mercredi 2 janvier 2019

12 rezon pou w pa kite legliz ou




Premye koze

Kite legliz se premye desizyon ki toujou vini a chak fwa gen yon pwoblèm. Nan yon tan ki pa konte, nou pral analize 12 rezon ki ta dwe fè yon kretyen pa kite legliz li.

Objektif sijè sa se pou kontribye nan yon pwosesis k ap mennen chanjman, priz konsyans, yon lòt lidèchip ki chita plis sou rezoud pwoblèm ki mennen koz pase jere pwoblèm ki soti nan konsekans yo.
Ou ka pataje refleksyon yo, kòmante yo e poze kesyon sou rezon ki trete a.

Premye rezon

Sans legliz la te genyen lè w tap kite lemond
Avan ou te pran desizyon konvèti, ou te wè legliz la te pi bon kote pou w vini. Petèt, se yon maladi, pèsekisyon, menas, zafè dyab rasyal ki te fè w vle kite lemond.

Nan premye jou yo, ou te santi w byen. Akèy yo te ba w te fè w santi w lakay ou, ou te dwe depi lontan.  Sa te menm fè w jire pap janm kite l jiskaske Jezi retounen.
Poutan, lè prèske tout bagay vin chanje, ou kòmanse panse pou w kite, swa pou w al nan yon lòt, swa pou w retounen nan vi w tap mennen yo.

Men si w te konnen vrè sans legliz la parapò ak nati lòm, travay enmi an, ou pa tap kouri pran desizyon kite l san w pa konnen poukisa ou menm ou la.

Sans legliz la

Legliz la gen 2 sans: yon sans lokal, yon sans inivèsèl.

1. Sans lokal

Nan sans lokal la, legliz la se yon kay oswa yon espas kote yon asanble reyini pou selebre lanmou Kris la, anseye nouvo konvèti yo pou fè yo pratike kòmandman l yo. Nan sans sa a, se asanble a menm ki legliz la, e non kay osinon espas la byenke se kontrè a ki plis aplike.

Men reyini menm kote pa vle di pataje menm kwayans e gen menm esperans, sitou si tout manb yo lib pou yo kwè sa yo vle e pèsevere selon nivo angajman yo. Paske tout moun ou pa ka fòse obeyi ka dezobeyi oswa revòlte pou defann opinyon pa l.
Reyalite sa fè se pa tout manb legliz la ki se vrè kretyen. Sa pa dwe etone w ni dekouraje w paske menm 12 disip ki tap mache ak Kris yo pat kwè nan li jis youn te trayi l, youn te renye l e youn te doute de li. Men sa pat fè l te vrè pitit Bondye a e akonpli misyon li sou latè. Anyen pat anpeche l fè volonte Bondye. Okontrè, se kote w jwenn plis pwoblèm nan w ap konnen si w gen apèl ou vre paske sinon, pou pwoblèm ki gen legliz nan jere moun ak byen, anpil pastè tap bay vag deja, alewè yon senp manb.

2. Nan sans inivèsèl la

Nan sans inivèsèl la, legliz la se tout moun ki sove nan lemond, kidonk, nan tout legliz lokal ki sou latè. Pou egzanp, li posib pou 5 manb nan legliz ou vle kite a fè pati milyon kretyen ki sove deja. Èske w pa youn ladan yo? Si wi, se la w te jwenn konesans pou w sove, pa vre? Sa vle di, li pa pi mal pase sa.
Reyalite legliz la nan 2 sans li yo pa chanje nan nenpòt legliz ki sou latè. Avèk premye rezon sa, ou ka kòmanse repanse pwojè pou w bay asanble  w ap mache a vag.

Ann swiv👇
Dezyèm rezon: Legliz la te gen pwoblèm depi nan kòmansman

Jérôme Dorsonne Emerson 

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...