dimanche 28 juin 2020

E si w te sispann plenyen...



E si w te sispann plenyen epi pran plent yo pou motivasyon?

Si w ap plenyen, se pou de (2) rezon: swa ka yon lòt moun fè w lapèn, swa ou pa kontan, w ap soufri pou yon pwoblèm ou ki pa rezoud. Mwen vle touche dezyèm rezon an nan biyè sa a. 

Se pa tout lè plenyen negatif. Ou konn gen lapèn paske sa w vle yo pa ka mache. Se pa paske w pa kapab men paske malgre tout efò w fè, ou pa ka reyisi. Premye reyaksyon tout moun, nan tan nòmal, se plenyen. Men se pa sa sèlman nou ka fè e se sa w ka fè a m vin di w jodi a. 

Annou imajine w ap plenyen paske biznis ou pa ka mache. Nan lespri w, ou pa fè maketin, 
pwodwi w ap vann yo pa bon oswa kliyan yo pa entèrese avè w. Dout sa yo ki vin nan lespri w la se nan yo solisyon pou retire plent ou a ye. Se kòmsi, dout ou yo ap di w men kisa ki fèt ki pa 
bon, men kisa pou w chanje. Men sa ki fè m la. 

Pakont, si w kite dout ou yo rankontre ak pesimis ou, plent ou yo pral gen lòt konsekans sou biznis ou a. Lè konsa, ou pral di yo rale kòb ou, konkiran ou yo pa lwayal, ou pa gen chans, ou p ap janm reyisi, w ap kite biznis la, ak anpil lòt deklarasyon w konnen deja. 

Men si w gade dout ki soti nan plent ou yo nan yon ang pozitif, w ap jwenn solisyon an. Lè konsa, ou pral chanje estrateji ou yo, w ap chanje atitid ou, e san w pa remake, bagay yo pral mache byen. Toutfwa, la ankò, fòk ou gen pasyans, paske fòk estrateji yo byen kwit. M itilize ekspresyon sa a pou m atire atansyon ou sou bon teknik w ap itilize pou jwenn e kenbe kliyan w yo. Nan kòmansman, ou ka santi sa p ap mache. Pa kouri chanje teknik yo. Plizyè rezon ka esplike lantè yon pwosesis, pran san w dekouvri yo avan w chanje l.

Apati Jodi a, si w t ap plenyen, mwen envite w gade rezon plent ou yo yon lòt fason pou w ka 
jwenn solisyon yo pou kont ou. 

Pa bliye! 

Moun w ap mande èd yo ka ede w paske yo te fè eksperyans e sitiyasyon ki te mennen eksperyans sa yo toujou la. Se ou k ap pase men reyalite lavi a toujou menm nan. 

Pou konsiltasyon sou sijè sa a, whatsapp 3639-6642.

JDE

Twa fason nou ka reyaji anfas echèk

 



Gen twa fason ou ka reyaji fas ak echèk

1. Rekòmanse
2. Kontinye 
3. Abandone 

Pou pèmèt ou kenbe leson sa fasil, m rele l REKONA (REkòmanse, KONtinye, Abandone). Pou fransè a, se RECONA (REcommencer, CONtinuer, Abandonner).

Si pou anpil moun echèk vle di sa fini, teori REKONA a montre lekontrè. Annou wè chak reyaksyon sa yo: 

1. Rekòmanse 

Henry Ford, endistriyèl ameriken (1863-1947), ki te enfliyanse anpil pa Napoléon Hill, te di: "Echèk se sèlman opòtinite pou w rekòmanse yon fason pi entèlijan". Se egzakteman sa ki te Thomas Edison nan 10 mil esè li te fè avan l te envante anpoul, toujou daprè Napoleon Hill. Eksperyans li te fè nivo entèlijans li monte. Li p ap fè menm erè yo ankò. 

Lè w santi w echwe oswa lè moun panse echèk ou defini enkapasite w pou w reyisi, pa kite sa dekouraje w jiskaske w reziye w oswa pran yon lòt chemen. Pa janm bliye, reve, eseye e rekòmanse se twa dwa ou genyen sou chemen siksè. 

2. Kontinye 

Se pa tout echèk ki mande pou w rekòmanse. Si w t ap vann yon pwodwi, yon kantite ki te vann kredi pa antre, ou echwe an pati. Pwiske w gen pwodwi toujou, ou dwe kontinye vann. 

Li posib pou se enèji w, tan w, lajan w, konesans ou te konn bay nan yon pwojè oswa yon kolabo, si w jwenn echèk, pa kanpe. Itilize lòt estrateji pou w kontinye. 

3. Abandone

Se sa ki pi fasil lè w echwe nan sa w ap fè: bay vag. Ou pa bezwen anyen pou w di w kanpe la, sa fini, sera seta, m fè sèman, jamè nan lavi m. Poutan, trè souvan, se pi prè w siksè a ye. Elas, anpil moun bay vag depi yo echwe. 

#Chemensiksè 

JDE

Se plizyè ti kal ki fè anpil

Si chak moun fè ti sa yo ka fè, rezilta a ap fè enpak.

Si plis moun t ap fè sa l ka fè kote l ye a, pèsonn pa t ap bezwen deplase al lòt kote pou l fè sa ki posib pou ka gen chanjman. Nan zafè evanjelizasyon, m toujou di etidyan m yo sa: si kretyen nan chak zòn te chwazi evanjelize lakay yo, lòt kretyen pa t ap bezwen vin lakay pou fè travay pa yo. Malerezman, anpil fwa, se foul ak lanvi pou konnen kèk zòn ki motive misyon yo.

Nan ka Ayiti a, se prèske tout kote ki sanse gen pwoblèm enèji ki fè pa gen limyè lannwit. Se youn nan koz ensekirite. Tout moun konstate sa e anpil ladan yo gen enèji lakay yo. Si chak ri oswa chak katye te pran desizyon mete anpoul devan kay yo, anpil zòn nan t ap klere. Nou ka remake pito se pwofi sa kreye lè moun ki genyen l lan chwazi vann sèvis rechaj. Se pa yon mal, men poukisa yo pa vann limyè tou? Konsa, chak kay te ka klere chak aswè.

Fas ak grangou k ap tiye timoun e lakoz yo tonbe nan tout sa ki pa bon, si chak  moun te chwazi bay timoun ki pi prè l la manje, sa pa t ap rive. Malerezman, li pi fasil pou nou akize lòt responsab pase nou wè responsablite nou. Dayè, lè gen 2 ak 3 delenkan nan zòn nou, se lavi nou ki menase, se pa lavi gran otorite yo.

Gen yon asosyasyon an Frans ki rele "Colibri" Pierre Rubbi ak Cyrill Dion (2007) t ap dirije. Misyon li se chache relye e fè tout moun k ap fè sa yo kapab nan zòn yo epi fè enpak yo.

Gen plizyè milyon moun, asosyasyon k ap aji pou monn lan ka vin meyè. Èske w konnen non kèk moun, asosyasyon, fondasyon ak zanmi k ap travay koz sa yo? Petèt, ou se youn ladan yo deja?

Nou mete vwa nou ansanm pou n recòlte kont ensekirite men èske nou youn solidè anvè lòt? Kòman n ap ka gen sekirite si nou pa kiltive lespri solidarite paske vrè sekirite a soti nan viv ansanm. Se paske nou youn pè lòt ki fè zòn nou yo pa an sekirite. Si nou chak fè sa n dwe fè, nou p ap bezwen mete ansanm pou n mande sa nou tout ka fè.

Sa w ap fè a ka piti nan je w e nan je plizyè lòt moun men se ti kal sa w fè a ki mete ak yon lòt pou fè anpil.

Enspirasyon tèks sa soti nan liv "RÊVE TA VIE, VIS TES RÊVES" (Isabelle Servant)

®ATELIER 2020


samedi 27 juin 2020

Le sens des mots de mon histoire

Je ne me plains plus de ceux pour qui je ne suis pas aimable. Je me tourne vers ceux qui complètent mon amabilité. 

Je ne regarde plus en arrière pour voir mes erreurs, je profite du temps qui me reste pour appliquer les leçons de mes erreurs. 

Je ne veux plus d'amis qui m'exigent la tête d'un ange sur le tronc d'un homme. 

Je ne pense plus aux maux qu'on m'a fait, je m'efforce de faire du bien à mes proches. 

Je n'ai plus le temps de reprocher ceux qui ont trop reçu, je donne maintenant à ceux qui ont besoin de peu pour se sentir heureux. 

Non, je n'ai pas changé l'histoire mais j'essaie d'expliquer aux nouveaux lecteurs le sens des mots qui ont été souvent mésinterprétés. 

JDE

Reprann mayèt la pou w pouswiv rèv ou

Se pa paske w pou kont ou nan batay la, nan pozisyon w lan, nan konsepsyon w lan ki fè se ou ki koupab la, nan move chemen an. Se pa paske yon manti popilè ki fè l vin verite, ni paske 99 sou 100 moun rejte yon verite ki fè l vin manti. 

Jezi, Galile, Jean Huss ak anpil lòt revolisyonè, vizyonè te mouri pou kont yo pou verite yo t ap defann. 

Se petèt paske w vle pase pami lafoul, ou vle pou yo apwouve w pou w santi w moun, ou bezwen bravo pou w santi w fyè, ou bezwen yon plas pou w santi w valab, ki fè w panse fason w panse a, pozisyon w pa bon. Men an reyalite, se ou ki ka gen rezon. 

Ret nan liy ou an. Kenbe tèt ou. Reziste. Repanse. Kontinye travay. 

Mwen swete ti tan w te fè kanpe a te yon vakans. Ou t ap relakse w, defoule w. Se byen. Jodi a se jou pou w reprann mayèt la pou w pouswiv rèv ou. 

JDE

Gen plezi nan Levanjil



Ou pa oblije chache gen menm lide ak tout moun pou w santi w moun paske si w deside vin moun, se prèv pat gen ase moun ki te ka montre yo moun. 

Nesesite pou w vin moun, viv tankou moun se yon mesaj anviwonman an voye baw pou fè w dekouvri kapasite w, valè w ak enfliyans ou ka fè sou tout moun kap rankontre w.

Sa fè lontan wap di legliz pa bon, pastè raketè, kretyen pa bay gou epi kou w fin konvèti, se yo ou vle pran pou modèl jis yon jou ou di w kite levanjil pou yo. Ou nan konfizyon. 

Anpil moun panse vin kretyen se yon kontrent, yon vi ki pral anpeche yo viv byen e eksperimante libète yo. Sa fè gen anpil moun ki pa vle konvèti paske yo poko fin pran plezi. Yo kwè aprè konvesyon lap enposib, alò yap pwofite. 

Banm ale lwen avè w jodi a pou m di w menm kriminalite, enjistis ak mond envizib la gen plezi. Tout saw fè ak kè kontan, ki ba w lajwa se plezi. Konsa, se plezi mechan an pou l tiye, plezi koriptè a pou l detounen lajan, plezi Satan pou l fè w pa sove. 

Ebyen, lè w vin kretyen, chaje plezi ladan: adore Bondye, bay sila ki nan bezwen, evangelize, anseye pawòl la, marye....gen plezi tout kote. 

Men tris diferans ki genyen nan tout plezi sa yo se lafen. Mechan an pral jije pou plezi pa l yo men w pral rejwi pou paw yo. Fin fè lemond plezi pandan w sipèsta, lè w pap mennen yo bliye w. Panse ak tout atis ki mouri nan fè moun plezi. Panse ak anpil moun rich ki tap pran plezi e ki pati kite richès yo sou kabann Lopital. 

Vin jwenn Kris zanmim pou w vin pran plezi nan Levanjil, plezi ki pap janm fini. Aprè lanmò, plezi moun ki nan mond lan fini, men nou kretyen nou pral rejwi nan Wayòm Bondye a pou tout tan, se atò pral gen plezi. 

Chape poul ou avan lanmò pase!

JDE

Papa m ki lakoz



M te fin damou byen damou mwen nan yon segonn. M te tèlman santi m ap bon, m pa t panse m t ap jwenn yon lòt moun tankou l. 

Kisa ki te pase menm? Kòman m te fè rankontre l?

Nou nan lane 2005, nan lavil Pòtoprens, nan zòn Nazon. Nou pa t rete lwen COMCEL la, tou prè yon machann pate kòde. Depi w te viv la, w ap konnen. Ebyen se la m te rankontre l, yon swa pandan l t ap sot achte fritay pou manman l. 

Limyè kamyonèt yo te ede m wè bote l pi byen. Se te tankou yon flash, yon siyal, yon siy ki t ap di m : " Men li, se li wi. Ti grenn ou t ap chache depi lontan an. Nan yon ti kadè, m te santi m disloke, lòk, pòk, kè m t ap fè tòk tòk devan l. 

M te pè men m pa t pè avanse. M te la, devan l, anfas li, tou prè l, ap gade l, souri ba li epi m di l: 

- Madmwazèl bonswa wi.

Nèg pa t twò fò nan koze, ou konnen. Li reponn mwen, men sanble l te sou san l, li genlè te sot adore Legliz osinon, bon, m pa konnen. Antouka, m tou pwofite epi m di l: 

- Se pou premye fwa m rankontre w nan zòn nan. Kòman m pa t fè remake w pou jan w espesyal. 

A, li gade m bi w, epi l souri ba w, li di m:

- Poutan, m te toujou wè w. M te konn ap gade w men m pa t janm kite m wè m. 

Tankou yon egare, m di l: 

- E vre?
- Wi, e m konn kòman w rele.
- Kisa? Manti.
- Ou rele Kaliks. 

M sezi, m kontan, m pa kwè men m byen kontan. Alò, m vin ap panse konsa:

- M te panse m ta pral pase mizè wi. Apa m tou bon. Si l gentan gen tout enfòmasyon sa yo sou mwen, sa vle di l renmen m. Pa gen dout nan sa. 

Nou pa t ap ka rete plis paske l te gentan fin achte. Avan li deplase, li di m:

- Se pa Chal ou siyen?

En en! M frikat epi m reponn tou sispèk : 

- E wi, Chal Kaliks.
- Ebyen, m se Chal Widlin. Ou gen ven lane pa vre?

O O! Fwa sa, m reponn tou tris.

- Wi, m gen ven lane. Men kòman w fè konn tout bagay sa yo de mwen? Kilès ki di w sa? 

Li di m kareman:

- Mwen se ti sè w Kaliks, pitit Chal Wadnè. 
- Kisa? Mantò! 

M pa bezwen fin di w rès istwa a. Men w ka imajine kòman m regrèt e kontan rankont sa. Papa m ki lakoz! 

M vin konprann kòman gen danje nan fè pitit pasi pala san kontwòl. Domaj papa m pa la pou m te rakonte l kòman li fè m manke fè afè ak ti sè m. 

Yon lòt fwa nou te rankontre, li di m konsa: 

- Ou pa t gentan wè m se sè w pou jan m t ap ba w tout enfòmasyon sa yo? Ou genlè te renmen m tout bon?
- Istwa sa pase Widlin. Tann mwen, ti gason sa m wè lòt bò a, se ou l ap tann la si m byen konprann?
- Men wi, li se menaj mwen.
- Menaj ou? 
- Wi, ben wi. Alò, ou te wè m bon pou renmen men w pa vle m renmen? 

Widlin tèlman rete kè m, m te vle fè twa jou jèn pou patnè sa m te wè a ta di l se frè l menm jan avè m.

Jérôme Dorsonne Emerson Jde

Jeunesse et Lecture

® 9 avril 2019
Lyankou, Latibonit

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...