jeudi 25 juin 2020

Èske fèt nan yon fanmi kretyen asire sali mwen?




Sijè (4)

Èske fèt nan yon fanmi kretyen asire sali mwen? 

ENTWODIKSYON 

Ou poko tande timoun, jèn oswa granmoun k ap di w yo leve nan yon fanmi kretyen? Gen ki konn di yo fèt nan levanjil oswa legliz. Kòmkwa, sa se yon prèv yo sove oswa yo gen plis privilèj pase timoun ki fèt nan plasay oswa nan vyòl. Èske se vre? Èske w te fèt nan yon fanmi kretyen? Èske sa vle di w tou sove gras ak lapriyè paran w? 

Pou n reponn kesyon sa yo, nou pral develope pwen sa yo: 

1. Definisyon yon fanmi kretyen
2. Sans fèt nan fanmi kretyen oswa nan levanjil genyen
3. Kèk karakteristik sove 
4. Konklizyon 

Annou wè!

DEVLOPMAN 

1. Definisyon yon fanmi kretyen

Daprè yon atik ki pibliye sou Gotquestion.org (https://www.gotquestions.org/Francais/famille-chretienne.html), premye karakteristik yon fanmi kretyen se lè tout manm ki ladan (manman, papa ak pitit) se kretyen e yo gen yon veritab relasyon ak Kris ki se Sovè e Mèt yo. Depi la, nou ka tou wè pa gen fanmi kretyen san maryaj. Pou fini, si w fèt oswa ap viv nan yon fanmi kretyen, gen de (2) siy k ap montre sa: ou obeyi paran w e ou onore yo. Ou pa bezwen plis agiman pou w konnen si w ap viv oswa te fèt ladan. Pou plis detay, klike sou lyen an.

2. Sans fèt nan fanmi kretyen oswa nan levanjil genyen

Daprè lide maryaj la ki karakterize yon fanmi kretyen, ou fèt ladan si se te nan maryaj. Gwosès avan maryaj la diskitab, men anjeneral, si manman w ak papa w te kretyen, ou fèt nan yon fanmi kretyen. Toutfwa, ou pa kretyen pou sa. Ou se pitit kretyen menm jan kreyati Bondye pa vle di pitit Bondye. 

ATANSYON!!! 

1. Se yon erè lè w di w fèt nan levanjil. Menm Jezi pa t fèt nan levanjil, alewè apot yo. Jezi se levanjil la menm. 

2. Ou fèt nan legliz si manman w akouche w nan kay kote asanble a, men legliz pa matènite ni lopital. Pèsonn pa ka fèt ladan. 

3. Kèk karakteristik sove 

Sove se youn pami sijè ki kreye plis diskisyon nan legliz oswa nan deba sitou nan koze SSN nan (SOVE SOVE NÈT). Sepandan, parapò ak lafwa ou bezwen pou w sove, manman w ak papa w pa ka sove w paske sove pa yon eritaj fanmi, se gras Bondye nan Jezikri sèlman. Li pasaj sa yo pou plis detay : Jan 1.11-13, 3.16, Efezyen 2.8-9, Tit 3.15. Men kèk karakteristik sove: diven (li soti nan Bondye e depann de li), gratis (ou pa peye pou sa), etènèl (ou sove nèt), pratik (lavi w ap montre sa), envizib (se pa je ki wè sa), pèsonèl (se ou ki pou chwazi sove). 

4. Konklizyon 

Pou n fini, n ap reponn twa (3) kesyon nou te poze nan ENTWODIKSYON an sou lobedyans sijè a: 

Èske fèt nan yon fanmi kretyen asire sali mwen? 

1. Èske se vre? 

Non. Se pa vre, paske sove pa familyal. Kidonk, nan okenn ka, papa w ak manman w te mèt adwat Jezi, yo pa ka sove w. Konpòtman yo, jan yo trete w, egzanp yo ye pou ou, fason yo te edike w daprè Pwovèb 22.6 la ka enfliyanse w, sa Alfred Kuen rele "preevanjelizasyon" men lapriyè yo oswa fidelite yo pa ka ba w lavi ki p ap janm fini an. Si w gen dout, etidye Jan 1.11-13. 

2. Èske w te fèt nan yon fanmi kretyen? 

Ou gen tout agiman posib pou w reponn koulye a.

3. Èske sa vle di w tou sove gras ak lapriyè paran w? 

Non. Si w te kwè sa, chanje lide rapid. Fidelite paran w pa kouvèti pou w viv nan peche, nan libètinay epi kou twonpèt la sonnen w ap monte. Koze sove a t ap yon veritab konfyolo ant paran w ak Bondye. Leve de men w anlè pou w bay Bondye glwa paske li pa t konsa, li pa konsa e l p ap janm konsa. Amèn!

APÈL!

Ou menm ki se pitit yon manman oswa yon papa kretyen, Jezikri ap rele w. Pa konte sou lapriyè yo paske yo pa ka sove w. Ou ka jwi anpil privilèj, tankou bous etid, anplwa, aksè nan tout byen legliz la gras ak papa w. Se nòmal, afè papa w se afè pa w men zafè sove a se zafè Kris la. Repanti. 

JDE
Pou plis mesaj, renmen paj JDE a http://www.facebook.com/101330594943964?referrer=whatsapp

EKSPERYANS PÈSONÈL MWEN AK REZO SOSYAL

BAN MWEN RAKONTE NOU EKSPERYANS PÈSONÈL MWEN AK REZO SOSYAL

Mwen panse ke eksperyans mwen ak rezo sosyal yo ka sèvi nou gwo leson pou nenpòt nouvo pwojè nou va gen pou nou antreprann.

Ann ale vit💨
Nou an septanm 2018, lè sa mwen sou pik mwen sou facebook, 41 mil abòne, mwen fè 11 mil nouvo abòne nan yon mwa. Chak piblikasyon m se 2K, 3K like, reyaksyon yo toujou pozitiv.  Se te kèk mwa aprè mondyal 2018 la, mwen relanse feyton "barikad la", youn nan pi bèl tèks mwen ekri, anpil felisitasyon ak demand ami, map byen pase sou rezo sosyal.

Moun toujou ap apwoche m pou di m fòk mwen ekplwate rezo sosyal yo paske mwen gen yon bèl odyans. Genyen ki di si yo te nan plas mwen yo te pase. Jeneralman mwen tande konsèy yo, lè moun lan pi pwòch mwen mwen esplike l gran anbisyon m, men rezon ki fè mwen poko lanse kèk pwojè.

LESON #1 : Menm moun ki swete reyisit ou yo plis wè opòtinite pase obstak yo, echèk ou pap gen eskiz, se mete grenn pou fè sa w dwe fè a.

«Pasyans se pa chita rete tann, men se aji pandan wap tann.» Se pi gwo pawòl mwen mizik mwen tande nan vi m.
Mwen deside lanse yon pwojè ki gen rapò ak prezans mwen sou facebook, mwen fè yon piblikasyon, mwen di : «KIYÈS KI TA RENMEN JHERRY SÒTI YON LIV? »
Mezanmiiii, reyaksyon yo dechennen!!! Moun yo pran kesyon m lan pou yon nouvèl tèlman yo montre m yo tap tann sa.
KÈK NAN KÒMANTÈ YO :👇
- Moi, moi, moi
- dat pou w te fè sa brother
- map tann li
- mwen te ba w konsèy la deja wi Jherry

Depi piti se te toujou foli m (sòti yon liv).  Mwen tap bezwen 10 piblikasyon pou m esplike nou peri pesi mwen pase pou m sòti liv sa. Sitou se te premye eksperyans mwen gen yon pakèt detay teknik mwen pa metrize. Sitou mwen pa yon ekriven tankou tout lòt. Mwen pa gen yon liy, yon kanal, yon anviwonnman literè. Mwen sèlman ekri anpil epi byen nan yon lang fasil. Yo rele m ekriven mwen asime l, men mwen pa nan sèk la. Dayè mwen pa menm pran fòmasyon pou sa. Mwen gen tout kalite zanmi, sof ekriven, sa fè li te difisil pou m jwenn bon enfòmasyon pou m antame pwojè m lan.

LESON MORAL #2 : pou kont ou wap ale vit, men ak moun ou prale pi byen. Antoure w ak moun ki gen menm rèv avèk ou, konsa youn ap pwofesè oubyen elèv lòt.

Tan pase vit, nou gentan desanm 2018, objektif mwen bay tèt mwen se fen janvye 2019 fòk liv la sòti.

Tout pandan map travay, map enfòme, map fè maketin rèd, rèd. Mwen pase 2 semèn, chak maten mwen pibliye «Sonje sere 5 goud chak jou pou w ka achte liv Jherry a.» Moun yo toujou la pou ankouraje m.
- Map tann li genie
- Map vini Jhé
- Ou nap tann nèg sèvo a

Mwen toujou ap fè tès, toujou ap raple moun, men konsantrasyon m sou liv la fè m neglije poste sou facebook, sa fè odyans lan vin manke aktif, lè m fè post mwen pa jwenn menm kantite reyaksyon yo, men mwen gentan konnen ki taktik mwen pral itilize lè liv la prèske prè pou m ka aktive yo ankò epi fè piblisite.

TAN AN RE BWÈ M ANKÒ, MEN MWEN FÈ PWOGRÈ
Mwen fikse dat vant siyati pou samdi 23 fevriye 2019 gonayiv / samdi 2 mas pòtoprens.
Men mwen konsantre sou dat gonayiv la paske mwen te vle fè yon bèl aktivite ki depase kad vant siyati.
Boummmmmmmm💥 André Michel, Boplan, Boulòs ak yon ekip lòt vakabon nan swafizan opozisyon yo lòk peyi a.

Lòk la kraze feeling maketin mwen paske moun yo te gentan fokis, men ann parye mwen pa tap gentan pare. Liv mwen ekri a gen twòp volim, sa vle di twòp tèks. Mwen te oblije remanye li pou li bay yon kantite paj rezonab. Poutan tèks la pa ka modifye. Se yon lòt tèks mwen bay enprime konplètman.

Mwen pare kou a, randevou 23 mas Pòtoprens, ri chavàn, anfas Radio Television Caraïbes.

POU M TE FÈ MAKETIN
Mwen fè 41 post nan yon mwa sou paj ofisyèl mwen ak 91 post sou lòt paj mwen gen aksè avèk yo.
San konte mwen pataje chak piblikasyon nan omwen 30 gwoup paske facebook pot ko limite l.
Mwen voye mesaj bay plis pase 4000 zanmi sou messenger, mwen ekri ak tout sa ki reponn.
Mwen te gen plis pase 1500 moun nan kontak watsap mwen nan epòk la, mwen ekri tout, mwen tchat ak sa ki reponn epi mwen voye yon broadcast ba yo chak maten pou motive sou aktivite a.
Mwen gen yon gwoup watsap ki la pou ede m fè maketin menm ak anpil zanmi kap ede m fè piblisite.
Mwen fè yon spòt odyo, 7 flyers diferan koulè ak diferan fòm.
Mwen fè sa yo rele maketin pòt a pòt la, sa vle di ekri yon 100tèn moun enpòtan, di yo "FÒK OU LA WI"✋
Nan 3 dènye jou yo menm, se sa mwen fè sèlman, bay konpayi kap enprime liv yo presyon pi li ka gentan prè epi mache ekri bon zanmi ak bon fantatik grenn pa grenn.

Tout pandan map fè piblisite, malgre peyi lòk, feedback la depase pozitiv. Lè m di entèl fòk ou la wi ✋ Repons : Oh pa la le combattant.

Jiska prezan se afich piblisite sa ki sou kouvèti paj facebook mwen https://m.facebook.com/JherryHaiti/photos/a.1433967043390412/2063410230446087/?type=3&source=54&ref=bookmarks

Pi gwo pwoblèm mwen se paske mwen pat gen ase lajan pou m enprime liv pou tout moun ka jwenn paske se 300 mwen bay fè. Men mwen di yo vini kanmenm, si liv la fini mwen gentan prepare yon bout pawòl pou sa ki pap jwenn yo.

Lè mwen al pran liv yo se 120 yo remèt mwen, lè m prèske toufe ak kòlè se dlo yo vide sou mwen :
1) misye fè m pèdi yon lavant
2) gade yon wont mwen pral pran ak pil moun sa yo ki pral debake vin sipòte Jherry le combattant

Vant siyiti fèt pandan jounen demen an nòmalman, te kwè mwen vann 16 liv, 3 ladan yo se kredi😀

MWEN KANPE LA✋ MWEN PAP DI ANYEN ANKÒ

mercredi 3 juin 2020

TI KOZE AK PIT FI M


Pa konprann kisa renmen ye fè jèn yo pran renmen pou plezi e san kontwòl. Kòm nan tout plezi gen danje, paran yo wè renmen se youn nan relasyon ki ka lakoz pitit yo echwe. Se yon verite, men li t ap pi bon si chak papa, chak manman te pran pitit yo, sitou ti fi yo, pou eksplike yo kisa renmen ye, avantaj ak dezavantaj ki ladan. Malerezman, nan lespri pou pwoteje yo, yo lakoz yo fè move chwa.

Nan anpil istwa mwen ekri, mwen toujou vle fè wè renmen pa yon pwoblèm ni yon peche. Se dwa tout moun ki egziste. An menm tan, mwen souvan montre danje ki gen ladan, sitou lè yon jèn chwazi fè l ankachèt e antre nan relasyon seksyèl avan li marye. An gwo, lè n ap reflechi, nou wè se pa renmen twò bonè a ki pwoblèm vre men se konsekans la parapò ak mank matirite. Se pa fè sèks la ki pwoblèm men se konsekans la, sitou maryaj fòse, gwosès avan lè, parapò ak preparasyon pou pran swen timoun ki fèt la.

Nan yon sosyete tankou Ayiti kote to natalite ak mizè ap ogmante chak peryòd, gwosès prekòs vin youn nan koz majè, paske si pa gen twòp timoun pou ale lekòl, p ap genyen ki pa prale. Konsa, leta, malgre li pa pran responsablite li nèt nan sans sa a, jan li ekri nan Atik 32.1 an, t ap gen plis mwayen pou l pèmèt plis timoun ale lekòl. Malerezman, se menm rezilta pa ale lekòl la ki ogmante pwoblèm pa ka eskolarize timoun k ap fèt nan move kondisyon.

“Ti koze ak pit fi m” se plis yon ti liv, plis yon dyalòg ant yon papa ak pitit fi l, plis sis tèks pou pale de renmen. Se yon vwa k ap pale pou papa yo, yon vwa k ap pale ak pitit fi kou pitit gason yo pou fè yo konnen yo gen dwa renmen, men si yo pa tann lè yo pou fè sa, dwa sa ka trase wout echèk yo.

Nan lòt peyi ki devlope yo, tankou Etazini, renmen pa yon sousi pou paran ni sa pa enkyete leta paske pandan yon jèn fi renmen, li ka ale lekòl, li jwenn inivèsite, li ka travay e leta pran responsablite l kòmsadwa. Sa fè, menm si li ta rive tonbe ansent twò bonè, se pa yon mal paske pitit la ap jwenn tout kalite swen nesesè.
Se diferan nan peyi sou devlope yo, tankou Ayiti, kote gen mwens chans pou yon jèn reyisi lè li paran bonè nan chomaj. Lè nou fè yon ti kout pye nan anpil zòn andeyò, nou remake anpil jèn fi, soti laj 15 pou rive 20 lane, gen pou pi piti yon pitit. Daprè yon atik sou LoppHaiti (20 me 2019), sou chak 100 jèn fi an Ayiti, gen 21 ki dja manman oswa ansent nan laj 19 lane. Nan menm sous sa a, yo endike avan 15 lane, gen sou chak 100 ti fi, gen 13 ki gentan nan fè sèks.

Trè souvan, fè pitit se pi gwo okipasyon jèn manman sa yo, pi gran rezilta yo, pi gwo mizè yo. Y ap leve timoun pou yon sosyete ki pa t prepare yo pou sa. Yo alafwa viktim e responsab. Yo inosan, yo antò men yo se pitit sistèm nan tou.

Devan tout reyalite sa yo ak anpil lòt nou p ap ka site la, se plis yon dwa pou nou itilize tout mwayen posib pou n eseye touche jèn sa yo. Nou p ap ka rezoud pwoblèm yo nèt, mwen konsyan, men nou ka redwi konsekans yo e prepare yon lòt jenerasyon k ap gen pou pran desten Ayiti an men.

Tèks ou pral li yo pa t janm rive nan reyalite. Se pa istwa yon moun espesyalman mwen rakonte ni mwen pa ekri pou m soulve okenn jèn kont paran yo ki se viktim sistèm nan tou. E se sa ki fè y ap viktim tou. Konsa, nan lide pou konsyantize chak jèn fi ak jèn gason, liv sa ekri pou di anpil koze kèk paran p ap oze di pitit yo akoz pwoblèm tan oswa kouraj.

Anpil moun bliye si renmen soti nan Bondye. Kit renmen ou gen pou li, pou lanati, pou paran w ak pou zanmi w soti nan Bondye. E si se pa t renmen, kòman pitit t ap fèt ? Mwen menm ki ekri a ak ou menm k ap li a se rezilta yon relasyon seksyèl. Yon jou, yon aswè, yon kote kèlkonk, yon fanm te rankontre ak yon gason epi yon mwa aprè, fanm nan tonbe ansent. Se li ki manman mwen, se li ki manman w. Pa gen fanmi san manman, papa ak pitit e pa gen sosyete tou san fanmi.

Si nou toujou wè moun, se paske sèks toujou fèt. Jezi te vin mouri pou l sove nou men chak moun l ap sove te fèt gras ak sèks. POUKISA NOU PA KA RENMEN? POUKISA NOU DYABOLIZE SÈKS?

POUKISA NOU PA DI TIMOUN YO VERITE? Y ap grandi, y ap reflechi, y ap konprann e se yo k ap ranplase nou demen. Ki kalite granmoun nou prepare pou yo vin ye demen?

Kwake li adrese ak pitit fi, Ti koze ak pit fi m se pou tout gason, tout paran, tout fòmatè, tout pastè, tout prezidan lajenès nan legliz, tout animatè nan sant kiltirèl.

Mwen pa sispann fè pa m nan, sekle ran pa m nan, fè devwa m daprè kapasite m genyen. Si pa gen rezilta, m pa responsab paske se ansanm pou n rive fè tout sa k ap patisipe nan chanjman an.

San move entansyon!
JDE

Yo wè w byen pwòp

Yo wè w byen pwòp. Dayè, gen bagay yo konnen de ou, an byen ou mal, yo p ap janm di w li. Men y ap tann yon jou kou w eklate pou yo di yo te kwè nan ou. Men si sa rive w desann pi ba, y ap di w yo te gentan konnen w pa ta pral pi lwen.

Pa kite se bravo k ap motive w nan sa w ap fè a. Yon sèl grenn moun k ap sipòte w ka sifi pase 1 milyon paske nan move moman yo, se li k ap la pou l ede w jan li kapab e soutyen li toujou satisfè paske l fè l ak tout kè l. Wi, manje de twa mango ak bon patnè w ka bay plis lajwa pase manje 3 pòm ak yon moun k ap pwofite siksè w.

M di w yo wè w, yo konnen w men gen yon nivo pou w rive avan yo admèt sa w ye a e ba w sa w merite a. Jou sa, raple w m di w sa, se p ap chans, kado ni rezilta tisousou. Se va rezilta travay ou, pasyon w, detèminasyon w, pèseverans ou, konfyans ou, vizyon w. Kenbe tèt ou wo. Se p ap ògèy non, okontrè, se jou sa Bondye fikse pou l leve w pi wo pase otè w pa t janm imajine.

Lè konsa, yo va di w ap pran pòz ou, w ap fè estil, ou bliye kote w soti, ou bliye sa yo te fè pou ou. Yo va di w tout pawòl ki pou rabese w, denigre w, devalorize tout privilèj w ap jwi. Men se yo k ap bliye se pa t pou mouri yo t ap wouze pye bwa. Se te pou l grandi. Yo p ap konprann tout pousad yo t ap ba w yo se te pou fè w monte mach yo.

Sonje! Raple w! Ekri sa! Kenbe sa! Yo wè w byen pwòp. Yo konnen w. Yo konn kapasite w e yo kwè nan ou, se jou a ki poko rive ki fè w panse yo bliye w.

Ret nan liy lan. Kenbe plan an. Pa lage. Ret pozitif. Menmsi w anvi kite sa, pran kouraj. Si w te bay vag, retounen. Pa dekouraje si malgre w ap plante pye bwa depi lontan epi se ebenis ak machann fwi k ap fè kòb sèlman. Pye bwa w yo rale lapli pou peyizan ak lanati, yon jou w ap sezi wè kòman y ap rekonpanse w.

JDE

dimanche 19 avril 2020

Fò w konnen pou w doute

Menm pou w doute, fò w konnen. M ta di doute se konnen de fwa, men doute ale pi lwen pase konnen paske depi moun pale, ou tande, moun ekri ou li, ou ka konnen. Men pou w doute, fò w ka ale pi lwen pase dout ou a.

Filozòf Denis Diderot te ekri pou di: " Se pa tout moun ki ka doute. Doute sipoze yon egzamen pwofon e san enterè: moun k ap doute san l pa konnen rezon pou l kwè pa plis pase yon inyoran. Vrè moun k ap doute a konte e peze rezon li genyen pou l fè sa". (Pensées Philosophiques, 1875-77)

Kesyon w ap poze ka mete inyorans ou touni douvan sila ki konnen. Sa w konnen ka fè w kwè tout sa ki pa verite.

Lè se fanatis ki alimante rechèch ou, lekti ou, kilti ou, konsepsyon ou, ou vin yon danje pou pwòp tèt ou. Men ou p ap janm ka wè sa paske tout moun k ap vle ba w verite va tounen advèsè ou, poutan se yo k ap chache sove w.

Si dout ki nan lespri w yo fè yon moun pase pou mantò, se lè bajou verite kase w a jwenn libète.

JDE

Nou chak ap goumen, nou tout ap viktim



Sa w pa vle sajès aprann ou, se soufrans k ap aprann ou li. Si w pa vle konprann lavi, lanmò ap fè w konprann li.

Dat n ap li, etidye, konpoze nan repete sa n konnen, nou pa t janm vle mete yo anpratik: yon sèl dwèt pa manje kalalou. Bay piti pa di chich. Ansanm nou fò. Nou youn dwe renmen lòt.

Nou entèlijan ase, pa vre? Nou soti lwen pou n rive la. Nou chire Ti Malis, desann Filo, gradye nan inivèsite, fè metriz, travay nan gwo enstitisyon, vwayaje e rankontre gwo moun. Men finalman, kisa sa itil nou?

Kilè n ap chwazi fè sa n konnen yo? Kilè n ap montre nou se bon elèv nan lekòl lanati pou leson li bannou?

N ap sanble. N ap sere. N ap fè chich. N ap imilye. Plizyè fwa, li montre nou se viv ansanm ki pi bon. Li fè n wè richès nou pa ka fè n byen pandan gen lòt moun k ap mouri nan povrete. Li aprann nou tout se menm devan katastwòf natirèl yo. Tout karyè nou, estim nou, rèv nou, repitasyon nou vole ale lè malè menase nou tout.

Se souf ki byen!

Wi, se souf ki byen. Li anime yon kò ki bezwen manje, benyen, sante, kabann, rad, egzèsis ak pwodwi pou fè l bèl. Men kou ti souf la ale, tout bezwen sa yo fini. Malerezman, nou plis ap goumen pou n jere bezwen pase jere souf. Souf pa m, souf pa w, souf pa l.

Si devlopman pote chanjman, pou anpil nan nou, li pote malè, distans, maladi, abi, eksplwatasyon, prejije ak lanmò. Plis nou ka posede sa k ap mennen, sa ki koute chè, sa ki ra, sa ki nèf, se plis nou panse n ap mennen, nou gen valè, nou alamòd. Se poutèt sa wi, anpil nan nou ap goumen, fè gwo sakrifis, gwo prè, ekstravagans. Si m manti, di m ki avantaj nou jwenn koulye a. Kote rezilta tout efò nou yo?

Fè yon ti reflechi sou anviwonman w lan epi demanti m: mi nou yo byen wo, baryè nou fèm, vit nou pafime, pa menm gen yon bon ti jaden nan lakou nou, tèt mòn yo touni, ri nou kouri machin nou yo kraze nèt, lè a polye, sèvis nou yo tèt nèg, blakawout ap briye nan zòn nan pandan tilimyè batri nou ap yenyen epi ensekirite ap taye banda. Nou tout vilnerab, nou tout andanje, nou tout ka viktim, nou tout pè, nou tout responsab.

Sa w pa vle sajès aprann ou, se soufrans k ap aprann ou li. Si w pa vle konprann lavi, lanmò ap fè w konprann li.

JDE

Konkirans se youn nan obstak ki kraze anpil byen n ap fè



Sa fè yon bon ti tan, depi parèt Covid-19 la, n ap swiv yon kokenn chenn polemik ant Fernando Estimé, Guy Wewe, Johnson Napoléon ak Carel Pedre.

Pou di vre, se pa mesye sa yo ki mete tèt yo nan konpetisyon, se plis fàn yo ki jije youn gen plis "views" pase lòt. Poutan, si w byen pran san w pou w analize travay chak pèsonaj sa yo, w ap wè yo chak gen yon travay y ap fè pou byen Ayiti. Se 4 moun totalman diferan, m swiv yo tout e m wè l difisil pou m konpare yo. Elas, m gen enpresyon gen moun ki plis entèrese ak polemik la pase sa Fernando ap di.

Lè travay yon pwofesè, yon diplomat lakoz zen, pou n raple sistèm nou, se prèv nou poko prè pou n resevwa bon jan ledikasyon sinon pawòl pou mete nou dozado. An menm tan, m kontan paske pwofesè a pa chita sou polemik la, l ap jere travay li. Aktyèlman, Carel ap fè yon bon travay nan gide jèn yo aprann an liy. Johnson ap pale de biznis ak inivèsite l. Kòm pa gen aktivite konpa, ta sanble Guy Wewe fè yon ti poze pwiske se li yo plis tag. M ret kwè pwomosyon mizik aysiyen an jwenm bon bourad ak li, san m pa bezwen konsidere fay oswa erè li fè, menm jan ak tout lidè nan nenpòt domèn ki sou latè.

An Ayiti, depi w pase lekòl Mè ak Frè, tout moun kwè w fò. Men lè w ap gade nan de grenn je w rezilta fò sa a nan sosyete a, ta sanble nou youn poko chire yon ti malis. Iwoni. Paske reyalite a bay degoutans. Antouka...

Poukisa m bezwen pase tèt mwen pou pi bon si nan zòn mwen an m fè yon pwojè pou bay semans epi yon lòt sitwayen fè yon pwojè pou vann pwodwi semans sa yo? Di m poukisa si w fin lekòl ou vin yon gwo mekanisyen epi kamarad ou a vin yon avoka oswa medsen, yo oblije mete nou anfas pandan n ap fè 3 travay enpòtan? Si w pa wè poukisa, m pa wè poukisa nou gen tout resous sa yo nan peyi nou, sou rezo sosyal yo pou n pa ka pwofite yo pou byen nou.

M ap swiv lontan kay frè m ak sè m aysiyen yo tandans sa k ap fin detwi nou. Depi yon sitwayen rive fè siksè nan yon domèn, otomatikman nou mete l anfas yon lòt ki te la nan domèn nan deja, swa pou jalouzi, swa pou enterè, swa pou plezi. Politik la pa epanye. E pi gran pèdan an se nou paske konkiran yo toujou fin  rich sou do nou pandan n ap prepare de lòt ankò.

M p ap janm kwè nou pa devlope pou mank resous. Se pou move jesyon resous sa yo pito paske malgre w bon nan domèn ou an, ou pa itil anyen nan kominote w la. Se pa ou non ki lakoz, se konkirans la ki fè w pè, ou pa kwè nan tèt ou, ou met nan lespri w pa ase kapab. Reyalite sa a vin tout de kote yo epi men sa ki esplike eta nou ye depi byen lontan an.

Se menm lespri konkirans sa a ki fè lè yon sitwayen ap fè aksyon sosyal, li souvan pote non potansyèl kandida. Sa di, li ka vin yon konkiran de moun ki nan plas la. Epi sa w tande a, tout pwojè kraze. Mezanmi, èske nou dwe kontinye konsa? Non, ebyen ann chita pou n koze sou tout sa ki ka anpeche n avanse.

Si n pa ka fè konkirans la lwayal, ann fè konbit pito!

JDE
Atelier 2020

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...