vendredi 3 juillet 2020

Kisa yon agiman ye?



Anpil zanmi ki te konn fè deba ak mwen toujou repete pawòl sa: Emerson p ap pèdi. Pou yo, nenpòt sa yo di pou konvenk mwen, m ap kontrekare l ak yon pawòl.  Men se pa t vre. Pa gen moun ki pa janm pèdi nan deba. Se pa paske li fèb, men paske gen konba ki pèdi anlagan e ou pa ka fè avoka dyab la. Verite rete verite. 

Kisa ki fè yo te toujou wè m pa vle pèdi? 

Sa pa sifi pou w jis di yon pawòl. Ou dwe gen yon lòt pawòl pou w jistifye, esplike, montre se sa l ye oswa se pa sa l ye. Se sa ki rele agiman an. Tout moun k ap ba w manti itilize omwen yon agiman, menman pou yon verite. Yon eskiz, valab ou pa, se yon agiman. Nan tou pa w, ou bezwen yon kont-agiman ki se sa w di pou montre agiman moun nan pa kenbe. Se sa ki pral mennen konviksyon oswa viktwa a. Nan koze agiman, se pa sa ki di a ki enpòtan. Ou ka di sa w vle men se sa  ou di pou ou apiye deklarasyon w lan ki pi enpòtan. 

Nou tout ap pale men nou tout pa gen bon agiman 

Lè w pa gen agiman, yon verite w ap bay ka pase pou manti. Envès la posib. Dèfwa, ou onèt men w pa gen agiman pou w jistifye sa w ap di ki fè w pa ka konvenk entèlokitè oswa oditè w la. Ou dwe chache agiman avan ou pale. Ou ka jwenn nan refleksyon, fè lekti, swiv deba, aprann tout kote an jeneral. Ide yo p ap vini pou kont yo si w pa mete tan pou w chache yo. Fè silans pa toujou bon pou w defann tèt ou. Pale ak ekri anpil pa vle di gen bon agiman nonplis. 

Ou pa dwe twò nayif 

Si w kwè fasil nan sa tout moun di, se sèten w p ap jwenn agiman. Kidonk, ou p ap janm ka defann ou e, pi mal ankò, w ap trè vyolan ak moun k ap di w verite. L ap fasil pou w pran manti pou verite oswa verite pou manti. Se pawòl moun k ap nan lespri w sèlman.

M ap kite w ak panse sa a Robert Kiyosaki te poste sou paj Facebook li: "Si w vle aprann verite, kòmanse gade opoze sa plis moun ap di ki verite a". Panse sa a ka louvri lespri w sou tout sa w pa t konprann e remete an kesyon anpil sa w te kwè. Se sa ki pral fè w ap poze kesyon pou w konnen: kisa?kilès? poukisa? kilè? kòman? ki kote ? konbyen? Sa w jwenn yo se agiman.

JDE

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...