vendredi 10 juin 2016

Jou pa w la gen pou l rive...

Jou pa w la gen pou l rive kanmenm. Si ou wè moun pa okipe w nan sa wap fè ki pozitif, ou pa bewen dekouraje paske lavi a gen eprèv.
Pa rayi pèsonn ki rive e ki pa vle lonje men baw. Li te pase move moman tou, ou pa ka gen pwoblèm avè l. Paske menm Bondye ki te pemet li rive a, ka pèmè ou rive tou.
Anpil fwa, nou bay moun responsab echek nou komsi se yo ki se ponyet nou, je nou, men nou ak sèvo nou. Depi w te jwenn chans vin sou latè, ou ka vin yon moun enpòtan pou fanmi w, sosyete a, legliz e pou tout lemond.
Kite van lespwa a pouse w
Pa kite vag lavi a detounen w
Pa kite kritik degatif dekouraje w
Map fini pou m.di w ke menm moun ki pa vle wè w ap itil lè w reyisi paske fok toujou gen yon Sentoma ak yon farizyen pou leve non Bondye anlè lè w reyalize objektif ou.
Fok gen moun ki pou sezi
Fok gen moun ki pou rejwi
Fok gen moun ki pou di se pa vre
E fok gen moun ki pou kontinye kritike w
Pou w pa pansew fin bon
Paske, pou mwen menm, reyisit se yon lòt vi ki kòmanse apati moman ou santi tout bagay ap byen mache.
Se lè sa a pou w siveye tout po fig, fo zanmi kap bow konsey pou w tonbe nan eskandal.
Lew reyisi, ou pa konpòtew tankou wa, mem tankou yon sèvitè
Fow pi saj paske tout saw di ap gen enpotans nan je moun
Lèw fè yon betiz, menm moun fou ap blamew
Pa janm bliye w pa pi wo lalwa, sinon ou ka fini pi mal pase yon vagabon
Pa janm sispann mande padon pou saw fè mal e aksepte eskiz moun ki fèw mal.
Bon, m fini😁
JDE

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...