vendredi 10 juin 2016

Gen moun ki pa ka fè diferans ant...

Gen moun ki pa ka fè diferans ant lwazi ak travay. Banm di'w tikras nan sa m konnen e panse.
Lwazi se yon tan ki disponib andeyò travay ou alòske travay se lè w itilize yon tan byen defini ou pa pou w fè yon bagay.
Nan sans sa a, ou ka ap travay ak lwazi ou san lwazi. Lwazi yo ka diferan pou chak moun, menm jan ak travay la tou. Gen moun lwazi yo se lekti, mizik, fim Facebook, whatsapp, foutbòl, plaj, jwe kat elatriye.
Tout moun gen dwa pa gen menm travay men yo gen menm lwazi. Sa ka rive yo pa jwi l menm jan, men tout tan w genyen andeyò travay ou se yon lwazi.
Gen moun ki pa gen lwazi, yo travay di, lajounen kou lannwit pou fè kòb, swa pou yo mete yon kote swa pou yo pran swen fanmi yo. Moun sa yo toujou peye sa nan granmoun yo. Yo soufri anpil maladi, sitou estrès e yo konn menm rive depanse tout kòb yo tap sere. Poutan yo te ka evite sa si yo te bay tèt yo lwazi.
Remy de Gourmont te di:" Le loisir, voilà la plus grande joie et la plus belle conquête de l'homme". Yon lòt pansè te di:" Un jour de loisir, c'est un jour d'immortalité." Finalman, Jean Cocteau te reyalize ke :"De temps en temps, il faut se reposer de ne rien faire". Tout sitasyon sa yo fèn wè enpòtans lwazi, men sa pap anpeche anpil moun kontinye travay.
Koulye a, mwen ta renmen bò w yon ti konsèy sou travay ak lwazi. Tande wi mezanmi.
Gen moun ki pran plezi nan fè lwazi yon moun tounen travay pou li. Hum! Sa di, sa yon moun ap fè pou l jis relakse li, gen moun ki pran l fè pale anpil jis yo jije moun nan sou sa. Pandan moun sa retounen travay, moun kap jije l yo ap travay tou, men se lwazi yon lòt ki okipasyon yo.
Pafwa, gen moun ki fè lwazi pa l tounen yon travay. Li ka bon si l gen yon objektif men li ka yon danje si se jis pou viv. Pa egzanp, gen moun ki jwe foutbòl sèlman pandanke li pa ka fè pati yon ekip pou l ta rive reyisi. Yo rele sa :"jwe pou jwe". Ak menm lwazi sa a, gen lòt moun ki vin milyonè: Messi, Ronaldo. Epi w wè gen moun kap kite travay yo e menm rate gwo randevou poutèt sa.
Lè yon aktè fin monte yon fim oubyen yon seri epi w pase tout tan wap gade l pandan ke w te ka al fè yon travay, ou genlè panse aktè a nan televizyon an?😃 Non, li lakay li lap bwè kòb. Ou menm wap pèdi tanw. Mwen pa diw pa ka gadel non, paske mwen m gade l tou men li se yon lwazi.
Kite m fini non, pakse m konnen w pral travay oubyen ou pral pran yon lwazi.
Pa bliye!
Travay lè w dwe travay
Pran poz lè w dwe pran poz
Men pa bliye konvèti paske kit travay ki lwazi, lanmò pa konn pè pap.
JDE

Gen plizyè moun kap swiv ou

Gen plizyè moun kap swiv ou, kit sou rezo sosyal yo kit nan vrè vi a. Se ka lekòl la, nan inivèsite a, lakay ou, nan legliz la, nan travay la, nan mache a e menm nan jaden an.
Gen moun kap tann ou tonbe pou griyen dan sou ou. Toutotan wap mache dwat, sa ba yo pwoblèm paske atant yo pa konble. Se jan de moun sa yo ki kouri kwè nan fo nouvèl yo bay sou ou. Menmsi w wè l tris, li kontan.
Gen moun kap tann ou echwe nan etid ou, nan fwaye ou oubyen nan biznis ou. Yo pa konn sakrifis wap fè, yo inyore imilyasyon ak desepsyon wap pran. Defwa, si yo te konn manje wap manje yo te ka wè w mal. Yo pa konn kòman rad ou lave ni kòman w fè pou achte pwodwi ki pi nesesè yo.
Gen moun kap tann ou di yon betiz, li te mèt se nan jwèt, pou yo pwofite di w tout sa ki te nan kè yo. Wa sezi paske w pa tap janm panse si se ta entèl ki ta di w sa. Toutotan sa bon, lap difisil pou w dekouvri vrè zanmi w, paske se nan malè ou konnen moun ki renmen w tout bon vre.
Gen moun kap swiv ou paske w se yon modèl pou li. Pawòl ou se gid pou li. Tout saw dakò, li dakòl. Li konn menm pran w pou yon dye pou tèlman li fè w konfyans. Malerezman, ou se lòm, yon jou kanmenm wap fè yon fo pa, men pa pèdi espwa paske moun ki renmen w tout bon an, pap pwofite yon okazyon dezagreyab pou abandone w.
Gen moun ki avè w toutotan ou byen aji avè l. Ou se pi gwo patwon, li rele w bòs, direktè, patnè pam, zanmim, bro m, zokòt mwen. Ey! Pa panse sa sifi pou montre ke w fin rive. Sa se aparans. Tann lè eskandal la pete wa banm nouvèl.
Gen moun ki pa dakò w korije l, ni blame l lè l fe erè. Li ta toujou bezwen pou w bat bravo pou tout sa l fè. Wa sezi tande gwo mo lap di w, lè w rale zòrèy li.
Mwen diw tout sa paske m konnen lavi a se yon lekòl. Nou tout se elèv men n pa nan menm klas. Nou pa gen menm kapasite pou sipote e reyaji. Gen nan nou ki emsosyonèl, vyolan, dou, neglijan, parese, pasyan.... men sa pap anpeche n viv ansanm.
Lè move moman yo rive nan viw, pa bliye tout kalite moun sa yo kap swiv ou.
Pare kòw pou w tande,
Pare kòw pou w gade
Pare kòw pou w swiv
Pare kòw pou sipòte.
Pran sanw paske gen moun kap swiv ou. Sa k pa pale yo pi plis pase sa kap pale yo

Pa mande Bondye...

Pa mande Bondye pou l delivre w de enmiw, paske toutotan ou nan vi sa a, wap gen enmi. Epi bon moun pa vle di yo pa ka rayiw. Dayè, bib la klè sou sa, nan dènye jou yo, moun pap renmen moun kap fè byen, ya pito plezi pase Bondye (2 Timote 3.1-5). Si w pa vle gen enmi, se kòmsi w te mande Bondye retire w nan mond sa.
Sitou si ou se kretyen, ou pa bezwen fè mal pou w gen enmi. An lagan, depi jou ou deside sèvi Bondye a ou enmi satan ak tout akolit li yo. Nan kay wap viv la, trè souvan, menm frè ak sè kont ou san w pa fè anyen ki mal. Jezi te di sa wi, kretyen yo ap gen pou enmi pwop fanmi yo (Matye 10.36).
Yon moun ka enmiw pou plizyè rezon: pansew, aksyon w ki diferan de li, benediksyon w, repitasyon w, pasyans ou, bonte ou, pridans ou, seryozite w...
Depi w anpeche yon moun fè sa l renmen, enmi! Ou di yon verite ki blese l, enmi. Ou blame l pou sa l k fè ki pa bon, enmi. Ou pa vle prete l kòb, enmi! Wap mache sou 13 ou pou w pa pile 14 li, enmi. Menm anndan legliz, kretyen ki nan menm gwoup avèw make w enmi jis pakse w pa pataje menm lide avè l oubyen w konn preche oswa chante pase l.
Ou wè si Bondye ta gen pou l delivre w de enmi w, se pa 1,2,3 moun ki tap mouri. Alò, mwen ankouraje w mande Bondye fòs pou w viv ak enmi w. Mande l pou l aprann ou renmen enmi w, se sa li te di nan Matye 5.43-48.
Ki benediksyon ki genyen lè w renmen sèlman moun ki renmen w? Moun kap mechanste renmen moun kap fè mechanste. Vagabon renmen vagabon parèy li, egri renmen egri parèy li. Bon, ki diferans ki tap genyen si se moun ki renmen w ou renmen?
Vrè renmen an se lè w ka sipòte yon moun ki fèw mal, lè w priye pou moun kap pèsekite w, lè w pa kenbe moun ki kont ou nan kè w, lè w pa rann mal pou mal. Lè w pa chache okenn rezon pou w jistifye yon pwoblèm ki pa egziste.
Yon enmi ka plis fè w fè efò e siveye kote wap met pye w. Yon enmi ka fè w fè siksè paske wap konnen gen moun ki kont ou ki pap pran nenpòt bagay nan menw. Wa konnen pouw manyè ret lakay ou depi l fè nwa. Konsa, lè zen pete, lapolis pase, boutèy voye, zam tire, yo pa p site non w. Wa sispann chita ak zanmi pouw ap kale do sila ki pi bon pase w. Wa sispann pale nan zafè moun pou vye regleman pa fèw dezagreman.
M fini wi. Men pa di m pat di w sa.
JDE
M'ap viv, map swiv!

Ou pa bezwen bay tet ou...

Ou pa bezwen bay tèt ou pwoblèm zanmi'm. Moun ki konnen konnen deja kilès ou ye. Ou ka fè tout sa k posib pouw montre w pa moun ou ye a, men alafen, lanati ap devwale w kanmenm si w pa deside chanje fizi w zepòl.
Se paske w se sa ki fè w gen pwoblèm lè yo pale w de sa. Se paske w konn sa ki fè fache lè yo di w sa. Sa pou w fè a, ou byen konnen l, C H A N J E. 6 grenn timo ki ka fèw vin yon lòt moun nan sosyete a, nan fanmi w, nan legliz la, nan mache a, nan travay la.
Wap chache bay moun pote chay ou pandanke w konnen se ou ki antò. Wap rele pasi pala, fè priye pou ou, ba w vèy de nwi, jene epi w konnen byen se ou ki te pèdi wòl ou. Ou byen konnen pwoblèm kote l chita, epi w ap fè moun fè kòve.
Pa chache defann ou paske santans ou ka agrave, soufrans ou ka pi long. Si sa yo di w fè a ou pa fè l, ret an silans, se lè sa a Exode 14.14 la ap aplike nan lavi w.
Bondye pa konn defann koupab ki pa rekonèt erè li. David te rekonèt peche li, pwofèt Natan te di l: ou pap mouri. Men David pat epanye anba tout konsekans yo. Pitit Batcheba a te mouri, Wayom nan te divize, Amnon kouche ak demi sè li Tama. Tout sa se konsekans peche.
Pa gen anyen kap pase nan viw ki se aza.
Swa satan ap tante w
Swa wap peye yon konsekans
Swa Bondye ap epwouve w.
M fini wi.
JDE
M'ap viv, m'ap swiv.

Bib ka pat janm di nou...



Bib la pat janm di nou demen ap pi bèl nan mond sa a. Li pat janm di kretyen yo tap viv alèz nan yon mond kote se moun kap fè mal ki pi popilè. Se sa ki fè, pandan wap kritike moun kap fè mal, ou bezen veye kòw pou w pa tonbe nan menm penpenp la.
Defwa, wap kritike moun kap fè abi epi se sa wap fè tou. Li vin pi fasil pou moun wè sa lòt ap fè ke sa lap fè. Jezi te di retire boit bwa ki nan jew la, konsa wa konnen koman pouw ede lòt la retire pal la.
Sa di, pandan wap denonse, wap devwale, wap di verite, fòw pa bliye bout bwa ki nan jew la. Se sa nou chak dwe fè chak fwa nou santi nou ta pale yon lòt mal. Sa ap ede mwen menm avè w korije tèt nou poun ka vin yon modèl pou sila yo ki pèdi nan inyorans ak imoralite.
Nou pap janm fin bon a 100% men nou dwe fè efò tout tan pou n ka amelore fason nap viv nan sosyete a, nan legliz la, nan travay la, nan lekòl la... Ann pa pran woulib sou pawòl ki di:"Lòm ka fè erè " pou n ap kontinye mache kochi nan vi kretyèn nou. Gen bagay pou n kite rapid, gen lòt nap kite detanzantan, e gen lòt kap soti sèlman si nou gen volonte e pran konsyans.
Ou pa ka kretyen epi se tren mond sa a ki modèl ou, bousòl ou, mobil ou. Kretyen yo aple pou yo mache nan limyè a ki se Verite a, (Efezyen 5.8-9). Si w santi lemond ap rale w toujou, se paske w poko fin soude nan levanjil. Si wap flote jis ou rive tounen nan labou peche ankò, se paske w pat sou levanjil vre.
Resezi w.
Repanse lavi w nan levanjil.
Jan David te di l la:" Gade wè si m sou yon move chemen. Mennen m sou chemen ki la pou tout tan an."(Som 139.24)
Moyiz bò pa li, te di:"Moutre nou pou nou pa bliye jan lavi nou kout, pou nou kapab chache konprann tout bagay".(Som 90.12)
Si w nan konfizyon, Bondye pa responsab.
JDE
Map viv, map swiv.

Je ne suis pas, mais

Je ne suis pas un journaliste mais sans moi et tous les problèmes qui me concernent, il n'y aura pas de nouvelles.
Je ne suis pas un médecin mais si je ne tombe pas malade les médecins ne pourront pas travailler.
Je ne suis pas un candidat mais sans mon vote, il n'y aura pas d'élection.
Je ne suis pas un politicien mais toutes les promesses des politiciens se reposent sur moi.
Je ne suis pas un musicien ni un chanteur mais c'est moi qui dois acheter un album pour écouter les musiques d'un artiste.
Que sais-je du montage des projets? Rien, mais le budget me concerne.
Je ne suis pas un homme riche, mais ma pauvreté enrichit les hommes d'affaires.
Je ne suis pas Jésus, le sauveur du monde, mais il a été crucifié pour me sauver.
Je ne suis pas Dieu, mais il m'a créé pour l'adorer.
Tu peux dire tout ce que tu veux pour me rabaisser, je serai toujours important, même lorsque je meurs car sans moi, les morgues n'ont pas leur raison d'être et les cimetières n'existeraient pas.
Jérôme Dorsonne Emerson
03 juin 2016

Pwoblem nou nan men nou...

Pwoblèm nou nan men nou, solisyon nou nan men nou. Si nap soufri, se nou ki lakoz. Sin pa ko delivre, nou ki pa vle.
Le w ka pale ou pa pale, yon bèbè pi enpòtan pasew. Lè w ka gade pou w wè epi w fè kòmsi w pa wè, yon avèg pi enpòtan pase w.
Pwoblèm nou nan men nou, solisyon nou nan men nou.
Yon pwoblèm ki pa gen solisyon, se yon pwoblèm ki pa byen poze. Depi l byen poze, li pa ka pa gen solisyon. Kòman n poze pwoblèm lakay?
Nou tout panse nou gen solisyon an. Men se vre, nou tout gen solisyon an men konbyen fwa ou wè plizyè elèv sou yon sèl tablo ak yon sèl baton krè ap rezoud yon pwoblèm? Jamè!
Pwoblèm nou nan men nou, solisyon nou nan men nou.
Gen moun ki pito pwoblèm, paske se nan fè pase tan li jwenn solisyon pou pwoblèm pal. Gen lòt moun ki gen solisyon an men sil rezoud pwoblèm nan, pwoblèm pa l pap ka rezoud.
Si w deside rezoud yon pwoblèm, wap jwenn ak sila ki kont rezoud li a. Si w ta vle ede sila ki bezwen pwoblèm nan rezoud la, l'ap panse se solisyon an ou bezwen pwofite. Poutet sa, li sere fòmil ki pi enpòtan an.
Pwoblèm nou nan men nou, solisyon nou nan men nou.
JDE
Map viv, map swiv

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...