dimanche 10 avril 2016

Foutbòl: yon lwazi ki prime sou evanjelizasyon

Meditasyon pou jodi a, No 165
Dimanch 10 avril 2016

Foutbòl: yon lwazi ki prime sou evanjelizasyon

(Aswè a, vin gade san kòb fim “Chambre de guerre” a Lyankou, pi ba Legliz Katolik la, apati 6è nan aswè, si tan an fè bon)

Yon obstak se yon difikilte ki anpeche nou aji. Se sa ki opoze ak sa nou dwe fè, ak volonte nou oubyen konsyans nou. Nou konnen kisa nou dwe fè men pou yon rezon oubyen yon pretèks, nou pa vle fè li. Se konsa anpil kretyen vin meprize evanjelizasyon an malgre tout efò ki fèt pou fòme yo.

Jounen jodi a, gen kèk lwazi ki prime sou devwa kretyen yo. Ann pran egzanp foutbòl. Yon vrè fanatik ap aranje li pou l konnen tout bagay de ekip li. L’ap defann vedèt li, l’apresye talan li yo e li fyè pou l pale de li tout kote li ye. Pafwa, pasyon li konn lakoz domaj, zen, e menm lanmò.

Lè ekip li kale, li kontan anpil e lè li pèdi li tris. Men sa ki dwòl la, li poko janm rankontre jwè ekip li yo oubyen jwè prefere li. Kisa ki mal nan sa ? Gen moun ki ta di anyen. Men kisa Bib la di : « Lavi ki p’ap janm fini an, se pou yo konnen ou, ou menm ki sèl Bondye tout bon an, ansanm ak moun ou voye a, Jezikri » (Jan 17.3). Pou w konnen Bondye ak Jezi, ou bezwen tan pou w pèsevere nan ansèyman (Travay 2.42) ak lafwa pou obeyi (Jan 20.29).

Premye eskiz yon swadizan kretyen ki pap evanjelize se « M’ pa gen tan ». Poutan, li tèlman gen tan pou konsakre nan foutbòl ke l vin yon pasyone e yon veritab konesè. Kanta pou evanjelizasyon an, li pa konnen kisa pou l di ni kòman pou l abòde yon zanmi l ki pa kretyen pou pale li de Jezi. Alòske li tap pran tout yon nwit pou diskite sou jwè prefere li. Sa se yon engratitid anvè Bondye!

Yon lwazi se yon tan ki disponib lè w pa p travay. Malerezman pou anpil kretyen, se yon lòt vi ki kont misyon li pou evanjelize lemond. Apot Pòl di: “Li lè pou nou leve soti nan dòmi, lè a sonnen, paske kounyeya, lè pou n fin delivre a pi pre nou pase lè nou te fenk mete konfyans lan” (Women 13.11). Moun ki refize mache sou prigad yo rayi tèt yo. Men moun ki asepte lè yo rale zòrèy yo ap vin gen plis bon konprann” (Pwovèb 15.32)

Pase yon bon jounen!
Jérôme Dorsonne Emerson
SOLI DEI GLORIA !

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...