lundi 27 juillet 2020

Siksè mande yon objektif klè

|MOTIVASYON POU JOUNEN AN


Se pa reyisi ki difisil nan lavi, se genyen yon objektif klè ki difisil la. Paske, tout sa w panse ki ka rive ap rive men fòk li ka rive.

Egzanp, si objektif ou se vin medsen, avoka, chantè e mekanisyen, yo pa klè. Pa gen twòp lyen ant okipasyon sa yo ki pral fè w p ap ka reyalize yo. E menmsi w ta vin tout, ou p ap ka fè tout.

Objektif ou a klè lè w pran san w pou w mete yon bi devan w pou w atenn. Ou gen tan pou li, ou pasyone de li, w ap panse sou li, ou fè tout sakrifis pou l reyalize. Ou dwe gen estabilite ladan tou.

Li pa pwoblèm si w ap fè lòt aktivite sou kote men objektif prensipal la gen priyorite. Egzanp, ou ka ap etidye dwa epi w gen yon ti biznis k ap mache. Aktivite sa a se pou w fè kòb. Li p ap nwi w nan etid ou.

Evite gen twòp pwojè ki mande yo tout tan w. Se sa ki pral anpeche w efikas paske jounen an gen 24è ladan e chak jou k ap pase ide yo ak sitiyasyon yo ap chanje. Tout sa gen enpak sou objektif ou a.

Fikse yon objektif senp, klè e adapte ak ou menm. Travay, panse e bay tan w pou li. Ou dwe reyisi ladan.

JDE

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...