vendredi 24 juillet 2020

Kisa ki fè w nan levanjil toujou?


|LEVANJIL

"Si n ap mache, se pa paske nou wè tout bagay klè, men se paske nou gen konfyans nan Kris la". (2 Korent 5.7)

Nou dekouraje souvan, nou anvi bay vag, nou vle tounen nan sistèm monn lan chak fwa nou gade sitiyasyon nou parapò ak lòt k ap viv byen e ki reyisi nan tout sa yo antreprann.

Pafwa, ou konn panse Bondye pa egziste jis ou rive doute de omnipotans li. Se nòmal, paske w ta renmen wè sa w kwè yo reyalize. Sepandan, ou bezwen konprann sans lafwa ou, wòl li jwe nan mach ou ak Kris la. Sinon, ou ka fayi.

Jan monn lan boulvèse la a, li mete tout moun nan REFLEKSYON. Kraze brize, ensekirite, grangou, pandemi, rasis, enjistis, vyòl, krim, imoralite nan tout grandè li ap vale tèren. Gen ase pou ou di ou pa kapab ankò. Men, tout tan ou nan kò sa a,  w ap toujou wè bagay yo konsa e Bondye konprann enkyetid ou, panik ou, dout ou. Dayè, pawòl li yo te ekri nan Bib la non sèlman pou anonse nou sa k ap rive nan dènye tan yo, men pou rekonfòte nou, gide nou e ogmante konfyans nou nan li.

Alò, si w wè bagay yo pa klè pou ou, se pa paske Jezi lage ou, okontrè, rete ou sou wout la malgre tout touman yo vle di ou gen konfyans nan li. Si w nan levanjil toujou, ou nan legliz toujou, w ap sèvi Bondye toujou andepi tout bagay, se pa dout pou w genyen. Pito, estime ou se yon moun ki gen konfyans k ap pèsevere.

Si w te wè tout bagay klè, li posib pou w te neglije sa ki pi enpòtan yo men boulvès yo fòme karaktè w e y ap prepare w pou fè fas ak tout obstak. Ke ou mouri oswa ou viv, tout se pou glwa Senyè a.

Rete nan levanjil!

Jérôme Dorsonne Emerson

2 commentaires:

  1. M renmen atik la, mw felisite w pou bèl travay sa a ke ou ap efektye a, sepandan jèn kounya pa.renmen fè lekti ankò, vwa pou yo ta li Bib yo, Koman nou te ka ede yo pa abandone pawòl Bondye a?

    RépondreEffacer
    Réponses
    1. Mèsi zanmi lektè. Nou di Bondye mèsi pou sa. Yo pa renmen li vre men n ap fè efò kontinye.

      Effacer

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...