vendredi 6 mars 2020

Kisa pou m fè si paran m pa dakò gason m renmen an?



Li rive souvan, jèn fi an konprann entèdiksyon paran li nan renmen vle di:

1. Li pa renmen l
2. Li pa konprann li
3. Li kont chwa l
4. L ap anmègde l
5. Li pa vle l prepare avni l

Gen lòt rezon ankò ou konnen pi byen pase m, men èske w janm pran yon ti tan pou w reflechi sou pwen sa yo chak fwa ou reyalize paran w anpeche w viv yon relasyon damou?

1. Li te renmen avan w
2. Li te pote w pandan 9 mwa
















3. Li te fè tout sa k posib pou w te ka fè chwa pa w jodi a
4. Li renmen w
5. Li pa vle pou w echwe
6. Ou p ap pase tout tan w ak li
7. Li te nan menm sitiyasyon avè w lè l te nan laj ou



M konnen l posib pou youn nan 13 pwen sa yo m site la pa 100%, se nòmal men m pa t vle pran tan pou note sa jis pou fè w patisipe nan refleksyon an.

Mwen pa gen entansyon ba w yon konsèy ki pral gide w san volonte w ak konsepsyon w. Toutfwa, si kesyon vrèman preokipe w, mwen konseye w fè yon ti reflechi pèsonèlman oswa ak zanmi w oswa sou yon fowòm sou 7 pwen m site nan rezon ki ka fè w wè entèdiksyon paran w yo sou yon lòt fòm.

Pou sa ki konsène gason yo, byenke ka sa a mwens pwodwi, se menm konsiderasyon an, sofke paramèt yo ka apwofondi parapò ak plis libète yo genyen pou renmen. Malerezman, se libète sa yo genyen an ki fè fi yo plis viktim. Paske, si paran yo te met menm siveyans la sou ti gason yo, tifi yo t ap plis pwoteje. Domaj, paran yo kontribye nan matchis la nan minimize enpòtans edikasyon seksyèl tigason yo. Se pa san rezon gen tout ka sa yo kote se jèn fi k ap sibi vyol, agresyon, fè pitit san papa responsab e se plis tigason ki nan prizon.


M t ap kontan resevwa avi pa w, kesyon w, sijesyon w sou sijè sa a nan profesame@gmail.com.

Abone w ak blog la pou w ka jwenn notifikasyon sou nouvo atik k ap soti yo. 

Jérome Dorsonne Emerson

2 commentaires:

  1. Mwen li e mwen wè tèks la gen anpil leson ladanl. Mwen konprann tou ke tout atitid yon paran k genyen anvè pitit li depan de sosyete yap viv la.
    Daprè sa mwen viv nan lot peyi map mande, èske se pa kilti oubyen mès peyi nou ki konn koz pafwa paran yo antre trè lwen nan vi prive timoun?

    Se vre paran rete paran,li dwe gen kontwòl pitit li pandanl pako majè,men nan chwa santimantal mtwouve paran yo antre twòp. Se kòmsi paran an vle rekòmanse yon lot vi pandan pal la preske rive nan fen. Se kòmsi mte ka di ankò,yo vle viv pou yo pa fe menm erè yo ankò oubyen tonbe nan menm pyèj yo,lol.

    Pa bliye kesyon an se;eske se pa yon pwoblem kilti ki koz paran yo aji konsa souvanfwa?

    RépondreEffacer
    Réponses
    1. Wi, se yon pwoblèm kilti. E pwiske se sa, nou obljje abòde l konsa paske n pa ka pran yon kilti pou n aplike l nan yon lòt. Kifè, timoun yo bezwen konnen sa. Paske lè yon fi ansent an Ayiti, li pi fasil pou l echwe pase Etazini ki gen yon sistèm ki pran ka ki grav pou nou yo an chaj.

      Effacer

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...