jeudi 9 juillet 2020

Chanjman se rezilta pwogrè pozitif e endividyèl

| DEVLOPMAN KOMINOTÈ

Plis n ap meprize sa yon moun ap fè ki pozitif se plis n ap rann pwosesis pou chanjman an difisil. 

Pa ka gen yon chanjman reyèl nan kominote w la si tout abitan yo p ap fè pwogrè nan nivo pa yo nan sa y ap fè ki bon. Machann sosis la, dlo a ak bwason gazez la bezwen sipò w pou l ka pwogrese. Plis li vann, se plis gwo antrepriz yo ap vann e se plis opòtinite k ap kreye pou kad yo jwenn anplwa, tankou ekonomis, administratè, kontab, sekretè, elatriye. 

Motivasyon nou plis fè santi nou vle chanjman pou nou sèlman. Anbisyon nou montre sa. Nou tout vle gen machin malgre pa gen bon wout. Nou tout vle gen lajan malgre ensekirite. Pouki nou pa rezoud pwoblèm wout ak ensekirite avan nou gen machin ak lajan? Lè konsa, nou tout t ap viv byen. 

Direktè lekòl yo dwe ankouraje pwofesè yo, pwofesè yo dwe ankouraje paran yo, paran yo dwe ankouraje machann yo. Se konsa, tout moun ap pwogrese e tout moun ap benefisye paske tout sa k ap fèt byen nan kominote w la se pou tout moun. Si gen yon vwazen w ki gen machin, li bon pou ou. Ou ka gen ijans, se li ki sove w. Men, si w pa vle wè l ap pwogrese, ou p ap pwogrese tou. 

Nou tout pa gen menm rèv, se vre. Men si nou youn pa vle sipòte lòt nan sa l ap fè p ap gen pwogrè pou ka gen chanjman reyèl. Pou rezilta, sa nou vle yo p ap janm reyalize anplen. 

JDE

2 commentaires:

  1. Souvan nou gen kek proje ke n paka reyalize tou sel, men se nan pataje ide ak lot moun epi konsa n ka rive abouti ak proje yo...

    RépondreEffacer

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...