vendredi 6 mars 2020

Planifye oswa lapriyè avan, kisa pou m fè?

Maten an, pandan mwen t ap pale ak yon zanmi sou yon sijè prive, li te vle fè m konprann nan tout sa l t ap di m yo, volonte Bondye vin avan li aji. Lè l gen yon pwojè, li lapriyè Bondye epi l ap tann. Si se volonte Bondye, l ap fèt, sinon li p ap fèt. E tou swit, kesyon sa a te vin nan lespri m pandan m t ap vire kite l nan biwo l: Èske m dwe planifye avan m lapriyè oswa lapriyè avan?

Mwen p ap reponn kesyon sa a pou m fè moun ki kwè nan lapriyè dekwè epi adopte sa m pral di a. Mwen vle reponn pou m montre lyen ki genyen ant lapriyè ak planifikasyon nan volonte Bondye. Annou di tèt nou gen twa mo ki ka ede nou jwenn yon repons edifyan: LAPRIYÈ, PLANIFIKASYON AK VOLONTE. Kisa twa mo sa yo vle di?

Lapriyè se PALE AK BONDYE.
Planifikasyon se OGANIZE DAPRÈ YON PLAN
Volonte se SA YON MOUN (BONDYE) VLE OSWA DEZIRE

Annou sipoze nou prevwa yon aktivite pou evanjelize nan 8 jou k ap vini. Nou planifye daprè 6 kesyon fondamantal pou planifye yon evenman (https://lestextesdejde.blogspot.com/2020/02/planifikasyon-6-kesyon-pou-w-planfiye-e.html). Èske se yon erè si n pa t lapriyè avan nou te fè sa? Èske sa n ap fè a pa nan volonte Bondye deja? Si wi, èske n toujou bezwen lapriyè menm lè nou konnen sa n ap fè a bon?

Nou imajine dezyèm ka sa a kote n ap lapriyè pou n konnen si Bondye vle n reyalize yon tounen evanjelizasyon nan uit jou. Uit jou pase, nou pa jwenn pyès repons. Èske se pa paske Bondye vle ki fè l pa reponn? Èske l reponn epi n pa konprann? Èske n te oblije lapriyè pou n konnen si l dakò?

Dènye kesyon sa a ka ede n reponn kesyon prensipal la koulye a: Planifye oswa lapriyè, kisa pou m fè avan? Daprè mwen, lapriyè dwe fèt avan, pandan e aprè, sa depan de rezon m lapriyè a. 

Mwen lapriyè avan pou Bondye akonpanye m nan evanjelizasyon an paske se volonte l deja, menmsi gen danje ladan. Dayè, misyon Jezi te bay disip yo pa t janm san danje. Kidonk, si se pou evite danje m lapriyè, li pa bon. Okontrè, m lapriyè pou Bondye akonpanye m nan nenpòt sikonstans k ap rive nan evanjelizasyon ki ta aksidante oswa mouri.

Mwen lapriyè pandan evanjelizasyon an pou Sentespri touche kè moun m ap evanjelize a. Se pa mwen ni pawòl mwen k ap konvèti pechè a. Se pouvwa Sentespri a. Kidonk, pandan tout predikasyon an, mwen dwe lapriyè. 

Mwen lapriyè aprè pou m di Bondye mèsi ke gen konvèsyon ou pa. 
1) Mwen obeyi, 
2) Mwen preche, 
3) Mwen simen pawòl la (Bondye k ap fè l leve)
4) Mwen avèti moun sa ki pral pase aprè lanmò, 

Pou fini, nan yon kontèks ki pi elaji, mwen panse lapriyè avan oswa aprè planifikasyon pa pwoblèm pwiske Bondye gen kapasite pou l aji nan pawòl nou ak aksyon nou. Li posib pou sa n ap planifye a se travay Bondye. Answit, depi nou se pitit Bondye, li dirije panse nou. Ki fè, planifikasyon nou yo se rezilta prezans Sentespri li nan lavi nou. Ke nou lapriyè avan oswa planifye avan, nou pa dwe janm ezite aji lè nou santi sa nesesè, sitou lè Bib la, Pawòl Bondye a, deja pale sou nou prevwa fè a. 

Jérome Dorsonne Emerson
 
 

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...