dimanche 19 juillet 2020

Kisa ki ka lakoz ou fè sèks ak yon zanmi?

|EDIKASYON SEKSYÈL

Wetan yon relasyon ofisyèl, lajan ak vyòl, gen yon ansanm etap ki ka fè w tonbe ak yon moun ki pa gen yon relasyon santimantal ak ou. Se pa yon reyalite pou tout moun men se prensip ak respè ki dwe aplike.

Mwen pa bezwen mande w si sa rive w deja men m konnen depi w vivan, sa posib. Si sa pot ko rive, ou pral konnen kòman pou w evite l. Si l te rive deja, ou pral konprann li pou w ka epanye lòt moun oswa evite fè menm erè a.

1. ABITID

Ou konn pale ak moun sa a souvan swa nan zòn ou, nan kay la, nan travay la oswa sou rezo sosyal. Abitid sa a vin mete w alèz nan relasyon an jis ou ka menm jalou alòske ou pa patnè li.

2. DISPONIBLITE

Li toujou la lè w bezwen l, swa ou rele l oswa li ret prè w. Se sa ki pral fè l ap konnen anpil pwoblèm ou paske emosyonèlman, tout sa k ap pase w ou rakonte l ak moun ki prezan oswa pi ouvè pou koute w la.

3. ENKAPASITE POU REZISTE

Se pa menaj ou, fiyanse oswa konjwen ou men ou gen yon anvi w pa ka sipòte e ki fè w pa alèz. Ou jennen, w ap kalkile kisa w ta fè e ki mal k ap genyen si w fè l.

4. MINIMIZASYON

Ou di tèt ou: bon, sa pa anyen. Pou yon fwa. Nou alèz, pèsonn p ap konnen e li p ap gen konsekans sou demen. Depi w gentan pwograme lespri w konsa, tout ka posib.

Si w pase nan kat etap sa yo deja ou pa tonbe nan relasyon seksyèl ak yon zanmi w, pa kite menm premye ak dezyèm nan kòmanse rive.

Plis nou li
Plis nou konprann!

JDE

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...