vendredi 3 juillet 2020

5 bagay moun ki pa t resevwa bon ledikasyon fè pi souvan

                

Mal leve pa fè timoun renmen di betiz ak fè zak delenkans sèlman. Se yon defòmasyon mantal k ap grandi nan li jis li vin granmoun. Si jenès li pase sa pa chanje, l ap difisil pou n pa di enposib.

Manke respè pou moun pa sèlman evite di betiz nan prezans li, ou dwe respekte lavi prive l tou e souvan, pito w te fè tout sa w vle ou pa t plase tèt ou kòm jij pou detèmine si li bon osinon mal. Tout moun lib, yo fè sa yo vle tout tan sa pa touche lavi prive w. 

Nan 5 bagay m pral pataje ak ou yo, ou pral teste tèt ou pou w konnen si w te resevwa bon jan ledikasyon oswa ou te byen fòme tèt ou. Pèsonèlman, m aprann anpil nan liv. Ou ka fè sa tou.

1. Pale mal san prèv 

Yon moun k ap pale mal san prèv fè dekabès nan tripotay: l ap pale mal e li pa ka jistifye sa l ap di a e menm sa li kwè a. Ou ka toujou gen yon dout men sa dwe rete la. Si w ta gen prèv, li t ap pi bon pou w rejwenn moun sa a selon relasyon li gen avè w pou w konseye l oswa ede l. Malerezman, palè mal pa renmen chanjman e li pa gen tan pou fè ankèt pou sa l di yo ka toujou parèt vre (👉Atik sou sijè sa:
https://lestextesdejde.blogspot.com/2020/07/poukisa-w-chache-konnen.html?m=1)

Se pa tout lè yon repwòch vle di yon moun mechan. Li ka fotif san rann li kont. Panse ak sa pou moun w ap pale mal la. 

Gen pawòl ki sanble verite, men verite pa sanble ak manti. Ou ka nan konfizyon men verite pa chanje. Sizoka w pa ka kanpe anfas yon moun pou w pale ak li kòmsadwa, sajès mande pou w fè silans. 

2. Detèmine siksè oswa echèk sou sa je w ba w

Souvan, se sa ki nan panse w la ki fè bouch ou di sa ki sanble verite a. Okenn moun byenelve p ap kouri jije siksè oswa echèk sou sa je l ba li. L ap konnen gen aparans ki ka twonpe. 

Toujou sonje panse w yo pa oblije [pawolize]. Pèsonn pa ka anpeche w panse men w pa otorize di tout sa w panse. Gen lojik ou kenbe pou ou, gen lòt ou pataje ak zanmi, lòt ankò ou kite lakay ou...

3. Mete plizyè moun ankonfli 

M te remake sa nan layv Fernando Estime sou Facebook ak lòt lidè sou rezo sosyal yo tankou Carel, Guy Wewe, Johnson. Sa rive nan foutbòl ak plizyè domèn kote fàn nan oswa kliyan an konpare de (2) moun epi li montre kilès ki bon ou mal. Se pa bagay nou ka evite, okontrè, yo konn bon pou benefis opozan yo. Toutfwa, moun ki kiltive atitid sa a ka mete enkoni oswa bon zanmi nan kont. Yo ka menm rive bon enmi san yo pa t deside sa avan. 

Depi w konn chak moun gen kapasite yo, ou p ap pran plezi nan mete moun an konfli.

4. Jije chwa moun fè 

Ou renmen wouj, li renmen nwa. Li gen dwa chwazi mak, koulè, gwosè, otè, kote li vle. Li bon pou w evite jije li paske si se te ou, se pa sa w t ap fè. Se nòmal. Alò, pwiske se pa ou, pa jije l. Se ak anpil sajès ou ka bay avi w sou sa yon moun fè nan ka li ta mande w. Otreman, prensip granmoun mande pou w fè silans.

5. Valorize moun sou sa yo posede

N ap viv nan yon monn kote si w gen yon gwo mak telefòn, ou pa bezwen byen abiye. Depi w gen anpil lajan, ou ka vyole disiplin jan w vle. Ou ka menm jwenn aplodisman pou sa. Tout sa yo esplike rezon ki fè byen materyèl tounen kritè pou valorize moun. 

Gen yon pawòl ki di: Leve nan yon bon fanmi se pa leve jwenn tout sa w bezwen men se leve nan prensip ak disiplin. Se sa yo ki bay respè. An reyalite, aparans oswa fè wè p ap janm fini men moun ki byen edike pa itilize yo pou bay moun valè. 

Kisa w te konn fè nan 5 bagay sa yo? 

JDE

Kisa yon agiman ye?



Anpil zanmi ki te konn fè deba ak mwen toujou repete pawòl sa: Emerson p ap pèdi. Pou yo, nenpòt sa yo di pou konvenk mwen, m ap kontrekare l ak yon pawòl.  Men se pa t vre. Pa gen moun ki pa janm pèdi nan deba. Se pa paske li fèb, men paske gen konba ki pèdi anlagan e ou pa ka fè avoka dyab la. Verite rete verite. 

Kisa ki fè yo te toujou wè m pa vle pèdi? 

Sa pa sifi pou w jis di yon pawòl. Ou dwe gen yon lòt pawòl pou w jistifye, esplike, montre se sa l ye oswa se pa sa l ye. Se sa ki rele agiman an. Tout moun k ap ba w manti itilize omwen yon agiman, menman pou yon verite. Yon eskiz, valab ou pa, se yon agiman. Nan tou pa w, ou bezwen yon kont-agiman ki se sa w di pou montre agiman moun nan pa kenbe. Se sa ki pral mennen konviksyon oswa viktwa a. Nan koze agiman, se pa sa ki di a ki enpòtan. Ou ka di sa w vle men se sa  ou di pou ou apiye deklarasyon w lan ki pi enpòtan. 

Nou tout ap pale men nou tout pa gen bon agiman 

Lè w pa gen agiman, yon verite w ap bay ka pase pou manti. Envès la posib. Dèfwa, ou onèt men w pa gen agiman pou w jistifye sa w ap di ki fè w pa ka konvenk entèlokitè oswa oditè w la. Ou dwe chache agiman avan ou pale. Ou ka jwenn nan refleksyon, fè lekti, swiv deba, aprann tout kote an jeneral. Ide yo p ap vini pou kont yo si w pa mete tan pou w chache yo. Fè silans pa toujou bon pou w defann tèt ou. Pale ak ekri anpil pa vle di gen bon agiman nonplis. 

Ou pa dwe twò nayif 

Si w kwè fasil nan sa tout moun di, se sèten w p ap jwenn agiman. Kidonk, ou p ap janm ka defann ou e, pi mal ankò, w ap trè vyolan ak moun k ap di w verite. L ap fasil pou w pran manti pou verite oswa verite pou manti. Se pawòl moun k ap nan lespri w sèlman.

M ap kite w ak panse sa a Robert Kiyosaki te poste sou paj Facebook li: "Si w vle aprann verite, kòmanse gade opoze sa plis moun ap di ki verite a". Panse sa a ka louvri lespri w sou tout sa w pa t konprann e remete an kesyon anpil sa w te kwè. Se sa ki pral fè w ap poze kesyon pou w konnen: kisa?kilès? poukisa? kilè? kòman? ki kote ? konbyen? Sa w jwenn yo se agiman.

JDE

jeudi 2 juillet 2020

Poukisa gen moun ki pa dakò avè w?


Si w panse w entèlijan oswa yo konn di w entèlijan, ou kiltive, ou gen anpil konesans, li fasil pou w ap fè fas ak sitiyasyon kote depi moun pa dakò ak sa w di, ou panse yo kont ou jis ou ka vin enmi yo. Pa panike, repons kesyon sa a ka ede w. 

Konsepsyon w se pwoblèm nan

Chak moun gen yon fason yo wè bagay yo ki fè panse w ak reyaksyon w pa menm jan ak yo. Se sa n aprann nan filozofi, antandman ak imajinasyon. Chak moun gen filozofi pa yo, se sa ki fè w diferan yo e ki fè gen yon gwoup moun ou renmen e ou pa renmen. An reyalite, se pa renmen w lan ki fè yon moun gen valè. Li gen valè paske l se moun. Imajine w si l pa ta renmen w, ou pa t ap gen valè tou. Kidonk, sa w panse a, lòt moun ka panse l tou. Se libète. 

Konsepyon w ki fè w ka panse e reyaji diferan se vrè pwoblèm pou w rezoud la: pa met nan lespri w tout moun ap dakò avè w, paske yo tout pa gen menm konsepsyon avè w. Ou pa ka chanje sa. Se Bondye ki te kreye lòm konsa. Moun ou renmen an ka pataje menm panse ak ou men pa imajine li menm jan ak ou. Li rejwenn li nan filozofi w, men li ka gen pa l tou. 

Konprann moun se pi gwo etid ki ta egziste 

Remake malgre tout eksplwa lòm ap fè rasis, grangou, enjistis sosyal ak lagè ap ogmante. Li senp: anpil moun pa konprann moun. Anpil envansyon nou yo se mwayen pi entèlijan nou itilize pou n detwi tèt nou ak jenerasyon k ap vini yo. Poukisa gen zam, bonm, poud, pwazon, viris ak tout danje ki plane sou lemonn. Si n ta pran tan pou n etidye moun nan sans wè byenèt monn lan avan n aji, lapè t ap tabli deja. 

Pa etone si m di w reyaksyon w kont ideyoloji kontrè pa w fè pati pwoblèm monn lan. Se sa ki fè n pa ka met ansanm pou n pote chanjman. Depi w pa dakò avè m, nou divize. Nou fè 10 gwoup ap travay sou yon sèl pwoblèm san jwenn yon solisyon pandanke pi gwo solisyon an se inite, rekonsilasyon. 

Konpwomi: pi gwo remèd la

Diferans nou nan tout sans pa retire kapasite nou, bonte nou e bon volonte nou pou n wè chanjman. Menm nonm ki pi vyolan an ka tounen yon ajan pou lapè. Sa depan de sikonstans yo ak bon lidèchip. Poko gen yon gwoup menm 3 moun ki dakò 100% sou misyon yo. Pale apa ak chak, w ap wè se 3 tandans ki gen divèjans. Toutfwa, pou yon repons kolektif, yo dakò sou yon pwen konsepsyon yo dezapwouve. Menmsi nou pa dakò sou 99 pwen, toujou gen yon dènye ki ka mete nou ansanm. Se li ki pi difisil la e plis nou pa vle chita pou n montre vrè entansyon nou, entèlijans nou p ap itil twòp ladan. 

Vrè enmi w la

Moun ou ka konvenk la pa vrè enmi w. Li poko konprann ou e se nan dyalòg sa ka plis posib. Alò, m panse apati jodi a, omwen, ou pral fè efò pou w konprann rezon ki fè yon moun pa dakò avè w e ou pral travay pou w met ansanm pou w fè enpak nan zòn ou oswa kote w ap evolye a. 

[PUB: 509 3639-6642]


JDE

Poukisa w chache konnen?


Tout moun bezwen konnen menm moun ki konnen l pa konn anyen, alewè pou moun ki gentan konnen enpòtans konesans. 

Gen yon pwovèb chinwa ki di: " Moun ki konnen li pa konnen, edike l. Moun ki konnen li konnen, tande l. Moun ki pa konnen li konnen, reveye l. Moun ki pa konnen li pa konnen, kouri pou li". Nan ki kategori ou ye ak konesans ou? 

Gen plizyè mwayen ou ka konnen, pami yo, lekti, lekòl, eksperyans, tande ak reflechi. Pakonsekan, tout moun konnen e ka konnen, menm yon avèg oswa yon bèbè. Anreyalite, pa gen inyoran total menm jan pa gen pèsonn ki konnen tout bagay.

Men poukisa w ap chache konnen si w konnen deja? 

Gen plizyè rezon ki ka montre sa. 

1. Konesans bay limyè 

Fè nwa senbolize inyorans. Li fè w pa ka wè kote w ye, ki moun ki la, ki kote pou w fè e ki koulè ak karaktè sa ki nan anviwonman an. Konesans se opoze yo tout paske l klere lespri w e li met tout bagay aklè devan je w.

2. Konesans itil 

Konesans itil paske l ba w anpil avantaj yon inyoran pa ka jwi. Li fè w konprann sa w t ap oblije peye pou w aprann e li fè w pase de elèv a pwofesè,  de anplwaye ak anplwayè, de anyen a kichòy. 

3. Konesans se pouvwa 

Depi w gen yon enfòmasyon, ou gen yon pouvwa. Ou konnen kisa pou w fè pou w jwenn sa w bezwen. San zam, ou ka fè moun pè. Popilarite w antanke konesè fè w vin enfliyan. 

4. Konesans bay libète 

Tout esklavaj la se rezilta inyorans. Pèsonn pa dwe rann ou esklav men si w pa konnen gen libète, ou p ap janm batay pou w vin lib. Depi w pa konnen, yo ka di w e fè w fè nenpòt mal men nèg ak fanm konesans pa kite yo mennen yo tankou bèf.

5. Konesans pot chanjman 

Se pwoblèm ki fè gen soufrans, enjistis, lamizè, kriminalite, pou n site sa yo sèlman. Ebyen, depi w gen konesans, ou ka kontribye nan chanjman.  

Èske gen yon lòt rezon ki fè w ap chache gen konesans? Si youn omwen nan lis la, èske li se verite? 

JDE

mercredi 1 juillet 2020

Pawòl ou ak aksyon w: kisa ki plis konte?


M sonje lè m te gen 15 lane yo konsa, te gen yon patnè ki te pi gran pase m. Pandan m t ap mache, li t ap menase m. M ba l yon presyon atout m te pè. M di l depi l manyen m, m ap goumen ak li. Pou rezilta, li ban m yon zoklo nan mitan tèt mwen. M met men sou tèt mwen, epi m di : ou wè, ou wè? Li gade m epi l kontinye wout li. 

M te panse pawòl mwen te ka fè l pran presyon men se te byen konte mal kalkile. Aksyon misye te fè wè pawòl mwen yo pa itil anyen. Se te laperèz ki te kache dèyè yo. Li menm, malgre li pa t pale, li te montre li pa pè ak sa li ka fè. 

Èske se pa menm bagay la ki rive w lè w pale epi moun ki fè silans yo ap demanti w, dezapwouve w, antre nan patiraj ou pou defye w? 

Si gen konesans bay konn pale, ki enpòtans li anfas moun ki konn aji e k ap aji kontrèman ak enpak pawòl ou ta dwe genyen. 

M panse l enpòtan pou nou reflechi avan nou pale nonsèlman pou n konnen sa n ap di men pou n pa fè bak lè sitiyasyon an mande pou nou aji. Paske, sa pa itil anyen si w pa ka fè sa w ap di a. Plis pa itil, si w pa ka ede moun k ap aji yo nan aksyon yo. 

Pawòl nou yo enpòtan men lè nou fè sa nou di, li pi enpòtan. 

JDE

Leson pou ou menm ki gen pou w paran


Jeneralman, nou chak k ap viv se pwodwi relasyon seksyèl yon gason ak yon fi. Se Adan, Èv ak Jezi ki pa t fèt nan prensip sa a. 

Nòmalman, si w pòv pandan w ap li tèks sa a se petèt pwoblèm paran w ki te pòv oswa ki te gen lajan men ki pa t chwazi prepare pou ou. Sa fè, w ap viv yon lavi w pa dakò, ou pa t swete e w ap goumen non sèlman pou sa chanje men pou pitit ou pa viv menm jan ak ou. 

Leson m nan pa lwen. 
Antanke papa de (2) pitit gason, m pa gen pou m ap plenyen pou preparasyon paran m pa t fè pou mwen. M p ap di se volonte Bondye pou mwen paske Bondye pa voye pèsonn vin viv nan lamizè. 

Si m pa ka pitit gason m te swete ye paran yo m yo, m dwe travay pou pitit mwen yo vin pitit papa yo vle yo ye a. Si w pa ka pitit fi ou te swete ye pou paran w yo, devwa w se travay pou pitit ou yo vin pitit ou pa ka ye a. 

Pa kondane paran w paske yo pa t fè ase preparasyon pou ou. Li posib pou gran paran yo e gran gran paran yo pa t fè l tou. Ou pa ka defèt sa, men w ka anpeche sa fèt pou ou. 

Jodi a, ou nan plas pou w kritike papa w, sonje demen ou pral papa. Jodi a, w ap pale manman w mal pou sa li kite rive w, sonje demen ou pral manman. Kisa w ap fè pou pitit ou pa di w sa w ap di jodi a? Ki plan w genyen pou pitit ou pa fè sa w ap fè jodi a? 

Kisa w genyen ak sa w pa genyen? Ki kote w ye parapò ak kote w te dwe ye? Pa panike! Se moman pou w panse kisa w pral fè pou byenèt pitit ou a.

Si mesaj sa a te touche w, pataje l bay tout jèn ki gen pou vin paran. 

JDE

mardi 30 juin 2020

Kat rezon pou w pa swete echèk yon moun

Jwenn moun pou ede w, korije w pou avanse difisil. Inyorans, jalouzi ak rankin fè gen plis moun k ap gade e pale pase sila k ap lonje men pou ede.

Èske sa rive w deja pou w swete oswa panse zanmi w lan, kamarad ou a oswa konkiran w p ap janm reyisi nan lavi l paske li pran twòp echèk? Men kat rezon ki ta dwe fè w pa janm gen yon ide konsa.

1. Tout siksè ak echèk ka lye ak ou

Si machann k ap vann pate nan ri w la te fè lavant chak jou, ou te ka pwofite mete yon komès ji natirèl kote l la. Plis gen moun k ap echwe se mwens ap gen moun k ap gen mwayen pou sipòte sa w ap fè. Kidonk, swete siksè tout moun k ap travay se pou byen w.

2. Ou pa Bondye jistis 

Ou pa la pou jije kilès Bondye dwe fè favè ou pa. Pou leson, san favè li, ou pa t ap gen ni souf ni pawòl pou w predi lavni yon moun. Chak fwa w jije yon moun p ap janm anyen akoz yon echèk, mande tèt ou si w gen plis rezon pou w reyisi. 

3. Demen gen anpil sipriz

Jodi a, ou estime w pa bezwen sèvis yon vwazen, yon benevòl, yon zanmi sou katye w la paske li pa diy. Pa janm bliye demen ka pote sipriz nan lavi moun sa ki ka fè l vin nan plas w ap bezwen l. Aprann se ou k ap konstwi jennen w chak fwa w rejte yon moun pou eta aktyèl li.

4. Gen erè, gen echèk, gen pwogrè 

Erè ka fè Tijan echwe men si Tijan pèsevere li ka fè pwogrè. Tout gwo chofè te aprann kondi yon jou. Ou ka pa wè pwogrè yo, men anpil fwa se rezilta final la ki ba w sipriz.

Gen yon otè ki te di :" Evite echèk yo se evite pwogrè". Dezòmè, lè w wè yon moun ap echwe konnen l ap fè pwogrè an menm tan. 

#Pwogrè #Echèk #Dekourajman #jijman

JDE

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...