jeudi 27 février 2020

Twazyèm gwoup J.A.S la ap komanse 7 mas, èske w gentan enskri?

👨‍👨‍👧‍👦 JÈN ANTREPRENÈ SOLIDÈ 👨‍👨‍👧‍👦
~~~~~J.A.S~~~~~
🔆 Fonde 11 oktòb 2019

⏹️ SA W DWE KONNEN AVAN OU ENSKRI NAN J.A.S

1️⃣ Premye pwomosyon: 9 nov-14 desanm 2019: PYONYE (15 elèv)
2️⃣ Dezyèm pwomosyon:
28 desanm-9 fevriye 2020: INOVASYON (18 elèv)

🧳 MISYON NOU :
Fome jèn nan antreprenarya pou yo vin antreprenè solidè e otonom

⏭️ VIZYON NOU :
Wè jèn k ap kreye antrepriz yo pou reyalize rèv yo e enpakte lot jèn tankou yo.

💪 VALÈ NOU YO:
Solidarite, transparans, disiplin, planifikasyon,

👌 ESLOGAN NOU : Reve gran, komanse piti

🚫 REZIME EGZIJANS YO POU W ENSKRI

1. Gen yon kont pèsonèl whatsapp
2. Ranpli fomilè enskripsyon ansou entènèt
3. Peye 500 goud
- 50 goud sou kanè
- 100 goud pou J.A.S
- 150 goud pou premye sesyon an
- 200 goud frè mayo
4. Bay lèt motivasyon an
5. Voye foto idantite ou sou whatsapp J.A.S (Telefòn: 3911-2250)
6. Siyen rezime disiplin nannan premye seyans la

🔄 REZIME PRENSIP POU W BOUKLE FOMASYON AN

1. Patisipe nan 6 sesyon yo san manke youn
2. Vin bonè. Amann reta se 50 goud.
3. Peye frè chak samdi pandan 6 samdi: 150 goud
4. Fè repriz sesyon rate :1000 goud. 2 ratman egal esklizyon.
5. Fè devwa yo. Amann 25 goud chak jou
6. Fè benefis 250 goud sou devwa achte revann (pwodwi pwojè J.A.S yo)
7. Reyisi tès final la ak 60%
8. Reyalize rapò naratif sesyon an (kesyonè)
9. Bay frè 1250 goud pou kloti a

✍️ENSKRIPSYON :
10 fevriye – 1 mas 2020
Klike la👇
https://docs.google.com/…/1FAIpQLSdF-vQW_w9EU-Sh7…/viewform…
Like paj la👇
https://www.facebook.com/Jèn-Antreprenè-Solidè-Jas-102131224586181/?referrer=whatsapp
🆕SESYON TOU NÈF:
Samdi 7 mas 2020,
8 è nan maten pou -1è nan aprèmidi
---------------------------------------
 
🏬Syèj sosyal e kontak
18, ave Liancourt, Liancourt
📞 : 3911-2250/ 3127-6290 / 3747-9018
📧 : profesame@gmail.com
Paj facebook : Jèn Antreprenè Solidè-Jas

Kòman pou viv ak onètete nan yon monn k ap ankouraje koripsyon?



Premye pati

Sa fè depi plis pase senk lane, sou rezo sosyal yo, anpil moun ap pale sou siksè. Majorite ladan yo defini siksè nan lajan, popilarite ak byen materyèl. Mwayen ki pi efikas yo itilize se MOTIVASYON. Konsa, tout moun ki ka reflechi, fè lekti oswa tande lòt moun pale jwenn okazyon, gras ak Facebook ak whatsapp pou pale sou siksè, echèk, konviksyon, pou n site sa yo sèlman. Men, èske sa sifi pou fè w fè siksè? Èske w vle reyisi atoupri? Èske onètete w pa youn nan rezon ki fè w poko ka fè siksè? Konbyen tan w ka tan ankò jiskaske w jwenn sa w ap chache a? Èske li enpòtan pou w reyisi ak onètete? 

Se kesyon sa yo ki pouse m ekri atik sa a pou ou jodi a nan lide pou ede w konprann danje oswa dezagreman ki ka kanpe sou chimen siksè w. Mwen espere w pataje link la bay plizyè lòt zanmi w ki ka nan nesesite refleksyon sa a. 

KILÈ YON MOUN ONÈT? 

Yon moun onèt se lè li viv oswa mache dwat. Li fè sa lajistis oswa lamoral mande l fè san moun pa bezwen prezan. Se yon moun ki sensè, fran, enpasyal, lwayal, konsyan, entèg. Men sa kèk savan nan tan lontan te di sou mo sa a :

    1.      Gen anpil moun se lajan yo manke pou yo vin onèt. (Carlo Dossi)
    2.      Onètete pi wo pase tout lwa yo. (Ménandre)
    3.      Ou ka twonpe tout moun pandan yon tan; ou ka twonpe kèk moun tout tan; men w pa ka twonpe tout moun tout tan. (Abraham Lincoln)
    4.      Byen yon moun fè nan move kondisyon toujou bon pou yon moun. (Paul Léautaud)
    5.      Yon bon kontab se pal è w konn fè adisyon, se lè w jwenn yon bon rezilta. (Bernard Tapie)

Èske w se yon moun onèt?

ONÈTETE: KILTI OSWA AZA?

Pou kèk moun, li difisil pou w viv onèt nan monn lan parapò ak tout konpwomi, povrete, imoralite ak krim ki genyen. Pou yo, pa gen moun onèt sou tè sa a. Èske sa ta vle di menm kwayan yo pa onèt?
Gen nan kèk peyi, tankou Ayiti, depi w (se) kretyen, yo pran w otomatikman pou moun onèt. Eksperyans montre se pa sa men rezilta eksperyans yo pa vle di kretyen pa onèt. Pi gwo erè a se konfonn moun ki di yo se kretyen ak moun k ap viv lavi Kris la. Konsa, li ta plis bon pou yo wè onètete a nan kilti pase nan chans pandan w ap frekante yon moun. Trè souvan, se ou ki twonpe depi nan kòmansman men moun ki malonèt la pa t janm onèt. Aparans oswa nayivte (timoun) te fè w pran l pou bon moun men eksperyans pral montre w se pa sa. Lè konsa, li ta pi bon pou w pran leson nan nayivte w pase pou w blame moun sa a. Paske, onètete a ta kòmanse depi nan zanfans ou selon kote w leve a. Toutfwa, de ka posib : gen moun ki grandi bon kote men ki leve malonèt e lòt ki grandi move kote ki leve onèt. Kidonk, teori yo pa fyab nèt. Yon japonè te fè deklarasyon sa a: Kilti se tout sa ki rete nan moun lè li fin bliye tout bagay’’. Èske sa ta vle di timoun tèt di ka vin malonèt? N a chache konnen sa!

ONÈTETE AK KWAYANS: KILÈS KI BAY LOT?

Èske se kwayans mwen nan relijyon m nan ki fè m onèt oswa onètete m ki fè m vin kwayan? Tou de ka sa yo posib, men youn pa vle di lòt. Tankou Jida, ou ka nan tout aktivite nan asanble w la epi w pa kredib. Nou te ka di nan anpil ka, pou kèk moun, onètete se yon mirak. Toutfwa, li enpòtan pou n konnen prensip relijye, familyal oswa sosyal yo gen plis enfliyans sou moun ki onèt. Se kalite moun sa yo ki ka viv nan tout sosyete paske konsyans yo se gid yo. Yo soumèt ak sa lalwa di e natirèlman, yo sensè. Ou pa ta dwe ni pran tèt ou pou moun onèt paske w fè pati yon gwoup ki pote non onèt ni w pa ta dwe pran pèsonn pou onèt sou kèlkeswa aparans la. Gen yon otè ki te di : Menm moun onèt yo ka twonpe w, paske nan anpil ka, yo konn fayi.

KOUT JE SOU LEMONN NAN ONÈTETE

Èske jan w wè monn lan ap mache a li ankouraje moun viv onèt? Fè yon ti kout je sou rezo sosyal yo, nan zòn ou an, nan asanble w la oswa nan anviwonman w ap evolye a. Kisa w wè moun bay plis enpòtans nan eleman sa yo: lajan, moun, byen, anviwonman, timoun, tout sa ki fè moun parèt. Sa yo ka ede w detekte kèk pwen sou malonètete, sitou lakay ou. Materyalis, ki se yon konsepsyon kote se avantaj materyèl ki define lavi, se youn nan koz ki ka donnen malonètete, men se sitou pou sila yo k ap chache fè siksè nan nenpòt kondisyon. Lè konsa, anbisyon, tantasyon, jalouzi ak konkirans se sous motivasyon pou posede. Siksè w dwe chita sou atant ou, vrè bezwen w, sa ki esansyèl pou ou, sa w ka jere, sa k ap itil ou e sitou sa ki p ap fè prensip moral yo pèdi sans nan lavi w. Ou ka toujou vle vin trè popilè, rich, enfliyan. Ou pa oblije fè sa ki kwochi pou atenn objektif sa. Etidye lavi kèk ewo nan monn lan tankou Nelson Mandela, Ghandi, Tousne Louvèti ak Jezikris, sovè Bondye te voye delivre limanite a.

KILÈS KI KA VIN ONÈT?

Koulye a, annou wè si w se youn nan sa senk fraz sa yo dekri. Si w se youn, konnen ou ka vin onèt si w pa sa deja. Men pa janm bliye sa! Se pa pawòl ou oswa pozisyon w oswa sa moun panse de ou ki fè w onèt se aksyon e se plis nan absans moun pase nan prezans yo. Kifè, onètete a se yon eta ou genyen natirèlman ki fè w ou menm nan limyè kou nan fè nwa, nan bon kou nan move tan. 
     1.      Moun ki jwenn bon jan ledikasyon

Si w ( ap) leve nan yon fanmi, yon zòn, yon asanble ki bay ledikasyon valè, li posib pou w vin onèt. Men se pa san volonte w. Sa vle di, si w jwenn bon gid, bon modèl, ou dwe kopye yo, apwoche yo pou w ka aprann plis nan men yo. Pa mete nan lespri w se bon moun paske w leve bò kot bon moun. Si w pa deside vin bon, ou ka fèt e mouri anndan legliz, ou pa sove.
    
      2.      Moun ki konsyan li te malonèt

Se pa tout move moun ki te deside jan ou wè yo a. Anpil ladan yo te jwenn presyon ki te fè yo aji mal menmlè se pa t sa yo te vle. Yo jis bezwen pran konsyans de move aksyon yo pou yo ka mennen yon lòt vi. Si w ap gade sou sa w te fè ki mal, se mal k ap domine w. Sa pi mal ankò, si gen moun k ap raple w erè w san rete. Se sa ki fè, li bon pou w antoure w de moun pozitif si w vle kiltive lespri pozitif. 

      3.      Moun ki dakò soufri pou l reyisi

Reyisi pa fasil, sitou pou sila yo ki vle kontan lè yo fè siksè. Gen moun ki renmen travay, men yo pa renmen disiplin. Gen lòt ki gen talan, men ki pa dakò koreksyon. Tout sa se rezilta mank disiplin. San dout, se pou evite chemen difisil, twòp tan ki fè ou konn pa vle tann oswa soufri. Lè konsa, emosyon, twò prese konn fè w pran echèl male pou chimen pwogrè. Pou moun ki vle reyisi tout bon, soufrans se jis tan yo dwe pran pou tann rezilta k ap dire a e non rezilta tout moun vle a menmsi l ap pase kou van. Konsa tou, ou ka dakò soufri epi w echwe. Fòk ou sèten ou nan bon chemen an avan ou soufri tann ou rive.  

      4.      Moun ki wè moun avan tout bagay

Chak fwa w posede plis, toujou sonje gen pou pi piti yon moun ki pa genyen e ki pa bezwen tout sa w posede pou yo viv. Ou ka rele siksè tout sa ki fè w santi w pi bon, pi enpòtan pase tout moun, men si w reyisi pandan gen moun k ap soufri de sa w ka pataje (m pa di bay tout), mank sa a ka ajoute chagren ak perèz nan siksè w la. Se poutèt sa, li enpòtan pou w pa pase sou tèt moun pou w fè siksè nan move kondisyon. 

       5.      Moun ki te echwe

Èske w te echwe nan dènye tantativ ou pou w reyisi yon pwojè, resevwa yon kado, benefisye yon pwomès? Ou ka vin onèt si sèlman w deside vin reyalis pandan w ap aplike leson ou te aprann nan echèk ou te pran. Gen echèk fos kouch e gen echèk akouche. M rele echèk fos kouch yon defèt ki vin avan w te fè yon viktwa. Sa w t ap tann nan pa rive, ou pa jwenn sa w te bezwen an. Echèk akouche a se lè w pèdi pitit la aprè l fin fèt. Biznis ou t ap byen mache, aktivite w la te byen kòmanse men pou yo rezon m pa konnen, li kraze. Pran konsyans de tout eleman ki te mennen echèk sa yo, epi rekòmanse pi byen paske pi souvan se vyolasyon yon prensip ki lakoz ou echwe.

Nan dezyèm pati repons ak kesyon nou, nou pral wè kèk konsèy pou w kiltive onètete lakay ou, nan travay ou, nan lavi chak jou w.

Èske atik sa a te itil ou? Pataje link lan bay zanmi w pou yo ka li l tou. 


Ou ka li tèks sa yo tou:

* PLANIFIKASYON: 6 kesyon pou w planifiye e reyalize yon evenmanhttps://lestextesdejde.blogspot.com/2020/02/planifikasyon-6-kesyon-pou-w-planfiye-e.html

* Pran san w zanmi m: https://lestextesdejde.blogspot.com/2020/02/pran-san-w-zanmi-m.html

Jérome Dorsonne Emerson

mardi 25 février 2020

Ce qu'est vraiment le succès?

Le succès n'est pas un stéréotype. Le succès n'est pas avoir une voiture. Ce n’est pas une maison. Ce n’est pas un plan. Ce n’est pas de l’argent à la banque. Ce n’est pas un succès. Le succès est le développement continu de la conception de notre vie et de sa réalisation. C’est ce que le succès est. Réussir dans tout ce que vous voulez faire et qui a du sens pour vous, pour vous et votre famille. Prenez des responsabilités ou refusez-les, tout dépend de vous. Nous avons le pouvoir de choisir.

Faire tout ou ne pas faire

Faites partie de peu ou de tout ce que vous avez le potentiel d’être. Tu as le choix. Faites un peu pour vous mettre à l'aise et oubliez le reste, ou faites tout. Il n’ya personne ici pour vous dire que vous devez tout faire. C'est un non-sens. Vous devez être riche parce que nous vivons dans un pays riche. C'est un non-sens. Vous n'êtes pas obligé d'être riche. Vous n'êtes pas obligé de tout faire. Vous pouvez faire un peu, en faire davantage. Prenez conseil, mais ne prenez pas les commandes. Prenez des informations, formez-vous, enseignez, mais ne prenez pas les ordres de qui vous dira comment vous devez vivre, ce que vous devez posséder et ce que vous devez faire.

Quelqu'un a dit: «Vous devez réussir.» C’est un choix personnel, réussir. Ce que nous enseignons, ce sont les possibilités et tout le monde choisit. Prenez un peu, prenez beaucoup, faites quelque chose, ne faites rien ou ignorez le sujet. Abraham Lincoln a dit: "Comme je ne serais pas un esclave, je ne serais pas un maître." Excellente philosophie.


Un gars a dit: «Hé, je vais bientôt me retirer et je me dirige vers les montagnes. Je vais vivre dans une petite cabane, vivre de la terre et nourrir les écureuils. "S'il va faire ça, devinez quoi - il a un succès retentissant. Pourquoi? Il fait ce qu’il a conçu et a réussi. Vous ne pouvez pas dire: "Non, non, cela n’est pas un succès." C’est la quintessence du succès: donner un design à votre vie et l’avancer pour progresser dans la direction qui vous satisfait. Si cela ne vous satisfait pas, faites des alternatives et changez. Bien sûr, si vous avez de meilleures idées, vous pourriez suivre les suggestions et les idées de quelqu'un, mais pas les ordres.

Entrepreneur Académie

lundi 24 février 2020

TENTATION: Entre la peur et le goût du péché


Au début, tu as peur. Tu as le désir, tu peux le faire, tout ton être te dit de le faire mais il y a cette peur qui te dit non, non, c'est mauvais, Dieu ne le veut pas, Dieu ne l'aime pas. Et tu continues de résister, de croire que tu peux vaincre cette folie qui t'approche petit à petit vers la cible, le but, ce que ton coeur veut prendre, s'approprier, voler, toucher, explorer..

Loin de cette tentation qui dévore ton âme, tu penses, tu imagines, tu te proposes des idées, tu te regardes, tu regardes partout et ailleurs et tu vois le danger, tu connais les risques, mais le fruit te tente. 

Tu sais bien que Dieu est là, qu'il te regarde à l'instant et qu'il attend de toi des efforts, de l'assurance. Tu le vois dans ton esprit, tu l'implores de te laisser faire pour une fois, une seule et une dernière fois. Sous les battements de ton coeur, tu te dis qu'il va te comprendre, qu'il va te pardonner. Après tout, c'est un tout petit péché, non. Tu ne vas pas commettre un crime et personne ne saura si tu l'as fait. C'est privé, personnel, entre toi et ton juge qui gardera tous tes secrets.

Et là, les soupirs deviennent plus forts, la chair prend du terrain, elle te gagne complètement et tu ne peux plus faire marche arrière car le trésor est là, la porte est ouverte, le coup d'envoi est lancé, la fête commence. Et pan! tu es tombé, vaincu, défié, perdu et troublé d'avoir été si bête, si faible mais un peu fier, heureux d'avoir bravé la peur qui t'empêchait de jouir de ta belle liberté.

Maintenant que tu as vaincu la peur, tu es prêt à faire une nouvelle victoire, à goûter une nouvelle fois le gâteau. Après deux, trois et quatre coups réussis, tu mets toi-même la couronne sur ta tête et tu rejoins l'équipe des champions. Quel exploit! Plus jamais, au grand jamais, personne ne te dira qu'il est mauvais de pécher, que Dieu va te punir, que tu vas mourir, que tu seras condamné, que l'enfer t'attend après le jugement. D'ailleurs, l'enfer, ce concept religieux n'existe pas, plus?

Toi, l'ancien serviteur, l'ancien fils de Dieu, l'ancien chrétien, l'homme qui craignais Dieu, qui avais peur du péché devient ipso facto un avocat, un promoteur de l'impudicité. Et ta vie spirituelle va désormais decrescendo.

Entre la peur et le goût irrésistible du péché, il y a des pas à ne pas faire, des limites à respecter, des mots à ne pas dire, des beautés à ne pas admirer, car après avoir touché, accepté, il est difficile de refuser ce fruit si juteux, succulent et ensorcelant.

Jerome Dorsonne Emerson Jde
27 novembre 2019

Voila pourquoi tu as le temps de voir les erreurs des autres


Un jeune homme arrive devant un prêtre et dit :
- Mon Père, je n'irai plus à l'église !
Le prêtre a répondu :
- mais pourquoi ?
Le jeune homme lui dit :
La raison est simple. Quand je suis à la messe, Je vois les femmes qui parlent mal des autres; les lecteurs qui lisent la Parole avec désintérêt ; le groupe de chant qui vit désaccordé ; les gens qui pendant l'Office, regardent le téléphone, je ne vous dit pas les autres mauvaises choses que je vois faire à l'église.
Au prêtre de lui dire :
 


- D'accord. Mais avant je veux que tu me fasses une faveur : Prends un verre plein d'eau et fais trois tours à l'église sans verser une goutte d'eau sur le sol. Après ça, tu pourras quitter l'église.
Et le jeune homme pensa : trop facile !
Et il a fait les trois tours comme le prêtre lui avait demandé. Quand il a fini, il a dit :
- j'ai fini mon père.

Et le prêtre répondit :
- quand tu étais en train de tourner, as-tu vu les femmes critiquer les autres ?
Le jeune :
- non.
Tu as vu les gens se plaindre les uns des autres ?
Le jeune :
- non.
As-tu vu quelqu'un regarder son téléphone cellulaire ?
Le jeune :
- non.

Tu sais pourquoi ? Parce que tu étais concentré sur le verre afin de ne pas renverser l'eau.
C'est la même chose dans notre vie. Quand notre foyer sera notre Seigneur Jésus-Christ, nous n'aurons pas le temps de voir les erreurs des gens.
Qui sort de l'église à cause des gens, n'est jamais entré à cause de Jésus.🙏

Auteur inconnu

Pran san w zanmi m...

 Jodi a w gen tan w pa jwenn kòb, yon jou w gen pou w gen kòb, ou p ap jwenn tan. 

Jodi a w ap sonnen tout nimewo pou w fè kontak, yon jou w gen pou w pa gen tan ni enterè pou w pran yon apèl. 

Jodi a w konn kondi, ou pa gen machin, yon jou w gen pou w gen plizyè machin ou p ap kagen tan pou kondwi yo. 

Jodi a w ap chache djòb ou pa jwenn, yon jou w gen pou w gen plizyè djòb pou bay ou p ap jwenn moun. 

Jodi a w ap mache pèsonn pa okipe w, yon jou w gen pou w wont mache tèlman y ap gen pou gade w. 

Jodi a y ap ri w paske w pa gen frèch, yon jou yo gen pou di w ap pran plezi w lè w met rad chire. 

Jodi a w ap pale yo pa vle tande w, yon jou y ap bezwen levanjil ou pou yo sove. 

Jodi a y ap di w p ap janm anyen, yon jou w gen pou w genyen pou w ede sila yo di k p ap janm anyen. 

Pran pasyans! 
Grandi ak sa w genyen! 
Aprann jere, pa fè eksè! 
Kenbe onètete w malgre tou! 
Gen lespwa rive menmsi w pa wè wout pou w pase! 
Travay! Kreye! Eseye! Korije! 
Mande konsèy! Medite! Obsève! Pwopoze! Fè lekti! Aprann! Tande! 

Siksè se rezilta mantalite pozitif! 

 JDE

PLANIFIKASYON: 6 kesyon pou w planifiye e reyalize yon evenman



Toujou nan lide pou patisipe nan devlopman kominote a, mwen ap pwopoze w jodi a yon atik ki pral ede w reyalize nenpòt evenman: maryaj, fèt, gradyasyon, seminè, konferans, vant siyati, konsè, revèy, reyinyon, elatriye. Mwen swete w pataje l pou lòt moun ou konnen ki ka nan nesesite l. Pa janm bliye plis ou pataje sa w konnen ak moun ki bò kote w se plis ou kontribye nan bon vi ak chanjman nou vle a. 

Avan tou, kisa yon planifikasyon ye?

Planifikasyon se yon pwosesis ki fikse objektif ou (oswa yon antrepriz, yon enstitisyon, yon kolektivite teritoryal...) vle atenn, mwayen ki nesesè pou w fè sa, etap w ap swiv pou reyalizasyon an ak metòd pou fè swivi planifikasyon sa a. Planifikasyon an se òganizasyon nan tan w ap reyalize objektif yo nan yon domèn ki presi, ak diferan mwayen ou mete an aksyon e sou yon dire (ak etap) ki presi (https://fr.wikipedia.org/wiki/Planification)

Gras ak detay sa yo, nou ka konprann de sa ki pi enpòtan nan yon planifikasyon se tan ak objektif ou vle atenn lan. Se sa ki fè, youn nan rezon prensipal ki esplike echèk anpil aktivite se neglijans ki fèt nan tan òganizatè yo genyen devan yo. W ap rann ou kont se souvan nan vèy oswa jou J a, òganizatè yo plis konsyan de responsabilite yo. Sa lakoz patisipan yo pèdi tan e aktivite a pa byen pase. Ebyen, gras ak 6 kesyon sa yo, ou pral kòmanse aprann planifye e reyalize nenpòt aktivite w ap fè epi ret branche tann liv m ap ekri (toujou nan laang kreyòl sou sijè sa a k ap bay plis konesans toujou).

Men 6 kesyon yo:

1. Kisa?
2. Poukisa?
3. Kilès?
4. Ki kote?
5. Kilè?
6. Kòman?


W ap bezwen yon fèy blanch, kanè nòt ou oswa kaye planifikasyon w pou w ekri kesyon sa yo e kite espas pou w reponn yo swa pou kont ou swa ak tout moun ki konsène nan plan an.

 Annou wè kèk detay!


1. Kisa? 

Repons: M ap òganize yon seminè sou savon likid.
 
Li enpòtan pou w konn sa w ap fè a byen pou w pa fè yon lòt. Paske trè souvan, gen moun ki vle reyalize yon fèt men akoz li pa konn egzakteman sa l ap fè a, li pa rive satisfè tèt li ni moun li envite yo. Li enpòtan tou pou w antoure w de moun ki konnen sa w ap fè a pou yo pa ba w move konsèy. Move konsèy la ka gen plizyè sans, men m vle pale de konsèy ki bon men ki pa gen rapò ak sa w ap òganize a. Se trè enpòtan e siksè w vle a depann de tout moun ou enplike nan planifikasyon w ap fè a. Moun k ap ede w òganize yo dwe konn kolabore e pa gen konplèks siperyorite pou yo pa panse w ap kòmande yo lè w di yo fè oswa ale. 

Raple w: M AP OGANIZE YON SEMINÈ SOU SAVON LIKID. 
 
2.  Poukisa? 

Repons: M ap òganize seminè sa pou m ka fòme moun.
 
Li ka gratis tou. Rezon w ap òganize aktivite w la dwe pasyone w e menm priyoritè nan tan ki rete pou l rive a. Kèk fwa, ou jis vle òganize san w pa renmen sa w ap fè a oswa ou dekouraje paske w konnen li p ap rapòte w. Non, ou dwe prevwa sa w ap jwenn kòm benefis: lajan, vizibilite, chanjman, eksperyans. Si w pa konn rezon an, li posib pou w pa mete tout ou menm ladan ki se yon faktè echèk. 

Raple w: M AP OGANIZE YON SEMINÈ SOU SAVON LIKID POU M FOME MOUN. 

3. Kilès? 

M ap òganize seminè m lan pou jèn nan kominote m nan.  
Kilès ou sible nan seminè w ap òganize a? Li ka: jèn, granmoun, elèv, etidyan, pwofesè, pwofesyonèl... Li enpòtan pou w sible moun ou vle patisipe yo paske sinon ou ka depanse kò, tan ak enèji nan fè pwomosyon pou granmesi. Pwiske se yon seminè m ap fè pou elèv lekòl, m dwe vize tout kote m ap jwenn elèv lekòl: lekòl, nan lari lè lekòl lage, nan gwoup travay... Sib ou yo ka ede w detèmine depans ou, deplasman w, lojistik ak tout sa ki ka fasilte w atenn yo pou fè mesaj ou a pase.

Raple w: M AP OGANIZE YON SEMINÈ SOU SAVON LIKID POU M FOME JÈN.

4. Ki kote?

Repons: M ap òganize seminè a nan LA BELLE VIE RESTAU BAR
 
Ou dwe konnen byen e byen chwazi kote w ap fè aktivite w la. Sa ka koute w kòb. Depan de relasyon ou, ou ka benefisye l. Konsa tou, ou ka fè patenarya sou pousantaj nan reyisit aktivite w la. Souvan, kote w chwazi pou reyalize evenman w lan konn tou detèmine reyisit li, tankou nan yon enstitisyon oswa antrepriz ki konèt deja. Nan kote a, fò w tou detèmine adrès la: zòn, ri, nimewo, antrepriz ki nan anviwon an.

Raple w: M AP OGANIZE YON SEMINÈ SOU SAVON LIKID NAN 'LA BELLE VIE RESTAU BAR (LYANKOU)' POU M FOME JÈN. 

5. Kilè?

Repons: M ap òganize seminè a 8 mas 2020, soti 8è nan maten pou rive 2è. 

Kilè se nan ki dat w ap òganize evenman w lan.  Dat la dwe enkli tout sa ki konsène lè, tankou : jou, lè, minit: 8 mas 2020, soti 8è nan maten pou rive 2è. Toutfwa, chwa dat ou a dwe estratejik. Ou pa ka jis chwazi yon dat ki vin nan lespri w. Ou ka konsidere lòt aktivite k ap fèt nan jou a avan oswa aprè, tankou chanpèt, gradyasyon, antèman, maryaj, gradyasyon, konpozisyon lekòl, egzamen ofisyèl, match foutbòl...tout sa k ap òganize nan zòn ou an e dèfwa menm deyò ka gen enpak, pozitif oswa negatif, sou evenman w lan. Kidonk, fòk ou konsidere yo. Mete sou sa, kantite jou soti jou w ap lanse e reyalize aktivite w la enpòtan tou. Egzanp: m ka chwazi lanse aktivite 8 mas mwen an depi 8 fevriye (30 jou avan jou J). Selon sa w ap òganize a, li ka plis oswa mwens. Li depann tou de mwayen ekonomik ou ak kantite patisipan ou vle atenn lan. 

Raple w: M AP OGANIZE YON SEMINÈ SOU SAVON LIKID NAN 'LA BELLE VIE RESTAU BAR (LYANKOU)' POU M FOME JÈN  NAN DAT 8 MAS 2020, SOTI 8È NAN MATEN POU RIVE 2È NAN APRÈMIDI.

6. Kòman?


Repons: Patisipan yo ap bay 500 goud, 150 goud pou enskripsyon. 

Lè yon moun fin aprann yon seminè ap fèt, sa ki pi enteresan pou li se konbyen kòb l ap peye. Nan sans sa a, konbyen an ap soti nan kòman an k ap detèmine kòman l ap patisipe. Kesyon l ap poze: Pou konbyen kòb y ap fè seminè sa a? Pri a ap fè l entèrese oswa dezenterese. Se sa k fè, maketin nan enpòtan paske se li ki pral bay plis detay pou motive e montre avantaj sa w ap fè a. Kòman an se tout prensip ou pral mete pou w patisipan yo enskri, vini, antre, patisipe e benefisye avantaj. 

Men sa ki esansyèl nan seminè m vle reyalize a:
 M AP OGANIZE YON SEMINÈ SOU SAVON LIKID NAN 'LA BELLE VIE RESTAU BAR (LYANKOU)' POU M FOME JÈN  NAN DAT 8 MAS 2020, SOTI 8È NAN MATEN POU RIVE 2È NAN APRÈMIDI POU 500 GOUD.

Se li ki pral gide m fè flyers e se sa tout moun k ap li oswa tande l yo dwe kenbe nan tèt yo.



1. Kisa? YON SEMINÈ SOU SAVON LIKID
2. Poukisa? POU FOME
3. Kilès? JÈN
4. Ki kote? LA BELLE VIE RESTAU BAR, LYANKOU
5. Kilè? 8 MAS 2020, SOTI 8È POU RIVE 2È
6. Kòman? 500 GOUD PATISIPASYON, 150 ENSKRIPSYON

Sa m pa mete nan atik sa a ki mande lòt planifikasyon: fòmatè yo, sa w ap bay patisipan yo: sètifika, manje elatriye. 

Èske atik sa a te ede w? Ou ka pataje link la ak tout zanmi ki nan nesesite l. Se yon bon mwayen pou w patisipe nan siksè moun san w pa rann kont. Se rezon sa a ki te pouse m redije l pou ou, pa kenbe l pou kont ou. 

Like paj JÈN ANTREPRENÈ SOLIDÈ-JAS sou Facebook (https://web.facebook.com/J%C3%A8n-Antrepren%C3%A8-Solid%C3%A8-Jas-102131224586181/) pou w ka aprann plis sou planifikasyon e ret branche pou w jwenn dènye liv mwen an. Pou kontak, ekri nou nan 3911-2250 (whatsapp). 

Ou ta renmen m konseye w nan yon evenman w ap reyalize? Kontakte m: 3911-2250 (whatsapp) 

Jérome Dorsonne Emerson (JDE)
Ekriven/Konferansye/ Fasilitatè nan L.S.
Direktè J.A.S





On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...