samedi 15 août 2020

5 VERITE tout moun ki pa kretyen dwe konnen



Pou tout moun k ap kritike kretyen ak pastè yo, mesaj sa a se pou ou

Mwen pa gen lide pou demanti tout sa k ap di sou kretyen ak pastè yo nan legliz oswa nenpòt kote nan monn lan. M pa avoka yo ni fàn yo.

M pa vin ni defann yo ni ankouraje yo. Si w se youn, ramase pwen w epi repanti.
Okontrè, si yo menm ka li mesaj sa a, li t ap pi bon. Toutfwa, se pou tout moun ki gen pwoblèm ak aksyon kèk kretyen

1. Lòm pa Bondye

Ou konnen sa deja men anpil fwa, ou pale e aji tankou w te bliye l. Si lòm pa Bondye, ou pa ka tann pou lòm viv tankou Bondye byenke Bib la mande l imite Bondye. Depi Adan rive nan tout apòt yo, pa t janm gen yon moun tankou Jezi ki te viv san peche.

Pa rejte Kris akoz peche lòm!

2. Konvèti pa obligatwa

Si tout bon ou kwè pa gen okenn lavi aprè lanmò, se pa yon nouvèl. Se dwa w. Kont yon moun ki kwè l, se pa respekte dwa l. Kidonk, li pa obligatwa pou w vin kretyen.

Evite pèdi tan nan reyaji kont moun ki pa respekte dwa sa a.

3. Eskiz ou yo p ap valab

Ou ka gen yon milyon rezon ki fè w pa konvèti. M pa bezwen site yo: ou wè yo, tande yo e w gen prèv, petèt ak tèks, imaj, odyo ak videyo. Domaj, pa gen okenn tribinal pou w ta rele kretyen sa yo nan jijman, paske Tribinal Kris la ap jije ni ou ni tout fo kretyen. Nan jou jijman an, pa gen anyen w ap ka di pou w jistifye pa t konvèti w. Dayè, ou konnen byen Bondye wè e konnen tout bagay. Kidonk, se t ap yon tan pèdi.

Aksepte Kris pou peche w yo. Pa refize l pou peche lòt moun.

4. Montre w entèlijan

Ou pa inyoran si w ka konprann lè yon moun pa vrè kretyen. Si w pa t gen  konesans, yo t ap fè w fè egare nèt, pa vre? Ou konn li e w etidye. Men ant ou menm ki konn sa ki fo ak sa ki vrè a ki pa fè sa ki vre a ak moun ou jije ki pa diy lan, kilès ki pi entèlijan? Reli tit paragraf sa a lè w fin reponn.

5. Jijman Bondye a pa nan patipri

M ta renmen w pa bay tèt ou pwoblèm pou peche w wè kretyen ak pastè ap fè sou latè zanmi m paske se pa jij ou konnen yo ki pral jije, tande? Se Kris menm ki pral fè sa. E ou konnen byen, jijman li pa nan patipri. Ou ka denonse wi, se byen men w ka sezi wè moun w ap denonse a sove epi w pa sove. 

Sa w wè?

Depi w byen reflechi ak 5 mesaj sa yo, w ap reyalize se yon ti jwèt tou piti k ap jwe nan lespri w ki fè w poko vin kretyen.

Konsèy mwen pou ou

Aksepte KRIS avan LANMÒ pase pran w 
zanmi m.


Jérôme Dorsonne Emerson 

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...