samedi 15 août 2020

5 mwayen ou ka konnen si sa w tande se verite.

Gen 5 mwayen ou ka konnen si sa w tande se verite.

1. Nan mennen ankèt

Lè w tande yo di, yo fè, pa kouri kwè. Gen anpil teori ak eslogan deyò a pou fè w pran Zannanna pou Sizàn. Moun ki gen tèt li byen plase sou zepòl li pa  kwè fasil.

2. Nan angaje dyalòg

Si rimè a se sou yon moun ou konnen li fèt, pa kouri reyaji. Fè rezèv epi al pale ak li pou w konnen. W ap konnen si se manti ou verite.

3. Lè gen echèk

Gen plan yo fè kont ou, se sèlman lè li echwe w ap konnen. Ou dwe ret pozitif e gen lafwa nan ka sa a.

4. Lè gen siksè

Tout moun pa kwè w ka reyisi nan sa w ap fè a. Men si w pèsevere, siksè w gen pou pale pou ou pandan w ap dòmi e pran plezi w.

5. Nan tripotay

Gen moun ki konn tout sa k ap pase e ki la pou fè tout sa l konnen pase. Si w pa respekte 2 premye mwayen yo (ankèt ak dyalòg), yo gen pou fè w pran Jezi pou Satan e leve w kont vrè zanmi w.

An palan, dosye w te tande a, nan ki mwayen w te konfime l?

Jérôme Dorsonne Emerson 

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...