dimanche 19 juillet 2020

Ki nati pwoblèm ou genyen an?

|LIDÈCHIP

Konnen nati pwoblèm ou genyen an enpòtan anpil nan pwosesis pou w jwenn solisyon li. Antanke lidè, ou dwe ka idantifye pwoblèm ki nan gwoup ou a oswa legliz ou a avan w panse rezoud li. Paske, gen anpil ti pwoblèm ki konn vin gwo e anpil gwo pwoblèm pase pou piti.

Yon pwoblèm ka gen 3 nati: senp, konplike e konplèks.

1. Yon pwoblèm senp

Pwoblèm ou an pa bezwen anpil moun, tan oswa lajan pou l rezoud. Depi w esplike l, li fasil pou konprann e yo ka ede w nan yon bat je.

Egzanp:

Pwoblèm: Ou grangou.
Solisyon: Yo ba w manje

2. Yon pwoblèm konplike

Problèm nan konplike oswa difisil lè solisyon li depann de plizyè moun, anpil tan oswa lajan. Toutfwa, depi tout moun yo dakò, yo ka ede w rezoud li menmsi l ap pran tan e koute.

Egzanp:

Pwoblèm: Yon pwòch ou nan prizon enfo. Ou bezwen libere l men fòk ou gen lajan ak avoka.

Solisyon: Zanmi w, fanmi w, moun ki touche de pwoblèm nan, yon avoka dakò ede w. Chak moun jwe wòl yo selon resous yo epi pwòch ou libere.

3. Yon pwoblèm konplèks

Pwoblèm sa a konplike men solisyon depann de plizyè moun ki divize sou mwayen pou rezoud li a. Yo vle sa men youn oswa yon gwoup dakò, lòt la pa dakò pou yon rezon ki ka pèsonèl, politik, relijye...

Egzanp



Pwoblèm: papa oswa manman pitit ou te kite w, li deside retounen viv nan kay la men fòk ou jwenn aval tout moun.

Solisyon difisil: Manman an dakò, papa w pa dakò paske l te frape w oswa joure w. Frè w yo pa dakò paske li pa t respekte yo men sè w yo egzije pou l marye avan l tounen. La a, pwoblèm nan konplike ki fè solisyon an konplike tou. Fòk gen anpil chita pale pou jwenn yon antant.

Eske pwoblèm ou genyen an senp, konplike oswa konplèks? Se premye sa w dwe konnen pou w jwenn solisyon li.

JDE
6 etap pou w abòde yon pwoblèm ak pozitivite

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...