jeudi 5 mars 2020

Nou pa bezwen fè menm bagay pou n chanje figi lakay


Gen ministè, okipasyon, travay ou genyen se renmen ki motive l. Si se te pou lajan, ou te kite sa lontan. Gen lòt, se lajan sèlman e gen lòt ankò se jis yon opòtinite w ap chache. Li difisil pou yon moun k ap batay, m pa di jwe, pa alimante ak youn nan twa entèrè sa yo: renmen, lajan oswa opòtinite. Touletwa ka kontribye nan chanjman.

Si se renmen ki motive w, ou gen pasyon pou sa w ap fè a, ou riske, ou bay tout enèji w, ou ka rive fè gwo enpak tankou Desalin, Gandhi, Che, Nelson Mandela, elatriye. Se pasyon ki fè moun sa yo te depase tèt yo e ki te fè yo wè pi lwen pase anpil moun.

Jodi a, ou menm k ap evolye nan kominote w la, ki vle pou sitiyasyon yo chanje, ou bezwen wè pi lwen, ale pi lwen. Sinon, w ap bezwen fè tout bagay pou w kontribye nan yon lòt sosyete men w p ap reyisi.

Ou pa bezwen fè menm bagay ak mwen ni yon lòt pou patisipe nan lòt sosyete n ap chache a. Nou ka met ansanm pou n ale pi lwen. Si n gen menm objektif, menm vizyon, nou ka kolabore depi rezilta a se pou kominote a. Imedyatman nou nan konkirans, se fòs nou n ap chache montre e se la, egoyis ak engratitid pral mete pye pou gate sa. E ki sa w jwenn pou glwa lè w ap goumen pou w montre w pi fò pandan antouraj ou fèb? Ki satisfaksyon w genyen lè w chaje diplòm nan yon domèn pandan zòn ou ap soufri de solisyon w ka pote?

Ou gen pou pi piti yon talan, yon kapasite Bondye envesti nan ou ke pèsonn pa ka retire. Ou gen pasyon pou yon domèn, ou fè l fasil, lòt moun rejwi lè w fè l. Ou pa bezwen fè sa lòt moun ap fè ni anpeche moun fè sa w pa ka fè. Pouki w pa itilize talan w genyen an pou rann kominote w la sèvis? Dayè, tout sa w fè pou zòn ou, tounen vin jwenn ou e se pa yon kado ou fè l, se yon devwa, yon jès anretou.

Kisa l ye? M pa konnen. Ki enpòtans li? Mwen menm ak antouraj ou ta renmen konnen.

Jérome Dorsonne Emerson

ATELIER 2020

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...