dimanche 9 août 2020

Kiyès Fernand Mayette te ye?



Nesans Fernand

Fernand Mayette te fèt nan dat 16 jiyè 1947 nan Lyankou nan yon fanmi ki gen 4 pitit: Ely, Marcelus (mouri), Fernand, Raymonde. Manman li te rele Lucilia Dieujuste (moun Lyankou, Lakou Dieujuste et Saint Come) e papa li, Abraham Mayette, moun Paskano, senkyèm seksyon Senmak. Tou de (2) paran li yo mouri.

Zanfans Fernand

Fernand te fèt Lyankou men aprè lanmò manman li Lucia Dieujuste, nan laj dezan yo konsa, papa l Abraham pran l al viv Paskano, kay grann li defen Madan Pòl. Se nan zòn sa a, Pon Bètrand, li fè tout etid primè li. Daprè sa li rakonte, li te rive nan klas Brevè, sa nou te ka rele Nevyèm ane nan tan pa nou an.

Entegrasyon Fernand nan Lame Dayiti
Nan laj 18 lane, Fernand te antre Akademi Pòtoprens pou l vin Jandam. Li pral pase anviwon twa zan nan sèvis militè Pòtoprens. Li te konn fè pòs nan Kafou Terya, nan zòn bò Lakomin. Aprè yon bon ti tan ap sèvi nan Lame, akoz difikilte li t ap rankontre, li pral kite jandam pou l tounen Senkyèm seksyon, Latibonit. Lè sa a, li te gen venteyen lane.

Retou lakay, Senkyèm ak Lyankou

Lè Fernand retounen nan zòn li Senkyèm Seksyon, li te vin pèsevere nan Legliz Katolik Monn Kamèl lakote li t ap sèvi anfannkè ak jwe akòdeyon. Men sa pa t dire lontan. Li te kite Legliz la pou al jwe gita nan bal ak yon kouzen li. Li rakonte yo te konn al jwe bal nan VIl Pòdpè, Okap ak Limonad. Fernand te konn jwe Twoubadou tou. Jan tout moun konnen sa, Fernand, depi nan lajenès li, te gen plizyè relasyon anmourez nan Paskano, san konte lòt kote li te konn al jwe.

Aprè tout pakou sa yo, finalman, li vin estab Lyankou nan lane 1975, sou prezidans Jean Claude Duvalier. Men li te konn pase Lyankou depi lè li te gen 6 zan. E se te souvan pou kont li sou cheval paske li te konn monte yo anpil. Ak gwo chemiz ak flè li, chapo lèn e gwo patalon djins li, Fernand ap kite Lyankou pou ale Senkyèm nenpòt kilè. Paske pa t ko gen machi nan zòn nan, se plis bekàn li te plis itilize avan li te gen yon gwo moto ki t ap mennen nan epòk la e se pa tout moun ki te posede yo.

Eksperyans Fernand nan politik, foutbòl ak rara  

Fernand te vin chef seksyon Lyankou, answit ASEC e CASEC. Li te poze kandida pou Majistra nan eleksyon 2010 men li pa t reyisi. Nan koze foutbòl, li te prezidan Pantè Nwa nan 1992-1993 lè ekip la te nan premye divizyon. Li te pase prezidan plizyè bann tankou Sendisyèl, Sendesten ak Mirak.  

Apèl Fernand pou l vin sèvi Oungan

Nan epòk Fernanrd te vin estab Lyankou. pa t ko gen menm 20 kay. Jodi a, swa aprè 45 lane, menm Leta pa gen kontwòl tout kay ki Lyankou. Fernand te rete nan Lakou Sebas, nan ri Dumarsais Estimé. Se nan menm ane sa a Ely, gran frè li, te kite Ayiti pou ale viv Etazini. Se nan lakou sa a, Sentwò, yon oungan t ap viv. Tout sa te patisipe nan karyè li nan vodou men li te gentan jwenn apèl li deja nan dòmi pandan li te nan sèvis jandam Pòtoprens. Li rakonte li te resevwa vizit grann li, manman papa l, ki te vin ba li yon sekrè.  

Aprè yon 3 lane konsa ap sèvi ak Sentwò, li te vin konstwi badji li nan lakou lakay li te pase tout tan li avan li mouri 16 jiyè 2020 nan laj 73 lane. Fernand te fè 45 lane eksperyans nan vodou.

Fanmi Fernand

Fernand Mayette gen 42 pitit (plis 2 pitit adoptif ki fè 44), 22 fi, 20 gason ak 13 manman, 2 gentan mouri ladan yo. An total, li gen 61 pitit pitit. Pami timoun sa yo, nou ka site (siyati Mayette):

1- Madame antoine Dorsainvil née Aliette
MAYETTE
2- Magguie
3- Madame Ilers STEPHA née Lucilia
MAYETTE
4- Clautilde
5- Madame Emilio Clermont née Sarah
MAYETTE
6- Nephtalie
7- Marie Rosela
8- Julie
9- Madame Renauld Léon née
Fernandesse MAYETTE
10- Juniola
11- Francesca
12- Valencia
13- Alberta
14- Alieuse
15- Fernandia
16- Fedline
17- Madame Junior Robin Darius née
Kadafina MAYETTE
18- Dahana
19- Diana
20- Guernide
21- Adrienne
22- Idelle
23- Smith MAYETTE
24- Elouezdert
25- Chandeler
26- Markindy
27- Fenold
28- Kadafy
29- Socratex
30- Yvenert
31- Andjelot
32- Jacky Fernando
33- Kepler
34- Jeff
35- Orthega
36- John Bush
37- Kervens
38- Fedner
39- Roodsen
40- Skiresla
41- Roselander
42- Souvenir May Flower
43- Marie Reste ULYSSE (Adopte)
Manman pitit li yo:
1. Sivela LAZARRE
2. Loumencia François
3. Emie NAPOLEON
4. Eva Janac
5. Suzanne NEREUS
6. Maxina DORCENT
7. Dorélise MICHAUD
8. Clermitha Jean SENOBLE
9. Lumose SAINT-ORESTE
10. Gracieuse Exantus
11. Marie Rose JEAN (Mouri)

Koz lanmò Fernand

Fernand te ospitalize plizyè fwa nan Lopital Saint-Nicolas, Senmak. Nan soti li Etazini madi 7 jiyè 2020, li te kòmanse ap esplike sa pou yo fè pou li lè li mouri. Tankou anpil lòt grandèt, Fernand te toujou ap pale
de lanmò li.

Nan 15 jiyè 2020, li antre Senmak al wè pitit li yo. Li te retounen byen pwòp. Se li menm ki te responsab boule bwa chak ane nan Fèt Patwonal Lyankou (Mont-Carmel). Li te fè al chache bwa pou fè seremoni an nan Kafou Legliz Katolik la, kote sa te konn fèt.
Nan dizè nan aswè konsa, pandan li te deyò a, li pèdi konesans. Yo mennen li lakay li. Aprè dezèdtan, li retounen anfòm. Li di pitit li yo ki te ak li: “Nou mèt ale lakay nou, mwen anfòm”.
Nan inè nan maten, tout moun ale aprè yo te fin bay blag. Sizè nan maten, li leve mande yo ti bannnan ak ze. Se te madanm li Sivela ki te ale nan mache. Lè li retounen sot nan mache, Fernand mande ti dlo pou lave figi l. Men se te dènye demann li. Yon kriz kadyak te lakoz li mouri.  

Fineray Fernand

Antèman Fernand ap chante lendi 10 dawou 2020 nan Viner Night Club. L ap antere lakay li, Lyankou.

Enfòmasyon: Valancia e Chandeler Mayette
Aranjman: Jérôme Dorsonne Emerson
Pou "Jeunesse et Lecture"
Dimanch 9 dawou 2020

Seul sur le chemin



Si tu te trouves seul sur un chemin, ce n'est pas parce que tout le monde t'a abandonné. Parfois, c'est toi qui as été choisi pour le tracer ou le parcourir afin que d'autres y passent pour réussir. 

Dans la vie, on ne fait pas souvent son choix, mais le choix qu'un autre a fait depuis des siècles et qui reste, pour notre époque, un idéal, une passion ou le destin. 

C'est ainsi que beaucoup d'hommes et de femmes ont fait des inventions et des innovations lorsque tout le monde pensait que ce serait impossible. Qu'aimes-tu vraiment? Haïti ou le pays de Dessalines? iPhone ou l'idée de Steve Job? Facebook ou l'entreprise de Marc Zuckerberg? 

Il y a, jusqu'à nos jours, des outils technologiques que tu utilses sans connaitre en détail les pièces et les programmes qui y sont installés. Et ce qui est drôle, mais intéressant et rentable, c'est que tu les achètes aveuglément juste parce que tu les trouves utiles. 

Être utile, voilà, peut-être, ton destin sur ce chemin que tu parcours depuis des lustres. 

Jérôme Dorsonne Emerson 
Écrivain

samedi 8 août 2020

Si tu pouvais...




Si tu pouvais ne jamais te plaindre des obstacles qui se dressent sur ton chemin...

Si tu pouvais travailler de tout ton coeur, avec de l'amour et l'espoir que demain les choses vont s'améliorer...

Si tu pouvais te servir de tes échecs, des mauvais souvenirs et des critiques pour te motiver davantage dans tes combats...

Si tu pouvais ne rien garder dans ton coeur qui soit rancunier, égoïste, bref, pessimiste...

Si tu pouvais avancer malgré tout ce qui te retient et te donne raison d'abandonner...

Si tu pouvais croire qu'un jour, avant ou après ta mort, ton objectif serait quand même atteint...

Tu réaliserais n'importe quel rêve pour le bien-être du monde, à commencer par toi.

Si seulement tu pouvais être cet homme ou cette femme qui se distingue par son courage, son optimisme et sa vision.

Jérôme Dorsonne Emerson




vendredi 7 août 2020

Rèl Dezespwa


Daprè Archibald Joseph Cronin (1896-1981), lanfè, se lè w pèdi lespwa. Kifè, paradi se lè w ap viv lespwa. Konsa, tout moun k ap viv san lespwa deja ap viv nan lanfè yo.

Dèyè anpil souri k ap fè elòj pou kè kontan, gen anpil detrès k ap kabicha. Gen silans k ap fè bri men pa gen zòrèy pou tande.

Chaje ka men pa gen kapab. Nou tout la men anpil nan nou delala. Je nou wè ase, zòrèy nou koute ase, men nou frape ase, se lè pou lavi di yon mo nan tristès li lage sou kè nou k ap fredone lajounen kou lannwit.

RÈL DEZESPWA se kalkil, zen, kondoleyans,
move nouvèl, revandikasyon, reziyasyon e silans. Se yon tablo ki sal ak penti dimil koulè pou ekspoze imaj lakay.

Ekstrè

Pèsekisyon

Listwa ap nwi memwa m
Mizè kidnape lavi m
Pwoblèm nan tèt mwen
Demen sot nan kalandriye m
Pon lavi kraze devan m
Lakay pran dife dèyè m
Lajistis efase non m nan kaye l
Kowona nan kò m
Plètil lanmò !

Paj 7


JDE

OKAZYON POU FÈ BYEN RANN NOU RESPONSAB

|EVANJELIK
Chak fwa ou devan yon sitiyasyon ki fè w wè
ou ka fè byen, konnen ou responsab. Lè w wè yon pòv ap mande, ou dwe ba li nan sa w genyen.

Gen yon timoun ki grangou, ou dwe ba li nan sa w ap manje. E si yon moun bezwen yon èd, devwa ou se ede li depi w kapab e nan mezi w kapab.

Lè w kiltive bon abitid sa yo nan lavi w, l ap difisil pou w nan jije, pale mal, akize e denonse. Paske, antanke kretyen, ou responsab tankou tout kretyen pou w fè sa tout kretyen te ka fè.

Pa akize moun ki gen anpil lajan pou w pa bay nan sa w genyen ki pa anpil. Ou menm ak tout moun rich yo se menm. Nou chak dwe bay selon sa nou genyen, se pa egzije moun ki gen plis pou bay.

Si w ka montre verite a, ou pa bezwen tann yon lòt ki ka fè l. Ou ka lapriyè, pa tann lòt moun pou fè l.

Pa ale di sa w te wè, pandan ou wè a, tou di sa w dwe di a. Se konsa w ap evite peche e w ap sove moun anmenm tan.

Jérôme Dorsonne Emerson 

Poukisa paran w jalou?

|EDIKASYON SEKSYÈL

Paran w pa ba w levasyon pou w vyole prensip li yo. Sinon, li pa t ap enpòtan e li t ap kite w fè sa w vle. Alò, si li te pran responsablite li nan ba w sa w te dwe konnen, l ap atann w ap mete yo anpratik pou w ka vin moun ou dwe ye a.

Pou sa rive, fòk ou fidèl ak prensip li yo. Ebyen, chak fwa ou nan yon pozisyon, ou fè yon zanmi, ou gen yon konpòtman ki ale kont
prensip sa yo, li pè pou ou. Se sa k fè, lè li aprann yon moun ap koze avè w, ou renmen an kachèt, enkyetid li manifeste nan plizyè santiman tankou kòlè ak dout. Se kèk nan santiman ki ka mennen joure, vyolans, entèdiksyon, pale anpil ak tout sa w konn wè oswa konn sibi yo.

Se pa mechan paran w mechan, li pa egare tou, li pè pou ou. Malerezman, se pa tout paran ki konn kòman pou jere kòlè yo lè y ap fè jalou. Si w konnen sa, se ou ki pou evite sa. Ou pa dwe eksite paran w, depase limit li ba w. Lè konsa, se ou ki sous fristasyon li yo e ou ka viktim
pou lavi nan reyaksyon li.

Se dwa paran w pou l jalou nan sans sa a. Ou pa dwe wè sa mal. Paran ki pa sousye de ou a p ap janm di w anyen. Kèk timoun wè se libète, paran yo koul paske yo pa janm montre yo jalou. Se pa sa li ye tout bon. Paran w dwe yon gid pou ou, yon pwotektè, yon egzanp e nan anpil ka, yon konfidan.

Ou pa oblije di li tout sa ki nan panse w, tout sa w ap fè men si w santi w gen dout sou yon moun ou renmen oswa k ap fè w menas, ofri w lajan, premye moun pou w konfye sa se paran w.

Jérôme Dorsonne Emerson
In "ÈSKE W PRÈ?" PDF
paj 26-27

jeudi 6 août 2020

Kisa ki ka fè yon ti gason di l renmen m?

|EDIKASYON SEKSYÈL

Pou n kòmanse, ann raple nou renmen se yon santiman dwòl. Pi souvan, ou wè l parèt san w pa konn kote l soti. Pafwa, menm moun ki renmen w lan pa ka esplike sa. Li jis santi san li ale ak ou epi w domine lespri l depi jou li te wè w.

Konsa tou, pou pouse w reponn li rapid, moun nan ka ba w rezon li konnen k ap fè w plezi. Lè sa, li di w sa w vle tande, sa l konnen k ap fè w kontan epi se la li twonpe w. Men kòman w ap fè konnen sa? Se sa ki difisil la. Toutfwa, ban nou atire atansyon w sou 11 rezon ki ka fè yon ti gason renmen w:

Pa gen yon rezon ki 100% akseptab. Egzanp, ou ka bèl epi li renmen w pou sajès ou.

1. Bote fizik ou

Bote yon fi se souvan premye siy ki fè yon gason renmen l. Se sa k fè majorite fi konte sou bote yo. Genyen menm ki neglije konesans pou jere l.

2. Bèl vwa

Fi souvan gen bèl vwa ki fè lè l ap pale, gason renmen tande l. Sa sifi pou li renmen w.

3. Koulè w

Renmen pou koulè po plis kay fi pase kay gason. Toutfwa se pa koulè a ki pi enpòtan, li atire gason an sou lòt kalite ki lakay ou. Kifè, si se bèl koulè w genyen, nwa oswa wouj..., fò w travay lòt kalite lakay ou tou.

4. Yon pati nan kò w

Se ka bouch ou, cheve w, sen w, fès ou yo, vant ou, men ou, pye w oswa nen ou. Se pa bagay moun ki renmen an ka fin esplike w sof pou pati jenital ou ki ka fè w panse se pou sèks.

5. Sajès ou

Lè yon fi saj, ke l parèt bèl fizikman ou pa, yon gason ka renmen l. Se yon kalite tout fi ta dwe kiltive.

6. Entèlijans ou

Sitou nan lekòl oswa inivèsite, si w entèlijan, gen gason ki pa bezwen lòt rezon pou l renmen w. Men, se pa lekòl sèlman ki montre moun entèlijan. Nan yon metye, nan komès, ou ka entèlijan tou.

7. Talan w

Ou konn chante, ekri, danse, fè desen, manje oswa pwodwi patisye? Ou ka atire yon gason men w pa oblije renmen ak tout moun ki renmen w pou talan w.

8. Tay ou

Ou kout, wo, seksi, gwo, nòmal, sa yo sifi pou fè yon gason renmen w. Alò, pa devalorize tèt ou di yon gason pa renmen w pou jan w ye. W ap jwenn yon lòt.

9. Yon senp jès

Pandan yon rankont, yon jounen, nan Legliz la, lekòl la oswa nan zòn ou an, yon senp jès ka fè yon gason kòmanse swiv ou.

10. Enterè

A wi! Pou sa w posede, byen oswa lajan, yon gason ka renmen w. Renmen an ka vrè men l plis fo.

11. Kouraj ou

Ou pa timid, ou gen kran pou w pale pou w di sa w panse san krenn kwayans oswa pòs pèsonn. Se yon bon rezon ki fè gason bezwen genyen w.

Sepandan, tout gason nan monn lan ka gen dimil rezon pou renmen w, ou pa ka anpeche sa men w ka fè chwa w selon gou pa w, valè w, konsepsyon w, kwayans ou. Pa janm bliye sa: se pa sa yo di w, se sa w santi, sa w vle...


JDE

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...