vendredi 10 juin 2016

Pa mande Bondye...

Pa mande Bondye pou l delivre w de enmiw, paske toutotan ou nan vi sa a, wap gen enmi. Epi bon moun pa vle di yo pa ka rayiw. Dayè, bib la klè sou sa, nan dènye jou yo, moun pap renmen moun kap fè byen, ya pito plezi pase Bondye (2 Timote 3.1-5). Si w pa vle gen enmi, se kòmsi w te mande Bondye retire w nan mond sa.
Sitou si ou se kretyen, ou pa bezwen fè mal pou w gen enmi. An lagan, depi jou ou deside sèvi Bondye a ou enmi satan ak tout akolit li yo. Nan kay wap viv la, trè souvan, menm frè ak sè kont ou san w pa fè anyen ki mal. Jezi te di sa wi, kretyen yo ap gen pou enmi pwop fanmi yo (Matye 10.36).
Yon moun ka enmiw pou plizyè rezon: pansew, aksyon w ki diferan de li, benediksyon w, repitasyon w, pasyans ou, bonte ou, pridans ou, seryozite w...
Depi w anpeche yon moun fè sa l renmen, enmi! Ou di yon verite ki blese l, enmi. Ou blame l pou sa l k fè ki pa bon, enmi. Ou pa vle prete l kòb, enmi! Wap mache sou 13 ou pou w pa pile 14 li, enmi. Menm anndan legliz, kretyen ki nan menm gwoup avèw make w enmi jis pakse w pa pataje menm lide avè l oubyen w konn preche oswa chante pase l.
Ou wè si Bondye ta gen pou l delivre w de enmi w, se pa 1,2,3 moun ki tap mouri. Alò, mwen ankouraje w mande Bondye fòs pou w viv ak enmi w. Mande l pou l aprann ou renmen enmi w, se sa li te di nan Matye 5.43-48.
Ki benediksyon ki genyen lè w renmen sèlman moun ki renmen w? Moun kap mechanste renmen moun kap fè mechanste. Vagabon renmen vagabon parèy li, egri renmen egri parèy li. Bon, ki diferans ki tap genyen si se moun ki renmen w ou renmen?
Vrè renmen an se lè w ka sipòte yon moun ki fèw mal, lè w priye pou moun kap pèsekite w, lè w pa kenbe moun ki kont ou nan kè w, lè w pa rann mal pou mal. Lè w pa chache okenn rezon pou w jistifye yon pwoblèm ki pa egziste.
Yon enmi ka plis fè w fè efò e siveye kote wap met pye w. Yon enmi ka fè w fè siksè paske wap konnen gen moun ki kont ou ki pap pran nenpòt bagay nan menw. Wa konnen pouw manyè ret lakay ou depi l fè nwa. Konsa, lè zen pete, lapolis pase, boutèy voye, zam tire, yo pa p site non w. Wa sispann chita ak zanmi pouw ap kale do sila ki pi bon pase w. Wa sispann pale nan zafè moun pou vye regleman pa fèw dezagreman.
M fini wi. Men pa di m pat di w sa.
JDE
M'ap viv, map swiv!

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...