jeudi 9 juillet 2020

Kisa w bezwen? Kisa w ka bay?


|SOSYETE 

Paul Claudel, poèt, dramatij e diplomat fransè (1868-1956), te di konsa: "Gen yon tan pou w pran e yon tan pou w kite yo pran". Ta sanble gen moun k ap chache sèlman men ki pa janm vle kite pèsonn pran nan sa l jwenn. Sa rele egoyis. 

Bò kote Filozòf la, nou jwenn pawòl sa a :"Tout moun fèt pou yo manje, pou yo bwè, pou yo jwi sa travay yo rapòte yo. Sa se kado Bondye ba yo." (Eklezyas 3.13) Alò, reflechi byen, èske w t ap jwenn si pèsonn pa t genyen? Pouki w pa vle bay lè w genyen? 

Èske w konnen anpil fwa ou pa jwenn se paske w pa bay? Akoz w ap plenyen, ou pa ka wè valè w, enpòtans ou ak kapasite w. Sa fè w panse se moun ki dwe ba w sèlman pandan ou ka jwenn si w bay nan sa w genyen.

Pa gen moun ki pa genyen pou l bay. Si w panse w pa gen pou w bay, konnen ou egoyis. Kou di Lucien Guitry, yon komedyen fransè (1860-1925), "egoyis la se moun ki pa anplwaye tout minit nan lavi l pou l asire bonè tout lòt egoyis yo". Sa vle di, egoyis pa viv ere e se konsa li kontribye nan malere tout lòt egoyis. 

Alò, chak fwa w panse se ou sèlman ki bezwen, ou inyore tout moun ki bezwen sa w genyen. Ebyen, si w pa vle bay, gen sa w p ap janm jwenn. Alò, lisa w bezwen? Kisa w ka bay?

JDE

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...