vendredi 24 juillet 2020

Pa minimize sa w ap fè ak tout kè w

| MOTIVASYON


Sa w ap fè a ka piti. Li ka tèlman piti menm zanmi w, moun ki nan antouraj ou pa ba li enpòtans. E sa sèlman sifi pou demotive w. Men si w kontinye fè l byen, ak tout kè w, ak pasyon e pou byen tout moun, yon jou w ap wè rezilta a. Pa fè l pou w jwenn bravo, men pou w itil.

Alò, si w te santi w dekouraje paske w t ap fè yon bagay ki parèt piti, m vin di w jodi a : Pa panse konsa ankò"! Poukisa?

- paske se piti ki mennen gwo
- paske tout sa ki piti ka grandi
- paske kòmanse vo plis pase tann
- paske siksè se rezilta pwogrè

Kidonk, ou gen pou w vin gran nan sa w ap fè a si w kontinye fè l ak lanmou e pou byen tout moun.

Pa dekouraje!

JDE

2 commentaires:

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...