
      2.      Moun ki konsyan li te malonèt

Se pa tout move moun ki te deside jan ou wè yo a. Anpil ladan yo te jwenn presyon ki te fè yo aji mal menmlè se pa t sa yo te vle. Yo jis bezwen pran konsyans de move aksyon yo pou yo ka mennen yon lòt vi. Si w ap gade sou sa w te fè ki mal, se mal k ap domine w. Sa pi mal ankò, si gen moun k ap raple w erè w san rete. Se sa ki fè, li bon pou w antoure w de moun pozitif si w vle kiltive lespri pozitif. 

      3.      Moun ki dakò soufri pou l reyisi

Reyisi pa fasil, sitou pou sila yo ki vle kontan lè yo fè siksè. Gen moun ki renmen travay, men yo pa renmen disiplin. Gen lòt ki gen talan, men ki pa dakò koreksyon. Tout sa se rezilta mank disiplin. San dout, se pou evite chemen difisil, twòp tan ki fè ou konn pa vle tann oswa soufri. Lè konsa, emosyon, twò prese konn fè w pran echèl male pou chimen pwogrè. Pou moun ki vle reyisi tout bon, soufrans se jis tan yo dwe pran pou tann rezilta k ap dire a e non rezilta tout moun vle a menmsi l ap pase kou van. Konsa tou, ou ka dakò soufri epi w echwe. Fòk ou sèten ou nan bon chemen an avan ou soufri tann ou rive.  

      4.      Moun ki wè moun avan tout bagay

Chak fwa w posede plis, toujou sonje gen pou pi piti yon moun ki pa genyen e ki pa bezwen tout sa w posede pou yo viv. Ou ka rele siksè tout sa ki fè w santi w pi bon, pi enpòtan pase tout moun, men si w reyisi pandan gen moun k ap soufri de sa w ka pataje (m pa di bay tout), mank sa a ka ajoute chagren ak perèz nan siksè w la. Se poutèt sa, li enpòtan pou w pa pase sou tèt moun pou w fè siksè nan move kondisyon. 

       5.      Moun ki te echwe

Èske w te echwe nan dènye tantativ ou pou w reyisi yon pwojè, resevwa yon kado, benefisye yon pwomès? Ou ka vin onèt si sèlman w deside vin reyalis pandan w ap aplike leson ou te aprann nan echèk ou te pran. Gen echèk fos kouch e gen echèk akouche. M rele echèk fos kouch yon defèt ki vin avan w te fè yon viktwa. Sa w t ap tann nan pa rive, ou pa jwenn sa w te bezwen an. Echèk akouche a se lè w pèdi pitit la aprè l fin fèt. Biznis ou t ap byen mache, aktivite w la te byen kòmanse men pou yo rezon m pa konnen, li kraze. Pran konsyans de tout eleman ki te mennen echèk sa yo, epi rekòmanse pi byen paske pi souvan se vyolasyon yon prensip ki lakoz ou echwe.

Nan dezyèm pati repons ak kesyon nou, nou pral wè kèk konsèy pou w kiltive onètete lakay ou, nan travay ou, nan lavi chak jou w.

Èske atik sa a te itil ou? Pataje link lan bay zanmi w pou yo ka li l tou. 


Ou ka li tèks sa yo tou:

* PLANIFIKASYON: 6 kesyon pou w planifiye e reyalize yon evenmanhttps://lestextesdejde.blogspot.com/2020/02/planifikasyon-6-kesyon-pou-w-planfiye-e.html

* Pran san w zanmi m: https://lestextesdejde.blogspot.com/2020/02/pran-san-w-zanmi-m.html

Jérome Dorsonne Emerson

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...