dimanche 19 avril 2020

Nou tout se elèv sou ban lekòl lavi

Nou tout se elèv sou ban lekòl lavi

Lè yon moun pa reflechi, li ka poze nenpòt aksyon negatif. Se sa ki lakoz trè souvan jouman, swisid, mechanste, aksidan ak konplo. Lè konsa, nou di moun sa a emosyonèl. Bèl adjektif kalifikatif!

Men lè li fin poze aksyon an, ou menm ki wè l emosyonèl la, ou tanmen pale l mal. Ou tou al fouye nan pase l pou detere dosye ki te trete deja. Lè konsa, konnen ou se yon malpalan.

Anpil nan nou tèlman pa vle ale devan, panse pou demen, divòse ak rankin, nou plis damou tout sa ki ka ralanti vitès yon inisyativ, yon vizyon, yon byen ki t ap itil nou menm ankò. Pito nou lèd, nou mal, nou mizerab, nou dozado, nou ipokrit epi nou la.

Se pa paske l fè erè, yo pa vle wè l, ki fè w gen rezon pou w rayi l, kritike l oswa kondane l. Yon mal pa oblije jistifye yon lòt mal. Tout se mal. Nou dwe evite tout. Si l pa t reflechi nan sa l te fè a, ou pa ka reyaji san reflechi tou. Sinon, ki diferans jijman w lan ap fè? Kisa w ka bay anplis?

Imajine w si Bondye t ap aji menm jan ak ou pou sa w fè ankachèt deja.

Paske dosye w la anba tab, li sekrè, yo minimize l, yo vag li, li fasil pou w eseye fè tèt ou pase pou pi bon, pi entèlijan, pi diskrè, pi rasyonèl. Men w konnen byen ou pa miyò pase pèsonn.

Se nan tèt ansanm sèlman n ap rive bati lavi nou vle pou kominote nou an. Pa gen youn nan nou ki ka parèt san peche pou l dirije. Okontrè, erè nou yo, betiz nou yo aprann nou anpil leson. Se sa ki rele eksperyans la.

Si w fèk marye, pa kouri kondane sila ki divòse a. Si w fèk nan pòs ou a, pa kouri kondane anplwaye ki te demisyone oswa revoke a. Si w fèk zanmi yon moun, pa kouri kondane zanmi ki te twonpe l la. Si w fèk ap mennen, pa kouri kondane sila ki pa ka fè it ankò a.

Lavi a montre nou tout sa ki la prale, tout sa ki ale ka tounen, tout sa ki tounen ka fè menm efè a. Meyè fason pou viv li se pran egzanp. Sinon, ou ka fè pi mal pase moun ou te wè mal la. E se lè sa, domaj, w ap reyalize w te trè emosyonèl.

Annou pa pwofite okenn fot ni defo yon moun pou jistifye medizans nou, mepri nou, rejè nou, dezakò nou. Nou tout se elèv sou ban lekòl lavi. Ann aprann viv ansanm.

JDE

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...