dimanche 19 avril 2020

Nou chak ap goumen, nou tout ap viktim



Sa w pa vle sajès aprann ou, se soufrans k ap aprann ou li. Si w pa vle konprann lavi, lanmò ap fè w konprann li.

Dat n ap li, etidye, konpoze nan repete sa n konnen, nou pa t janm vle mete yo anpratik: yon sèl dwèt pa manje kalalou. Bay piti pa di chich. Ansanm nou fò. Nou youn dwe renmen lòt.

Nou entèlijan ase, pa vre? Nou soti lwen pou n rive la. Nou chire Ti Malis, desann Filo, gradye nan inivèsite, fè metriz, travay nan gwo enstitisyon, vwayaje e rankontre gwo moun. Men finalman, kisa sa itil nou?

Kilè n ap chwazi fè sa n konnen yo? Kilè n ap montre nou se bon elèv nan lekòl lanati pou leson li bannou?

N ap sanble. N ap sere. N ap fè chich. N ap imilye. Plizyè fwa, li montre nou se viv ansanm ki pi bon. Li fè n wè richès nou pa ka fè n byen pandan gen lòt moun k ap mouri nan povrete. Li aprann nou tout se menm devan katastwòf natirèl yo. Tout karyè nou, estim nou, rèv nou, repitasyon nou vole ale lè malè menase nou tout.

Se souf ki byen!

Wi, se souf ki byen. Li anime yon kò ki bezwen manje, benyen, sante, kabann, rad, egzèsis ak pwodwi pou fè l bèl. Men kou ti souf la ale, tout bezwen sa yo fini. Malerezman, nou plis ap goumen pou n jere bezwen pase jere souf. Souf pa m, souf pa w, souf pa l.

Si devlopman pote chanjman, pou anpil nan nou, li pote malè, distans, maladi, abi, eksplwatasyon, prejije ak lanmò. Plis nou ka posede sa k ap mennen, sa ki koute chè, sa ki ra, sa ki nèf, se plis nou panse n ap mennen, nou gen valè, nou alamòd. Se poutèt sa wi, anpil nan nou ap goumen, fè gwo sakrifis, gwo prè, ekstravagans. Si m manti, di m ki avantaj nou jwenn koulye a. Kote rezilta tout efò nou yo?

Fè yon ti reflechi sou anviwonman w lan epi demanti m: mi nou yo byen wo, baryè nou fèm, vit nou pafime, pa menm gen yon bon ti jaden nan lakou nou, tèt mòn yo touni, ri nou kouri machin nou yo kraze nèt, lè a polye, sèvis nou yo tèt nèg, blakawout ap briye nan zòn nan pandan tilimyè batri nou ap yenyen epi ensekirite ap taye banda. Nou tout vilnerab, nou tout andanje, nou tout ka viktim, nou tout pè, nou tout responsab.

Sa w pa vle sajès aprann ou, se soufrans k ap aprann ou li. Si w pa vle konprann lavi, lanmò ap fè w konprann li.

JDE

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...