vendredi 26 juin 2020

Leve pou w travay

Gen kèk desepsyon y ap ba w ou pa ka pran yo anliy ni nan absans ou. Se fasafas pou w tande l. Kit w ap kriye, sezi ou tranble, se pou w rete la, de je w nan je moun k ap pale a pou w pa janm bliye jou sa, kote sa, lè sa a e jan yo t ap trete w tankou anyen. 

Pa sèlman pran plezi nan tande felisitasyon, bèl pawòl. Se pou w mare senti w pou w tande blam tou. Gen desizyon w pral pran nan vi w gras ak kèk repwòch. Gen leson w ap pran se gras ak kèk erè ou fè pou w pa janm oze reyaji konsa, reflechi konsa, pale konsa. 

Li posib pou se fyète moun ki rich e popilè yo ki motive w sèlman. Nan panse w, yo te leve yon bon maten epi yo jwenn yon ja devan pòt yo san travay. Ou ka imajine bèl mwayen w wè vwazen an genyen an se nan lavi fasil li fè l jis ou di se pa anyen, m ka fè l tou. M a rive tou. Wi, w a rive tou men pinga w panse se konsa l te rive. 

N ap viv nan yon sosyete kote egoyis anjandre barikad pou lajenès. Si w pa vle vann diyite w, 14 lane lekòl ou oswa 4 a 5 lane etid inivèsitè w la ou p ap fè okenn pa, okenn bras, okenn pwogrè. Sa fè, tchik jèn ou wè ki pase yo se krèm nan, ti ma a, ti gout la. Respekte yo, lapriyè pou yo, swiv yo. Yo pa enmi w. Si w wè yo pa ka lonje men ba w pa gen rankin kont yo paske manzè lavi tèlman fwete yo, yo pè antre nan wonn pou yo pa viktim. 

Ou gen 2 pye, yon sèvo, 2 men, 2 grenn je ak 2 zòrèy, itilize yo pou w jwenn sa w ap chache a nan bon kondisyon. Mache chache, touche tout sa w jwenn, fè tèt ou travay, gade reyalite a epi retire konplèks, tande moun ki pi gran, ki konnen, ki gen sajès pou w konn kòman lavi taye banda. 

Gen moun ki rive nan vi yo gras ak yon metye yo te aprann, gen lòt se gras ak bon zanmi, bon fanmi. Konsa tou, genyen se desepsyon yo te pran ki te fè yo dekouvri valè libète yo. Alo? Ou toujou la? W ap tande m? Ou konprann? 

Lè w konprann opòtinite w ka pwofite nan fè fas ak move sitiyasyon nan lavi w, w ap wè wout pou w pran pou w reyisi a e petèt ou va remèsye moun ou te panse ki t ap desann ou an, ki pa t respekte w la. 

Si w la toujou,  sa vle di echèk poko mete w K.O. Leve pou w travay! Ou dwe reyisi!

JDE

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...