vendredi 15 janvier 2016

Meditasyon pou jodi a #79 : Pou evite divòs ak remaryaj ilegal (twazyèm pati)

Sa ki lakoz divòs
Otorizasyon Moyiz bay pou divòs la pa fè remaryaj la yon enpozisyon, pwiske moun ki inosan an ka padone moun ki fè adiltè a. Anplis, direktè lalwa yo ak farizyen yo te kondane fanm adiltè a alòske Jezi te padone li, li di: “ Ou mèt ale. Men, pa janm fè peche ankò” (Jan 8.11). Si moun ki koupab la toujou kontinye nan enfidelite a, moun ki viktim lan ka divòse ak li, men li pa oblije remarye. Entèpretasyon sa a ka valab pou moun ki te marye avan yo te konvèti. (1 Korent 7.12-17).
Yon kòz ki pa bon
Remaryaj la posib men sa ki lakoz li a pa bon. Moyiz te pèmèt divòs akoz kè lòm te di e non paske sa te nan volonte Bondye ni se pa t pou fè lòm pase pou pi bon devan fanm. Annou wè kisa ki te pwovoke tipale sa a ant Jezi ak farizyen yo.
Ilèl ak Chamayi
Ilèl ak Chamayi se te de chèf relijye ki te reprezante de gwoup opinyon nan peyi Izrayèl nan epòk Moyiz la. Yo pat entèprete divòs lejitim nan menm jan (Detewonòm 24.1-4). Pou Ilèl, mari a te ka divòse ak madanm li pou kennenpòt bagay la, tandike Chamayi te anseye ke divòs la pat dwe fèt ke pou yon bon kòz. De entèpretasyon sa yo te divize pèp la.
Menm jan yo te fè l pou fanm adiltè a, jwif yo te bezwen pran Jezi nan pèlen ak kesyon sa a: “Eske lalwa nou pèmèt yon nonm kite ak madanm li pou nenpòt ki kòz?” (Matye 19.3). Repons Jezi te bay la te voye entèpretasyon Ilèl la jete e li te ale pi lwen ke pa Chamayi a (Matye 19.9). Kounye a, pou yon mari divòse ak madanm li, li te dwe kenbe li nan adiltè. Sinon, pa p gen ni divòs ni remaryaj. Tout jan divòs la ak remaryaj la ta fèt, depi se pa kòz enfidelite, l’ap bay adiltè pou rezilta.
Yo fè konnen ke te gen kèk mari ki te konn fè plan pou madanm yo tonbe nan adiltè, yon fason pou yo te ka gen prèv pou divòse. Erezman, moun k’ap jije adiltè yo konn tout bagay. Pa gen moun ki ka twonpe li. Non li se Bondye. Yon kretyen ki konnen Bondye ap aji daprè lwa Bondye a ki ekri nan kè li (Som 119.11). Siw ranje kò w pou detwi lalwa Bondye a, se ou menm k’ap detwi paske non sèlman remaryaj la ka lakoz adiltè, men sa ki pi rèd la se pèdi nanm ou an akoz adiltè (1 Korent 6.9).
Yon vrè mari kretyen ap okipe zafè ki pou fè madanm li plezi, li pap chache rezon pou divòse ak li. Se menm bagay la pou madanm ki kretyen an (1 Korentyen 7.32-34). Bib la pa pale sèlman de soumisyon madanm nan (1 Pyè 3.1), men li pale de lanmou ( Efezyen 5.22) ak sajès mari a nan vi l’ap mennen ak madanm li (1 Pyè 3.7).
Ke Sentespri Bondye lave tout ou menm ak dlo pawòl li pou w ka konnen sa Bondye vle, sa ki byen, sa ki fè l plezi, sa ki bon nèt ale”.
Se pou ou byen medite ! Pase yon bon jounen !
Aswiv…
Jérôme Dorsonne Emerson

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...