dimanche 24 avril 2016

Eske Bib la se pawòl Bondye vre?

Meditasyon pou jodi a, No 178
Samdi 23 avril 2016
Eske Bib la se pawòl Bondye vre?
Tout kretyen dakò ak deklarasyon sa a: “Bib la se pawòl Bondye”. Men sa pa anpeche gen anpil obstak nan mitan yo. Pami tout obstak sa yo, ann analize yon sèl jodi a: divizyon.
Divizyon yo la nan legliz kretyen yo avan tout mond la te jwenn Levanjil la. Jan Salomon di l la pa gen anyen ki chanje sou latè beni : « Menm lè nou di : Gade ! Men yon bagay ki nèf, bagay la te la deja depi nan tan lontan avan nou te fèt” (Eklezyas 1.10). Sepandan, lòm pa kondane akoz desten li paske depi lè mond la kreye te toujou gen moun ki kwè nan Bondye ak moun ki pa kwè. Konsa, okenn moun ki pa kwè pa ka jistifiye sa nan tan pase paske Bondye te toujou yon Bondye ki gen lanmou.
Divizyon yo vin pi plis paske vin gen plis moun ki kwè nan Bondye, plis legliz e plis estrateji dyab la mete pou divize kretyen yo. Annou li ak atansyon 1 Korent 1.12!
“Men sa m vle di: Chak moun ap di yon bagay diferan. Sa a di: mwen se moun Pòl. Yon lòt di : mwen se moun Apolòs. Yon lòt ankò di : mwen se moun Pyè. Yon lòt ankò di : mwen se moun Kris la ».
Eske se pa menm bagay sa a k’ap pase jounen jodi a lè chak moun ap pale konsa :
« Sa a di : mwen se pwotestan. Yon lòt di : mwen se katolik, Yon lòt ankò di : mwen se advantis. Yon lòt ankò di : mwen se Temwen Jeova. »
Poutan, n’ap sèvi yon sèl Bondye ki fè konnen kiyès li ye nan yon sèl Bib, e an menm tan, nou chak vle fè konnen ke nou pi bon. Annou li sa Pòl te di apre sa :
« Nan kondisyon sa a, Kris la genlè divize ? Eske se Pòl yo te kloure sou kwa a pou nou ? Osinon, èske se nan non Pòl yo te batize nou ? » (1 Korent 1.13)
Repons kesyon sa a nan menm liv la: “ Se sa k fè, nou menm, kit nou jwif, kit nou pa jwif, kit nou esklav, kit nou pa esklav, nou tout nou te resevwa batèm pou n te ka fè yon sèl kò ansanm, pa pouvwa yon sèl Lespri a. Nou tout nou te bwè nan yon sèl Lespri a » (1 Korent 12.13).
Irvin Baxter t’ap di : « Se pasyonan » pou n remake ke Pòl pale de linite nan twa liv kote li pale de don yo. Nou sot li premye a (1 Korent 12), annou li yon vèsè nan dezyèm ak nan twazyèm liv la.
« Gen divès kalite don Sentespri a bay. Men, se menm Lespri Bondye a ki bay tout. Gen divès jan moun ka sèvi Bondye, men se yon sèl Senyè a n’ap sèvi » (Women 12.4-5)
« Gen yon sèl kò ak yon sè ; Sentespri, konsa tou se yon sèl Bondye a ki rele nou pou nou gen yon sèl espwa. Gen yon sèl Senyè, yon sèl konfyans, yon sèl batèm. Gen yon sèl Bondye, ki papa nou tout, k’ap domine sou nou tout, k’ap aji nan nou tout, ki nan nou tout” (Efezyen 4.4-6).
Si Bib la se pawòl Bondye a, poukisa moun k’ap itilize pawòl sa a divize? W’ap jwenn plizyè repons demen si Bondye vle (Jak 4.15).
Byen medite !
Jérôme Dorsonne Emerson

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...