jeudi 9 juillet 2020

Chanjman se rezilta pwogrè pozitif e endividyèl

| DEVLOPMAN KOMINOTÈ

Plis n ap meprize sa yon moun ap fè ki pozitif se plis n ap rann pwosesis pou chanjman an difisil. 

Pa ka gen yon chanjman reyèl nan kominote w la si tout abitan yo p ap fè pwogrè nan nivo pa yo nan sa y ap fè ki bon. Machann sosis la, dlo a ak bwason gazez la bezwen sipò w pou l ka pwogrese. Plis li vann, se plis gwo antrepriz yo ap vann e se plis opòtinite k ap kreye pou kad yo jwenn anplwa, tankou ekonomis, administratè, kontab, sekretè, elatriye. 

Motivasyon nou plis fè santi nou vle chanjman pou nou sèlman. Anbisyon nou montre sa. Nou tout vle gen machin malgre pa gen bon wout. Nou tout vle gen lajan malgre ensekirite. Pouki nou pa rezoud pwoblèm wout ak ensekirite avan nou gen machin ak lajan? Lè konsa, nou tout t ap viv byen. 

Direktè lekòl yo dwe ankouraje pwofesè yo, pwofesè yo dwe ankouraje paran yo, paran yo dwe ankouraje machann yo. Se konsa, tout moun ap pwogrese e tout moun ap benefisye paske tout sa k ap fèt byen nan kominote w la se pou tout moun. Si gen yon vwazen w ki gen machin, li bon pou ou. Ou ka gen ijans, se li ki sove w. Men, si w pa vle wè l ap pwogrese, ou p ap pwogrese tou. 

Nou tout pa gen menm rèv, se vre. Men si nou youn pa vle sipòte lòt nan sa l ap fè p ap gen pwogrè pou ka gen chanjman reyèl. Pou rezilta, sa nou vle yo p ap janm reyalize anplen. 

JDE

Kisa w bezwen? Kisa w ka bay?


|SOSYETE 

Paul Claudel, poèt, dramatij e diplomat fransè (1868-1956), te di konsa: "Gen yon tan pou w pran e yon tan pou w kite yo pran". Ta sanble gen moun k ap chache sèlman men ki pa janm vle kite pèsonn pran nan sa l jwenn. Sa rele egoyis. 

Bò kote Filozòf la, nou jwenn pawòl sa a :"Tout moun fèt pou yo manje, pou yo bwè, pou yo jwi sa travay yo rapòte yo. Sa se kado Bondye ba yo." (Eklezyas 3.13) Alò, reflechi byen, èske w t ap jwenn si pèsonn pa t genyen? Pouki w pa vle bay lè w genyen? 

Èske w konnen anpil fwa ou pa jwenn se paske w pa bay? Akoz w ap plenyen, ou pa ka wè valè w, enpòtans ou ak kapasite w. Sa fè w panse se moun ki dwe ba w sèlman pandan ou ka jwenn si w bay nan sa w genyen.

Pa gen moun ki pa genyen pou l bay. Si w panse w pa gen pou w bay, konnen ou egoyis. Kou di Lucien Guitry, yon komedyen fransè (1860-1925), "egoyis la se moun ki pa anplwaye tout minit nan lavi l pou l asire bonè tout lòt egoyis yo". Sa vle di, egoyis pa viv ere e se konsa li kontribye nan malere tout lòt egoyis. 

Alò, chak fwa w panse se ou sèlman ki bezwen, ou inyore tout moun ki bezwen sa w genyen. Ebyen, si w pa vle bay, gen sa w p ap janm jwenn. Alò, lisa w bezwen? Kisa w ka bay?

JDE

Vous avez le droit de vivre heureux

 |DÉVELOPPEMENT PERSONNEL


Se basant sur le fait que chacun a sa vie et que cette vie doit être vécue dans le bonheur, vivre malheureusement est le résultat d'un manque d'estime de soi. 

En effet, il est réservé à chacun le droit d'avoir une vie heureuse ou malheureuse. Si vous n'êtes pas capable de comprendre un tel privilège, vous allez rater les meilleures occasions du bonheur. 

Vous devez choisir d'être heureux et de continuer à l'être en dépit de tout. C'est vous qui avez choisi de vous plaindre de ce qui vous manque quand vous devez apprécier ce que vous avez, car c'est l'un des secrets du bonheur. 

Ne cherchez plus aucune raison pour justifier les attitudes de ceux qui vous causent du malheur, mais trouvez à l'instant, au tréfonds de votre coeur, la raison de votre existence par rapport aux morts qui ne peuvent plus goûter au bonheur d'ici-bas, car vous avez le droit de vivre heureux comme tout le monde.


JDE

Les 6 choses qui peuvent te décourager dans ta marche avec Christ





Nous oublions souvent l'essence de notre engagement avec Christ lorsque des obstacles se dressent sur notre chemin. Subitement, le courage, cette force qui nous accompagnait dès le premier pas, s'envole. 

Voici donc 6 choses contre lesquelles nous devons lutter dans notre vie chrétienne pour prevenir l'abattement. 

1. Le mépris

On pense que tu n'es pas digne d'être chrétien. Souviens-toi que le Christ a été méprisé jusqu'à la croix. Lis 1 Pierre 4.14-16.

2. L'abandon 

Quand tu décides vraiment de suivre Christ, certains prétendus amis t'abandonneront. Mais, souviens-toi que Jésus est toujours avec toi. Matthieu 28.20.

3. Le rejet 

Quand le monde te rejette, Jésus te ramasse car tu es précieux à ses yeux. Lis Psaume 139.14

4. La trahison 

La compassion et la puissance de Jésus n'ont pas empêché sa trahison par l'un de ses disciples. Si tu es encore vivant après une trahison, sache que celle de Jésus causa sa crucifixion. Lis Psaumes 137.5.

5. La haine 

Jésus a dit à ces disciples: "Si le monde vous hait, sachez qu'il m'a haï avant vous" (Jean 15.18). Alors, pourquoi veux-tu que le monde aime la nouvelle créature que tu es? Lis Jacques 4.4.

6. L'humiliation

J'ignore le bien-fondé des rabaissements dont tu fais l'objet, mais je sais que Dieu peut t'élever à la hauteur qu'aucun homme ne pourra autant faire, quelles que soient sa race, ses fortunes et ses connaissances. 

Par conséquent, accroche-toi toujours à Jésus et fais-lui confiance, car lui seul est capable d'écrire ta véritable histoire.

JDE

Source.
Message partagé par Carius*

mercredi 8 juillet 2020

10 rezon ki plis fè jèn fi yo ansent avan lè


|GWOSÈS AVAN LÈ 

Plis moun fokis sou dosye majorite seksyèl an Ayiti lalwa fikse a 15 lane. Poutan, pa gen twòp deba serye ki fèt sou gwosès avan lè ki se youn nan gwo konsekans libète seksyèl parapò ak kriz ekonomik an Ayiti. 

Yon atik ki te pibliye sou sit LoopHaiti nan dat 20 me 2019, revele an Ayiti gen prè prè 21% jèn fi ki manman oswa ansent a disnevan

Si nou pa ka anpeche timoun yo gen relasyon seksyèl bonè, nou ka fòme yo pou yo konn konsekans yo e kòman pou yo fè fas ak sitiyasyon ki okazyone li. Tankou anpil lòt pwoblèm nan peyi a, dosye gwosès avan lè a (#grossesse #précoce) egzije aksyon pou akonpaye plizyè jèn ki viktim e anpeche plis nouvo ka.

Men 10 rezon ki ka lakoz yon jèn tonbe ansent twò bonè. Ou ka ajoute lòt nan kòmantè yo.

1. Pwoblèm ekonomik
2. Demisyon paran
3. Renmen ankachèt
4. Vyòl 
5. Edikasyon seksyèl timoun yo pa fèt 
6. Plasay modèn
7. Rapò seksyèl san pwoteje
8. Rezidans paran nan peyi letranje
9. Imatirite
10. Pedokriminalite

Pou rive redwi to fleo sa a, tout sektè dwe antre nan lit pou edike timoun yo sou fonksyonman kò yo. Gen twòp sijè tabou ki rann timoun yo pi vilnerab sitou ak aksè yo gen sou entènèt ak seri y ap gade k ap eksite yo. Se kòmsi edikasyon timoun yo depann de pwodiktè nan sinema ak entènot yo. Sa dwe bay gwo enkyetid paske nati a pa renmen vid. Depi paran pa fè devwa yo, nenpòt moun ap fè l: zanmi, atis, anakè, elatriye. 

Leta, legliz, lekòl, medya tout plimay ak ONG k ap travay nan pwoteksyon timoun dwe pran koze sa anchaj. 

N ap remake paran yo alèkile plis envesti nan etid klasik ak materyèl teknolojik pou fasilite aprantisaj timoun yo. Bravo. Se byen. An menm tan, yon bon ankèt ap montre malgre tout efò sa yo, jèn yo, sitou nan legliz, nan lekòl klasik e sou rezo sosyal yo pa twò sansibilize sou risk ki genyen nan fè sèks san pwoteje ak angajman pou abstinans seksyèl k ap pèdi valè chak tan k ap pase. 

Èske sa dwe kontinye konsa? 

Èske fenomèn sa a pa jwe gwo wòl nan analfebetis? 

Kisa sosyete a ap benefisye si gen bon jan mezi ki pran pou frennen sa? 

Repons yo se pou moun ki gen plis konpetans ak pouvwa pou pran sa an chaj. Pandan n ap tann, annou kontinye ankouraje jèn yo pwoteje yo e fè abstinans seksyèl.

JDE

Se Bondye ki fè tout vrè chanjman yo

 |EKSTRÈ /LIV GRATIS

Mwen ta renmen ou panse sou sa anpil. Tout moun, timoun, jèn ak granmoun, ki rive chanje tout bon se rezilta travay Bondye. Sa pa vle di yo pa fè anyen, jan chante a di a “ se gade m gade m wè m konsa”.

Bondye fè chanjman an, se vre, men premye travay la se ou ki fè l: ou repanti. Chanjman ki fèt nan ou se tankou w te yon machin ki anpàn. Si yo kite w kote w pran pàn nan, w ap ret kraze la men si yo mennen w nan garaj, w ap ranje.

Nan okenn ka, yon mekanisyen pa ka deside pran yon machin pou l ranje l san pèmisyon propriyetè li menmsi l te wè pwoblèm li genyen.

Bondye fè nou ak volonte pou n vin jwenn li oswa ale lwen li. Li ka chanje nou kèlkeswa eta nou, men fòk nou dakò tounen vin jwenn li. Se premye pa a ki konte, l ap fè rès la. Si se nou k ap di li va pran nou lè li vle, si li vle, se inyorans, eskiz ak chwa nou fè pou machin nou an rete kraze nan mitan wout la oswa nan pakin lan ki se sosyete a.

Klike sou lyen koulè vèt la pou w telechaje liv REFLEKSYON BIBLIK SOU LAVI KRETYEN AN  gratis! 




mardi 7 juillet 2020

Kòman w ka rekonèt yon bon ak yon move moun?



|SOSYETE

Si lòm pa Bondye, li pa san peche, nou pa ka detèmine li bon oswa move sou yon 
peche oswa yon erè. Si se sa, tout moun se move moun paske pa gen moun ki pa fè 
erè. Men, si yon moun pa vle rekonèt erè li fè, sa ka montre mechanste ki nan kè li. 
Sa pi mal ankò si l ap repete yon erè, li vin dyabolik. 

Nou pa ka di yon moun bon ou move sou yon defo non plis paske tout moun gen pou pi piti yon defo ak yon kalite. Se sa ki fè, renmen yon moun se aksepte l ak defo li e kalite li yo. Ou pa ka fin di yon moun bon nèt gras ak yon kalite ni li move nèt akoz yon defo. 

Defo ak erè

Defo ak erè pa menm. Defo se absans yon kalite, se sa yon moun manke ki fè li pa ka 
bay satisfaksyon nan yon sikonstans. Yo pale tou de enpèfeksyon moral. Pwiske nou konnen pèsonn pa ka bon a sanpousan, n ap dakò tout moun gen defo. Sa vle di, nan yon domèn oswa nan yon sikonstans, nenpòt moun ka manifeste yon defo. E trè souvan, ou wè yon defo akoz ou gen yon defo, ki ka mank tolerans, manke konprann osinon enpasyans. 

Yon erè ka fèt nan yon moman, li ka repete plizyè fwa men se pa yon defo. Li posib pou se yon defo oswa yon kalite ki fè w fè erè. Alò, si w kouri jije yon moun pa bon sou yon erè li fè, ou ka fè gwo erè paske li ka korije l. Se sèl lanmò lòm pa ka korije. Depi li mouri tout bon, li mouri nèt.

Alò, kòman w ka rekonèt yon bon ak yon move moun?

Yon bon moun konfòme l ak sa ki jis. Li se yon moun moral e li aji ak rezon. Li 
pran konsyans de aksyon li, li devwe nan sa l ap fè, li se yon egzanp kote l ap viv, li renmen bay, li janti e li serye. 

Yon move moun se yon mechan nan sans jeneral. Li pa byen fè sa li dwe fè. Li gen 
plis entansyon pou fè mal nan sa l ap di e fè. Natirèlman, li rayi moun san l pa bezwen gen yon rezon. Li renmen opoze ak tout bagay. Li pa renmen bay ni fè anyen pou fè moun byen e li gen rankin. 

Eske move moun pa gen kalite?

Wi, dayè menm mechan an pwoteje pitit li. Men yon bon moun pa gen fwontyè. Li pa gade sou koulè, sou sèks oswa sou byen materyèl pou l trete moun. Sa pa vle di 
li pa ka fè erè ni li pa gen yon defo men li gen plis entansyon pou l fè byen e li 
rekonèt erè li fè. Se yon moun k ap fè pwogrè nan tout sa l ap fè menmsi l p ap 
janm pafè.

Èske ou se yon bon moun? 

JDE

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...