vendredi 6 mars 2020

E si w te yon sous enspirasyon?

ACHIV: 6 MAS 2018

Gen yon panse ki di: Pafwa, move bagay ki rive n yo mete n sou chenmen pou n fè pi bon bagay. Sa depan de atitid ou genyen devan echèk yo, fason w reyaji fas ak obstak yo. Si se pa t sa, pèsonn pa t ap reyisi nan lavi.

Tout bagay ka enspire w nan lavi. Wi, tout bagay ka yon sous enspirasyon. Chak moun ou te kwaze nan relasyon zanmitay, santimantal oswa pwofesyonèl ka vin yon sous enspirasyon pou ou. Sa depan de sa w vle tire a: avantaj oswa dezavantaj, byen oswa mal...

De tout fason, nou chak se yon egzanp pou lòt, yon leson pou lòt, yon rezon ki fè yon lòt vle avansa oswa fè bak, yon mak, yon referans, yon sijè refleksyon pou yon tan oswa pou lavi.

Trè souvan, se moun ki fè nou byen nou rekonpanse alòske gen anpil moun ki fè n mal nou ta dwe medaye. Wi, anpil bèl bagay rive w, ou jwi anpil privilèj, Bondye louvri anpil pòt pou ou akoz yon moun ki te rejte w, yon zanmi ki te twonpe w, yon paran ki te bliye w, yon patwon ki te revoke w, yon menaj ki te kite w, yon pastè ki te sanksyone w, yon moun ki te minimize w. Moun sa yo merite remèsiman w san ipokrizi.

Pafwa, menm ou menm konn di poukisa se ou. Poukisa se ou ki nan plas ou ye a, se ou ki nan eta sa, se ou ki marye ak moun sa, se ou ki nan pwoblèm sa, se ou Bondye chwazi pou akonpli misyon sa.
Anpil evenman k ap pase, bòn nouvèl w ap jwenn te ka pwodwi aza si Bondye ki te kreye linivè a pa t gen kontwòl tan ak sikonstans yo, si l pa t illimite nan tan ak nan lespas. Men pwiske li la, pinga nou kwè sa k ap pase yo se aksidan.

Se pa paske w gen pwoblèm ak Jan pou w swete pwoblèm li pa janm rezoud. Se pa paske w rayi Jak pou w pa vle pèsonn renmen l. Se pa paske w pa ka sipòte Lik pou w vle tout moun rejte l. Dayè, ou pa dwe janm bliye Bondye la pou delivre, renmen, sipòte ak padone.

Toujou met nan tèt ou chak sa w pa fè gen yon moun k ap fè l, kòmanse ak Bondye. Ou pa gen dènye mo a, ni mwen ni pèsonn pa gen dènye mo a. Pandan w ap mande pou malè rive yon lòt, w ap mande pou Bondye pwoteje w, kòmsi se ou ki gen dwa jwenn pwoteksyon epi lòt la pa gen dwa. Ameriken an t ap di: Come on!

Li posib pou w kòmanse konprann apati jodi a ou se yon sous enspirasyon, mwen menm ak tout lòt moun ou gen pou rankontre. Nan chak bagay k ap rive w nan vi sa, chache konnen kisa w ka tire byen oswa mal ladan. Si w toujou vivan aprè nenpòt sa k rive a, konnen w pa pèdi paske sak pi enpòtan an ou genyen l. Se lavi.

Nou pa ka kontwole konbyen mò ki ta renmen resisite. Podyab, yo pa konn anyen. Nou pa konnen konbyen malad lopital ak kay bòkò ki ta renmen bay tout sa yo posede pou yo gen lavi sa ki nan ou a. Ou pa imajine kantite moun rich ki tap rejwi si yo ta di yo pa gen lanmò pou yo.

M pa anvi fin di koze jodi a men m ap fè w konnen li pi fasil pou yon moun ki dakò pèdi tout bagay pou l reyisi ke yon moun ki gen tout bagay men ki pa satisfè.

Kite lavi a enspire ou!
Kite lavi a aprann ou!
Kite lavi a korije ou!
Ou pa la pou lontan !

Jérome Dorsonne Emerson

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...