jeudi 5 mars 2020

Ou pa bezwen kretyen pou w onèt


Nan kilti ayisyen an, e se reyalite nan anpil lòt peyi, yon kretyen se yon moun serye. Se yon sitwayen tout moun ka fè konfyans. Premye rezon an: li se yon sèvitè, yon sèvant Bondye. Depi yo di: a! Entèl se kretyen wi. Yo respekte l.

Dezyèm rezon an se paske, trè souvan, yon kretyen se yon moun ki repanti de move aksyon l yo. Li soti deyò, nan sans sistèm monn lan, pou l viv yon lòt vi. Sou baz sa a, kretyen se bon moun e gen moun ki menm panse yo pa ka ni dwe fè peche. Men, èske se sèlman kretyen ki ka onèt?
Non!

Ou ka fè pati nenpòt relijyon, epi w onèt. Yon vodouyizan, yon mason, yon mizilman, yon boudis, yon endouyis ka onèt. Ou gen dwa pa relijye epi w onèt. Alò, kisa onèt la ye menm? Kilè yon moun onèt?

Se yon moun ki konfòme l ak tout sa ki bon. Li dispoze li pou l fè sa ki bon, sa ki lwayal, moral e evite sa ki mal. Yo rele yo "bon moun". Yo gen kouraj pou di sa yo santi, respekte prensip nan prezans e nan absans moun. Gen yon otè ki te di: se pa lè w an prezans moun ou onèt, se lè yo pa la. E se vre, montre w se bon moun lè gen yon piblik, lè mèt sa w ap jere a la, lè yon grandèt la pa detèmine onètete w. Se ka ipokrizi. Se nan absans yo, selon rapò yo jwenn de ou, selon travay ou fè, temwanyaj yo bay de ou ki fè w onèt.

Kidonk, onètete se rezilta bon jan levasyon. Ou pa bezwen ale Legliz pou w konsa ni w pa bezwen kache kò w dèyè yon chè, yon mikwo, anba yon jip, dèyè vès ak chemiz manch long, fè gwo etid pou w onèt. Bondye vle pou n onèt, lalwa nan peyi nou mande pou n onèt e lafanmi gen devwa pou l leve timoun yo pou yo vin onèt. Se pa Bib la sèlman ki mande sa.

Pa jije yon moun bon sou kwayans li, byenke se sa l ta dwe ye, men paske gen moun k ap kache dèyè kwayans pou fè move aksyon, nou dwe rezève jijman yo, bon ou pa, pou n kite aksyon yo detèmine kilès ki onèt ou pa.

Èske w onèt nan kominote w la? Nan asanble w la? Nan travay ou a? Sou rezo sosyal yo? Reflechi sou aksyon w yo, konsyans ou ap ba w repons la.

Jérome Dorsonne Emerson
ATELIER 2020

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...