dimanche 19 avril 2020

Konkirans se youn nan obstak ki kraze anpil byen n ap fè



Sa fè yon bon ti tan, depi parèt Covid-19 la, n ap swiv yon kokenn chenn polemik ant Fernando Estimé, Guy Wewe, Johnson Napoléon ak Carel Pedre.

Pou di vre, se pa mesye sa yo ki mete tèt yo nan konpetisyon, se plis fàn yo ki jije youn gen plis "views" pase lòt. Poutan, si w byen pran san w pou w analize travay chak pèsonaj sa yo, w ap wè yo chak gen yon travay y ap fè pou byen Ayiti. Se 4 moun totalman diferan, m swiv yo tout e m wè l difisil pou m konpare yo. Elas, m gen enpresyon gen moun ki plis entèrese ak polemik la pase sa Fernando ap di.

Lè travay yon pwofesè, yon diplomat lakoz zen, pou n raple sistèm nou, se prèv nou poko prè pou n resevwa bon jan ledikasyon sinon pawòl pou mete nou dozado. An menm tan, m kontan paske pwofesè a pa chita sou polemik la, l ap jere travay li. Aktyèlman, Carel ap fè yon bon travay nan gide jèn yo aprann an liy. Johnson ap pale de biznis ak inivèsite l. Kòm pa gen aktivite konpa, ta sanble Guy Wewe fè yon ti poze pwiske se li yo plis tag. M ret kwè pwomosyon mizik aysiyen an jwenm bon bourad ak li, san m pa bezwen konsidere fay oswa erè li fè, menm jan ak tout lidè nan nenpòt domèn ki sou latè.

An Ayiti, depi w pase lekòl Mè ak Frè, tout moun kwè w fò. Men lè w ap gade nan de grenn je w rezilta fò sa a nan sosyete a, ta sanble nou youn poko chire yon ti malis. Iwoni. Paske reyalite a bay degoutans. Antouka...

Poukisa m bezwen pase tèt mwen pou pi bon si nan zòn mwen an m fè yon pwojè pou bay semans epi yon lòt sitwayen fè yon pwojè pou vann pwodwi semans sa yo? Di m poukisa si w fin lekòl ou vin yon gwo mekanisyen epi kamarad ou a vin yon avoka oswa medsen, yo oblije mete nou anfas pandan n ap fè 3 travay enpòtan? Si w pa wè poukisa, m pa wè poukisa nou gen tout resous sa yo nan peyi nou, sou rezo sosyal yo pou n pa ka pwofite yo pou byen nou.

M ap swiv lontan kay frè m ak sè m aysiyen yo tandans sa k ap fin detwi nou. Depi yon sitwayen rive fè siksè nan yon domèn, otomatikman nou mete l anfas yon lòt ki te la nan domèn nan deja, swa pou jalouzi, swa pou enterè, swa pou plezi. Politik la pa epanye. E pi gran pèdan an se nou paske konkiran yo toujou fin  rich sou do nou pandan n ap prepare de lòt ankò.

M p ap janm kwè nou pa devlope pou mank resous. Se pou move jesyon resous sa yo pito paske malgre w bon nan domèn ou an, ou pa itil anyen nan kominote w la. Se pa ou non ki lakoz, se konkirans la ki fè w pè, ou pa kwè nan tèt ou, ou met nan lespri w pa ase kapab. Reyalite sa a vin tout de kote yo epi men sa ki esplike eta nou ye depi byen lontan an.

Se menm lespri konkirans sa a ki fè lè yon sitwayen ap fè aksyon sosyal, li souvan pote non potansyèl kandida. Sa di, li ka vin yon konkiran de moun ki nan plas la. Epi sa w tande a, tout pwojè kraze. Mezanmi, èske nou dwe kontinye konsa? Non, ebyen ann chita pou n koze sou tout sa ki ka anpeche n avanse.

Si n pa ka fè konkirans la lwayal, ann fè konbit pito!

JDE
Atelier 2020

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...