samedi 16 janvier 2016

Meditasyon pou jodi a #80 : Pou evite divòs ak maryaj ilegal (Katriyèm pati)


Divòs: èske se bon chwa a vre ?

Pi souvan, nou gen anpil detèminasyon pou nou marye. Pou sa fèt, nou prè pou n fè tout kalite sakrifis. Nou fè gwo depans pou òganize maryaj la ak pou resevwa moun. Nou prete gwo machin pou n fè wè nou kontan. Pafwa, nou prete lajan menm si n pa konnen kote n ap jwenn li pou remèt.

Poukisa nou pa fè menm sakrifis la pou n sove maryaj la olye nou kraze l ? Pafwa, nou dakò pou n kite paran nou yon fason malonèt e nou menm riske lanmò pou n ka viv ak fiyanse nou. Nou pa vle kwè chwa nou fè a pa bon. Nou tèlman avèg nou konn rejte konsèy paran nou, konsèy zanmi nou ak responsab Legliz la.

Avan, nou te sèten ke se te volonte Bondye. Se Bondye ki te banm madanm sa a. Mari mwen se chwa Bondye fè. Poutan, kèk mwa oubyen lane apre, nou kòmanse doute de chwa sa a. Nou pa gen menm lanmou ki te fè n marye a. Solisyon ki pi bon an se divòse. Eske nou sonje sèman nou te fè nan seremoni  ki te fè envite yo bat men yo ? Eske nou sonje tibo nou te fè ki te fè moun ri ? Bondye te la.

Kounye a, lè nou vin konprann ke nou te fè yon move chwa, nou pa vle fè pyès sakrifis. Nou pa okipe kòmandman Bondye yo sou maryaj la. Nou prè pou n vyole tout prensip biblik yo pou n debarase nou de madanm nou te renmen an, mari nou te chwazi a. Epi nou panse ke nou ka pase Bondye nan betiz lè n bezwen kraze angajman ke nou te pran nan non li ? Non, zanmi mwen, bagay yo pa konsa.

Se nan ipokrizi ke nou renmen chante sa a : « Lè Jezi di wi, pèsonn pa ka di non ». Ebyen men kesyon m nan : « Eske Jezi te di ‘wi’ nan maryaj ou a ? » Si se sa, èske se pa Satan kap di non jodi a ?  Si se pa sa, se manti nou te fè lè nou te pran non li pou temwen. Ebyen, èske se ta yon krim si se pri sa n te fè a n ap peye ?

Fè yon ti reflechi frè m, sè m ! Paske volonte Bondye se pou maryaj la dire jiskalamò.

Se pou w byen medite !

Jérôme Dorsonne Emerson

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...