lundi 2 mars 2020

Legliz ak monn lan: yo chak gen moul pa yo

Mwen swiv entèviyou anpil atis ki te leve legliz ki oblije ale fè karyè yo nan lemonn. Majorite ladan yo wè se te yon anbara pou legliz t ap egzije yo fason pou yo viv e abiye. Se kòmsi yo delivre anba esklavaj legliz. 

Menm jan an tou, nou gen anpil atis ki te nan monn lan ki vin legliz k ap fè siksè. Yo menm tou santi yo delivre anba esklavaj monn lan. Kisa n dwe konprann nan sa?

Pèsonèlman, si se pa sa l ye pou tout moun, pèsonn pa oblije yon moun fè pati yon relijyon si li menm li pa deside. Sa ka kòmanse nan zanfans ou, menm jan ak mwen ki te leve jwenn Grann mwen ap mennen m legliz Katolik. Lè m vin konprann se pa chwa m, m deside pa ale e m konvèti. Se te chwa m, dwa m, volonte m. M pa oblije wè Katolik mal paske mòd vi l pa ale ak konsepsyon mwen. Li se yon kesyon de chwa m genyen. 

Yon moun te nan Temwen, li vin nan Pwotestan, se chwa li. Li te nan pwotestan li ale nan Temwen, se chwa li. Li te nan vodou li vin nan pwotestan oswa visevèsa, se chwa pa l. Sa pa ta dwe yon baz kritik. Toutotan nou chak pa dakò nou gen dwa, nou gen chwa, nou responsab tèt nou, se nan kritik tout desizyon nou yo ap fini. 

Mwen pa fè pati anpil moun k ap kouri aplodi moun ki te nan lemonn k ap vin legliz ni blame yon moun ki kite legliz ki ale nan lemonn san se pa yon verite m vle fè pase. M panse li lè li tan pou tout moun rekonèt dwa yo pou yo kite legliz, konvèti, chwazi relijyon yo vle san yo pa bezwen pran chwa yo kòm yon rezon pou diferansye yo, fè konkirans ak moun ki pa nan menm kan ak yo.

Legliz gen moul pa l, monn lan gen moul pa l. Fè chwa san w pa bezwen kritike pèsonn. Se dwa w. Lalwa ak Bondye rekonèt sa. Si w wè legliz la anpeche w mete chèn, pantalon, alonj ak grèf, kite l ale nan yon lòt k ap aksepte w. Si w santi w pa byen nan lemonn, vin legliz men pa kite youn pou w vin nan lòt sou pretèks lòt la te fòse w. Se ou ki te dakò. 

Jodi a, n ap asiste ak yon veritab desepsyon kote chak grenn moun ki kite yon asanble, meyè fason pou l montre l gen rezon se lè li met tout sekrè deyò, rakonte tout mal li te sibi pandan l te gen volonte pou l refize yo. Se pa enstitisyon yo ki pa bon, se lòm. Se pa deyò a ki pa bon, se lòm. Se pa Temwen, Advantis, Pwotestan, Katolik ki pa bon, se nou menm ki pa gen respè pou dwa yon lòt genyen ki pa bon. Gen bon moun anndan ak deyo legliz. Cheve long, pantalon ak jip, kostim ak chemiz manch long pa detèmine bon ak move moun. Aksyon w sifi pou demontre kilès ou ye. Chaje moun k ap tande levanjil ki aji tankou moun inyoran menm jan gen anpil moun ki pa tande levanjil ki viv byen. Se pa nan kwayans pwoblèm nan ye, se nan nou.

Plis n ap kritike lòt pou chwa yo se plis ap gen ti klan e plis gen ti klan se mwens viv ansanm nan ap difisil. Ou pa renmen moul legliz la, ale nan monn lan. Ou pa renmen moul monn lan, ale nan legliz la. Se chwa w, se dwa w! Ou ka ale otandefwa ou vle, ou ka tounen otandefwa ou vle. Sèlman, PA BAY PÈSONN RESPONSAB LÈ W AP PEYE KONSEKANS CHWA OU. SE SENP!



Jérome Dorsonne Emerson 

Pa gen pwoblèm lajan nan peyi w la

Gen anviwon twa konpòtman ou ka genyen lè w tande oswa wè yon moun ki lajan:

1. Ou jalou.

Jalouzi sa a ka kreye anpil vye santiman lakay ou ak kritik, tankou doute de sous lajan sa a, rayi moun lan, vin enmi l, pale l mal e li posib pou w pa pran sèvis oswa achte nan antrepriz li.
2. Ou anvi pran lajan sa a. 

Pou sa, ou ka rive fè nenpòt move aksyon, tankou vòlè oswa tiye moun lan.

3.  Ou anvi vin menm jan ak li.

Anvi sa a ka bon si w pran moun sa a pou modèl ou san w pa fòse vin jan l ye. Li ka pa bon si w prè pou w fè tout sa k posib pou sanble l, e w p ap janm ka sanble l. Mete sou sa, ou pa konn sous lajan moun sa ni depi kilè l ap travay. 

Gen lòt konpòtman toujou men m te vle atire atansyon ou sou twa sa yo pou m te ka di w pa gen pwoblèm lajan nan peyi w la, nan zòn ou an, brèf nan monn lan. Pi gwo pwoblèm ki genyen an se kwayans ou fas ak mwayen pou fè lajan. 

Ou konnen byen se yon ti kras moun ki gen lajan tout monn lan nan men yo. Yo rele yo milyonè ak milyadè. Se moun menm jan ak ou yo ye. Yo pa siperyè w ni yo pa pi entèlijan pase w nan sans konesans, etid ak papye. Yo gen plis motivasyon pase w. Yo gen yon objektif pou atenn e yo te fikse je yo sou objektif sa a san yo pa t kite richès lòt moun detounen yo. 

Èske pa gen yon anseyn kondisip ou, vwazen ou oswa yon manm nan fanmi w ki pa t leve nan lajan men ki vin gen mwayen pou viv e menm ba w djòb? Kòman l fè jwenn mwayen pou gen lajan epi w pa jwenn? Kesyon sa yo ka pa ede w si w kwè se pwoblèm lajan ki fè w pa gen lajan.

Lè yon moun gen lajan, ou rayi l, ou pale l mal, ou doute de li, kisa sa ka itil ou si se pa nan sa w santi a li fè kòb? Anyen!

Toutotan w mete nan lespri ou, ou te fèt pou pòv, w ap rete pòv. Kòman? W ap kwè se desten w e w ap aksepte tout sitiyasyon ki prezante devan w. Anpils, ou p ap vle fè okenn efò pou w chanje, chache, pèsevere, mande e travay paske se konsa Bondye te voye pou w ye. 

Bay tèt ou defi kòmanse yon biznis, yon ti akvite a nenpòt sòm ou genyen, m pral di w sa k pral rive:



1. Gen yon kategori moun ki pral sezi wè se sa w ap fè. Li pa sanble w. Ou te ka fè plis pase sa. Ou raz. SONJE! Tout tan w pa t janm fè anyen an, yo pa t janm di w raz ni ede w pandan yo t ap ede tèt yo.

2. Gen yon lòt kategori moun ki pral swiv ou pou yo wè ki rezilta sa w ap fè a ap bay. E m garanti w l ap bay rezilta si w fè l ak tout ou menm.

3. Dènhe kategori moun sa yo ap tann pou yo ede w, ranfòse sa w ap fè e menm fè w rive pi lwen pase w te vize. 

Pa janm bliye sa!

Gen lajan nan monn lan men pa gen anpil moun entèlijan pou chache e jwenn li. Poutan, tout lajan la pou envesti, depanse oswa sere. Malerezman, majorite moun ki pa gen lajan bezwen l pou depanse, ebyen se sa k fè w kwè pa gen lajan paske moun ki travay di pou gen lajan pa souvan depanse l, men yo envesti l.   

Pou dat y ap ba w lajan, gade anpil sa w posede epi mande tèt ou ak kisa w te achte yo. Ki dènye fwa ou te resevwa yon kòb? Nan ki kondisyon ou te resevwa l? Kisa w te fè ak li? Jodi a si w pa genyen, kilès ki lakoz? 

Si w jwenn repons la, ou tou jwenn sekrè pou w kòmanse chache lajan jodi a! 

Pa gen pwoblèm lajan nan peyi w la, gen pwoblèm kreyativite ak konplèks.

M te kontan pataje refleksyon sa a ak ou! Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou panse ki nan nesesite l. 


Mwen envite w li dènye tèks sa yo : 

Sispann egzije moun posede sa ki nan panse w

Kòman pou viv ak onètete nan yon monn k ap ankouraje koripsyon?

MIKE BELOT: 10 Fason k ap ede w debloke reyisit ou


Jérome Dorsonne Emerson    
     


samedi 29 février 2020

Sispann egzije moun posede sa ki nan panse w

Gen bagay ou wè yon moun pa genyen w ap egzije l genyen l oswa kritike l paske l pa genyen l se wont ou wont di l al vòlè.

Franchman!

Paske si l te fasil, ou t ap fè l kado l. Se paske w te travay pou genyen l ki fè w pa ba li l. Poukisa w ap minimize l pou sa l manke? Èske mizè se kritè pou valorize moun?

Ou konnen byen peyi a pa gen travay, lavi a chè, e ou vle malgre tout pwoblèm sa yo pou vwazin ou an gen recho agaz, Canal Sat, Wi-Fi, twalèt ijyenik ak dènye mak telefòn ki soti a. Ou mechan!

Èske l di w li nan bezwen?

Kilè l te mete w chita rakonte w priyorite l ak objektif li nan lavi?

Pouki n ap blame moun pou vizyon yo, chwa yo, prensip yo bay tèt yo, kwayans yo, Legliz yo chwazi mache?

Nou pa bezwen fè sèman men nan anpil ka, ayisyen frè n ak sè n yo kontribye nan rann jèn fi ak jèn gason fè tout vye bagay pou yo viv, byen pase, fre, klere, alamòd.
Si w gen ase, bay yon lòt ki pa genyen. Sinon, sispann wè l mal. Se kè w ki di, se chich ou chich ki fè moun ki pwòch ou a pa gen sa w genyen. Se pa sa l vle. L ap goumen lontan, li pa ka rive. Si Bondye fè jou pa w la rive deja, l ap fè l pou li tou. Dayè, ou pa miyò pase l e sa w genyen pa fè w siperyè li.

Antouka, m espere ou menm ki li tèks sa a ou pa fè pati moun k ap rabese lòt pou sa yo pa genyen, pou chwa yo fè.

Monn la gen twòp prejije, ann sispann kwè sa n panse de moun. Yo gen dwa viv jan yo vle. Pa enpoze yo chwa nou, yo pa esklav nou ni yo pa oblije pran nou pou modèl.

M preche tout moun Kris men m pa enpoze pèsonn li. M ap fè devwa m nan respè libète tout moun, se sa Bondye fè tou. Li ban n lavi men l pa fòse n viv pou li. Pouki nou vle oblije yon lòt viv pou nou?

Kite moun yo viv jan yo vle pandan n ap kontinye preche renmen, tolerans, konpasyon, solidarite, moralite ak respè dwa moun. Ou konnen byen leta retire "J'aime Haïti" nan edikasyon sivik, pa kondane sitwayen ki se patripòch la, li se rezilta sistèm nan. Kritik ou yo p ap itil anyen sinon ogmante fristasyon.

Pandan n ap mande pou Leta pran responsablite l, ann aprann respekte limit dwa nou e fè devwa nou.

Nou tout lib!

Viv Ayiti! Viv Jezi nonm Nazarèt la!

JDE

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...