dimanche 19 avril 2020

E si nou te pwofite konprann vrè sans lavi a?



An reyalite, m pa pè lanmò. M konnen depi m fèt, fòk mwen mouri yon jou, menmsi se pa sa m vle nan fon kè m. E natirèlman, Bondye pa t kreye m pou m mouri. Se konsekans peche ki fè sa.

Sa fè 2 fwa nan egzistans mwen, m konsyan de 2 fleo ki menase vi m. M t ap mouri 12 janvye 2010 e men Covid-19 pa twò lwen m. Sa di, lavi a ban m sèlman 10 lane pou m te pwofite konprann vrè sans li. Kisa m te fè avè l? Ki rezon m bay Mèt lavi a pou l te kite m vivan e kisa m pral fè ak kantite l pral ban m si m travèse Covid-19 la?

M ap imajine moun k ap mouri pa santèn nan gwo peyi san yo pa nan lagè, san yo pa menm voye yon kout pwen kont advèsè a, omwen yo pa ta mouri lach. Elas, lenmi an ap avanse, frape, tiye byen trankil. Byen lwen m, yo te panse yo alabri ensekirite lakay. Poutan, se la mouche lanmò ap simaye ensekirite san l pa manyen zam. Vrèmanvre, pa gen kote ki gen lapè sou ti bout tè sa.

M reyalize koze peyi pòv, peyi rich, peyi devlope, peyi sou devlope se yon seri de tèm lòm itilize pou inyore frajilite l. Si move konstriksyon te fè n pèdi plizyè santèn milye ayisyen, bon konstriksyon pa ka anpeche gwo peyi yo pèdi plis pase sa. M pa kontan, m p ap rejwi paske m poko touche men m reyalize lanmò pa kyè de sa n ap fè: etid nou, devlopman nou, siksè nou, maryaj, banbi, vwayaj, elatriye. San zatann, li frape pòt lavi nou.

Finalman, aprè nou fin fè gwo envestisman nan konstwi gwo pon, yo pa ka fè n travèse pandemi an. Nou chaje zam nikleyè men youn pa ka tiye kowona. Dayè, kowona se nou. Se tankou yon lespri malè ki antre nan nou pou l simen lanmò nan mitan nou.

E si n te pwofite konprann vrè sans lavi a pandan nou ret lakay nou? Kot tout sakrifis nou t ap fè yo? Pouki n t ap imilye moun konsa? Kot tout prese nou yo ki te fè n pa t janm gen tan pou zanmi, fanmi, pitit nou yo? Kot rezèv nou yo?

Èske si m ta ekri w di m grangou, w ap gade m mal? Ki avantaj ou genyen sou moun ou te jije ki twò raz pou ou yo? Twò sòt pou ou yo? Apa danje a kanpe dandi douvan nou tout pou l kwape rèv nou yo, kisa w reyalize zanmi m?

M renmen tande mizik sa ki di:
A City of Justice
A City of Love
A city of Peace
For every one of us
We all need it
We can't live without it...
Gotham City (R. Kelly)

Kisa n ap fè pou n fè Ayiti yon peyi kote lajistis, renmen ap lapè renye? Nou tout bezwen l, nou pa ka viv san li. E si se konsekans echèk sa a ki fè n pa pare pou n fè fas ak Covid-19 la? Èske n t ap regrèt ale si n te travay pou yon bon peyi konsa?

Ki vrè sans lavi si n pa t ap viv pou n byen mouri?
.....

JDE
11/04/20

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...