jeudi 5 mars 2020

Se nou ki ewo yo!


Nan fim "Écrire pour exister", David Moritz, ki baze sou liv " The freedom writers Diary", madmwazèl Je ap dirije yon klas difisil ki gen an majorite jèn ki nan gang k ap goumen tout tan nan blòk yo. Nan yon devwa rezime yo te gen pou fè sou yon liv ANNE FRANCK ekri, Eva, youn nan elèv yo te fache sou madmwazèl la paske pou li istwa a te mal fini poutèt pèsonaj li renmen an mouri. Makis te wè istwa a bèl nan yon lòt fason. Li bay pwofesè a ide ekri youn nan pèsonaj yo ki te toujou vivan, men li te vyeyi. Li te abite Amstèdam. Elèv yo di y ap kolekte fon pou fè l vin rankontre yo.

Lè otè a te kòmanse pale ak yo sou sa ki te rive l, Makis ki te al akeyi li, di l konsa: M pa janm gen ewo kòm modèl nan lavi m. Ou se ewo m nan. Dam nan di: "O, non, non, m renonse ak sa. M pa yon ewoyin. Mwen te aji jan m te dwe aji paske fò m te fè sa, se tou. Nou tout se moun òdinè, nou menm ak mwen. Menm yon sekretè òdinè, yon fanm nan fwaye l, yon adolesan, nan fason l kapab, ka fè yon limyè parèt kote ki gen fè nwa. Mwen te resevwa lèt nou yo, mwen te li yo. Pwofesè nou an te pale m anpil de sa n ap viv. Se nou menm ki ewo yo. Nou se ewo chak jou nan lavi nou."

Chak fwa m raple m fim sa a, m di tout aysiyen k ap viv se ewo. Nou fè fas ak lanmò chak jou, nou wè sa ki ta dwe nan fim. Nou viv sa militè ta dwe viv nan lagè. Nou pase tout move moman ki ta dwe fè n tiye tèt nou. Men malgre tout bagay, nou toujou vivan, n ap viv tankou moun ki nòmal men nan lespri nou, nou mouri.

Se pa moun ki reprezante nou yo ki se ewo. Se pa Superman, Batman, Spiderman, Flash ki se ewo. Yo monte fim men nou menm n ap viv montaj yo.

Si nou gade dèyè pou n wè sa n te pase, n ap wè nou pa gen rezon pou n kontinye viv nan divizyon paske viv ansanm nan pi fasil.

EWO PA GOUMEN AK EWO. YO MET TÈT ANSANM POU PWOTEJE EKSPLWA YO.

Jérome Dorsonne Emerson
ATELIER 2020

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...