vendredi 3 juillet 2020

5 bagay moun ki pa t resevwa bon ledikasyon fè pi souvan

                

Mal leve pa fè timoun renmen di betiz ak fè zak delenkans sèlman. Se yon defòmasyon mantal k ap grandi nan li jis li vin granmoun. Si jenès li pase sa pa chanje, l ap difisil pou n pa di enposib.

Manke respè pou moun pa sèlman evite di betiz nan prezans li, ou dwe respekte lavi prive l tou e souvan, pito w te fè tout sa w vle ou pa t plase tèt ou kòm jij pou detèmine si li bon osinon mal. Tout moun lib, yo fè sa yo vle tout tan sa pa touche lavi prive w. 

Nan 5 bagay m pral pataje ak ou yo, ou pral teste tèt ou pou w konnen si w te resevwa bon jan ledikasyon oswa ou te byen fòme tèt ou. Pèsonèlman, m aprann anpil nan liv. Ou ka fè sa tou.

1. Pale mal san prèv 

Yon moun k ap pale mal san prèv fè dekabès nan tripotay: l ap pale mal e li pa ka jistifye sa l ap di a e menm sa li kwè a. Ou ka toujou gen yon dout men sa dwe rete la. Si w ta gen prèv, li t ap pi bon pou w rejwenn moun sa a selon relasyon li gen avè w pou w konseye l oswa ede l. Malerezman, palè mal pa renmen chanjman e li pa gen tan pou fè ankèt pou sa l di yo ka toujou parèt vre (👉Atik sou sijè sa:
https://lestextesdejde.blogspot.com/2020/07/poukisa-w-chache-konnen.html?m=1)

Se pa tout lè yon repwòch vle di yon moun mechan. Li ka fotif san rann li kont. Panse ak sa pou moun w ap pale mal la. 

Gen pawòl ki sanble verite, men verite pa sanble ak manti. Ou ka nan konfizyon men verite pa chanje. Sizoka w pa ka kanpe anfas yon moun pou w pale ak li kòmsadwa, sajès mande pou w fè silans. 

2. Detèmine siksè oswa echèk sou sa je w ba w

Souvan, se sa ki nan panse w la ki fè bouch ou di sa ki sanble verite a. Okenn moun byenelve p ap kouri jije siksè oswa echèk sou sa je l ba li. L ap konnen gen aparans ki ka twonpe. 

Toujou sonje panse w yo pa oblije [pawolize]. Pèsonn pa ka anpeche w panse men w pa otorize di tout sa w panse. Gen lojik ou kenbe pou ou, gen lòt ou pataje ak zanmi, lòt ankò ou kite lakay ou...

3. Mete plizyè moun ankonfli 

M te remake sa nan layv Fernando Estime sou Facebook ak lòt lidè sou rezo sosyal yo tankou Carel, Guy Wewe, Johnson. Sa rive nan foutbòl ak plizyè domèn kote fàn nan oswa kliyan an konpare de (2) moun epi li montre kilès ki bon ou mal. Se pa bagay nou ka evite, okontrè, yo konn bon pou benefis opozan yo. Toutfwa, moun ki kiltive atitid sa a ka mete enkoni oswa bon zanmi nan kont. Yo ka menm rive bon enmi san yo pa t deside sa avan. 

Depi w konn chak moun gen kapasite yo, ou p ap pran plezi nan mete moun an konfli.

4. Jije chwa moun fè 

Ou renmen wouj, li renmen nwa. Li gen dwa chwazi mak, koulè, gwosè, otè, kote li vle. Li bon pou w evite jije li paske si se te ou, se pa sa w t ap fè. Se nòmal. Alò, pwiske se pa ou, pa jije l. Se ak anpil sajès ou ka bay avi w sou sa yon moun fè nan ka li ta mande w. Otreman, prensip granmoun mande pou w fè silans.

5. Valorize moun sou sa yo posede

N ap viv nan yon monn kote si w gen yon gwo mak telefòn, ou pa bezwen byen abiye. Depi w gen anpil lajan, ou ka vyole disiplin jan w vle. Ou ka menm jwenn aplodisman pou sa. Tout sa yo esplike rezon ki fè byen materyèl tounen kritè pou valorize moun. 

Gen yon pawòl ki di: Leve nan yon bon fanmi se pa leve jwenn tout sa w bezwen men se leve nan prensip ak disiplin. Se sa yo ki bay respè. An reyalite, aparans oswa fè wè p ap janm fini men moun ki byen edike pa itilize yo pou bay moun valè. 

Kisa w te konn fè nan 5 bagay sa yo? 

JDE

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...