vendredi 10 juin 2016

Depiw nan yo di,,,

Yo di
Depi w nan yo di, li fasil pou w nan bay manti e menm defann ledyab. Banm bow kek siyifikasyon de "yo di".
Wap sipòte rapòtè
Yo di a kòmanse apati de yon moun ki vin diw "yo di". Se depi la a pou w tou retire l. Fè moun sa a diw egzakteman kilès ki di a. Si li pa kapab, pa tande l oubyen kite sal di a la, pa ale lwen avèl paske li menm li pa gen yon prèv, kòman w pral fè gen youn? Si w ta renmen konnen sa l di a se verite, mande lòt moun jiskaske w jwenn yon prèv. Se pa paske tout moun ap di yon bagay pou w panse l se verite. Move nouvèl ak manti se bagay ki pataje rapid nan yon tibout jounen, sitou ak koze rezo sosyal sa yo. Lè wap di sa moun ap di san yo pa konnen ou patisipe nan voye monte a tou.
Ou pa gen agiman
Yo di se youn nan prèv ke w pa gen agiman pouw pwouve sa wap di a. Moun kap tande w la bezwen konnen, konprann, kwè e aji selon sa wap di a. Ou dwe gen agiman pouw montre l otantisite sa w ap pataje avel la. Sinon, sa montre menm ou menm ou pa fin sèten de sa.
Ou pa konn reflechi
Lè yon moun di w yo di, epi w ap di l tou, sa pwouve ke w pa konn reflechi. Gen de bagay moun di ou ka kwè rapid men gen lòt bagay, se refleksyon ki pou w fèw kwè. E fow pa reflechi yon fason timoun pouw pa montre febles ou.
Anpil fwa tou, gen moun ki itilize "yo di" pou kreye pwòp enfòmasyon pa yo paske yo konnen "yo" pa yon moun. Ou pap janm konnen l. Depi se sou "yo" yon moun lage sa li tande, panse e kwè de ou, ou nan pwoblèm.
Gen moun ki rayi moun nan yo di. Gen moun ki tiye moun nan yo di. Gen mari ki divòse nan yo di. Gen gwo divizyon ki fèt nan yo di. Gen dout moun genyen jis li al anba tè nan yo di.
Ou pa ka yon lidè, yon pèsonaj piblik, yon politisyen, yon pwofesyonèl, yon kretyen serye, yon jounalis pouw ap jije, sanksyone e menm kondane moun sou sa yo di.
Chache konnen avan, paske gen moun se konsa sèlman yo ka konbat yon moun yo rayi, yo ta vle echwe. Li gentan konnen depi l lage yon fo enfomasyon, gen moun ki pral fè l mache pou li. Antouka, si anpil moun ap fè sa, se pa yon rezon pou w fè l tou.
Bouch ou reprezante w kote w pase. Non ou se mak pesonalite w. Le anpil moun konnen w, pawòl ou gen anpil enpòtans. Menm blag ou fè tout moun ri. Se konsa tou tout saw di, yo ka kwè l. Men si yo dekouvri w nan rapòte sa yo di san prèv, ou pèdi konfyans yo te met nan ou a.
Nan sans sa a, ou menm ki konprann sa pa ka kontinye ap fè pase sa yo di sanw pa reflechi epi chache konnen.
JDE

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...