vendredi 10 juin 2016

Lontan, nou te bezwen achte yon...

Lontan, nou te bezwen achete yon revèy oubyen yon mont pou n gade lè, telefon nan di sa fini.
Lontan, nou te bezwen gen yon flach pou n achte pil mete, yon radyo pou n tande mizik ak nouvèl, telefon di sa se bagay pase.
Lontan, nou te bezwen achte yon bib, yon chan Desperans ak yon diksyonè, a! Telefòn di mwen gen tout sa disponib.
Nan tan lontan, nou te bezwen yon ti kanè ak yon plim oubyen yon kreyon pou n ekri nimewo telefòn oubyen yon ti nòt, bòs telefòn antre sa.
Pa twò lontan, pou n te navige sou entènèt, nou te bezwen 25 goud pou 30 minit. Ak telefòn koulye a se 9 goud pou 24è.
M sonje lontan, se pa ti mizè w konn pase pou w jwenn nimewo telefòn moun ki nan peyi letranje pou pale ak yo. O O, telefòn nan retire sa. Depi w sou gwoup whatsapp, yap jwenn ou.
M manke bliye lontan pou lè nèg te bezwen fè bèl pòz foto, ou te antre nan yon estidyo. Koze maryaj, kominyon, gradyasyon, antèman elatriye, se kameraman ki te konn fè sa. Ak telefòn, tout moun se kameraman ak videograf.
Lontan wi, m! Fow te branche radyo oubyen li jounal oubyen wale sou Google sou laptop pou w chache enfo. Eeey, koulye a tèlman gen jounafòn, pafwa ou pa konn ki enfomasyon ki vrè ki sa ki fo.
Bon, m raple m lontan, moun te konn respekte moun anpil, sitou moun ou pa konnen. Koulye a ak telefòn, depi yon paj nouvèl pataje yon atik, yo pa menm bezwen li atik la pou yo sal non moun sa.
Awi, sa fè lontan, pou w te gen kominikasyon ak yon moun ki jis Lachin epi preche l levanjil, fow ta gen anpil kòb, ebyen telefòn pèmèt kretyen monte sou rezo sosyal yo pou fè tout moun konnen Jezi ap retounen.
Pa bliye teknoloji jwe yon gwo wòl nan sa ki gen pou rive nan dènye moman yo. Sa a se twòkèt la, chay la dèyè. Pa di w pat konnen.
JDE
Map viv, map swiv

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...