vendredi 26 juin 2020

Padone fè pati konba a

Meyè fason pou w soulaje nan doulè mal la fè w la, se padone moun ki te fè l la. Kenbe l nan kè w ogmante soufrans yo chak jou. Chak fwa w panse ak pawòl sa a, kou sa a, desepsyon sa a, trayizon sa a, se soufrans ou k ap vin pi plis. 

Ou ka bezwen inyore l, evite l, fè kòmsi rankin ou ap rezoud li, men se pa vre. Sitou, lè ou se kretyen, ou ta dwe toujou evite gen pwoblèm ak moun, paske ofinal, menmsi w ta bat lestomak ou di w p ap janm padone l, ou mache fè moun pou li, ou menm tounen nan pase l pou w ka regle ak li, w ap nan obligasyon yon jou pou w padone l paske se sa Bondye te fè pou ou lè li te chwazi aksepte w malgre tout peche w yo. 

Sa pa vle di w fèb lè w padone. Okontrè, ou ase entèlijan pou w konprann rankin, vanjans p ap itil ou anyen. Ou ase fò pou w konprann mwayen ki pi fasil pou w evite plis doulè, plis chagren, plis lapèn, se kouri dèyè tout vye lide k ap fè w panse tankou mechan an. Ala kontan w ta kontan si yon malè ta rive moun ki te fè w mal la! Ala fèt ou ta fè si l ta nan yon zen, yon pèt, nan mawon! Wi, ou t ap soulaje men di tèt ou, ala kontan dyab la ta kontan si Bondye ta kondane w pou valè peche w fè anba tab, nan fè nwa! Bondye t ap jis, pa vre? Menm jan ak ou menm ki jis nan bezwen pou malè rive enmi w lan. 

Pa panse m ase timoun pou m konprann li fasil pou w padone mal yo te fè w la. Dayè, m te nan menm sitiyasyon sa plizyè fwa men se chak jou m ap mande Bondye ban m fòs pou m padone. Se pa mwen ak ou sèlman ki nan ka sa a, moun ou pa ta panse gen rankin anvayi kè yo. Ou p ap konn sa si w pa nan yon sitiyasyon, yon malè, pou w tande bri k ap fèt, fèt k ap fèt, chanpay, byè, wiski k ap koule, jis paske ou nan yon pwoblèm ki fè enmi w yo rejwi. 

Si w panse w ka goumen kont tout lespri mechan k ap fè kanaval nan lemonn, m dezole jodi a pou m di w ou echwe menm avan w kòmanse. Se sèl renmen ki ka fè w pote viktwa kont vyolans espirityèl ki kache dèyè anpil souri, bèl pawòl, bèl rad e bèl kanpay. 

Si padon te fasil, Covid-19 pa t ap fè tout dega sa yo. Mwen menm ak ou pa t ap lwen konsa. Nou pa t ap dozado konsa. Se paske listwa ki mal tounen antre nou yo kite yon rankin ki pi fò pase talan nou, diplòm nou, doktora nou, konsyans nou, richès nou, relasyon nou. Sèvo nou ase pwisan pou l kenbe anpil konesans men kè nou pa gen menm yon kilobayt espas pou sipòte moun ki fè nou mal. E se ti espas sa a ki fè anpil nan nou pa kwè Bondye egziste. Nou bay rankin plis plas, plis pouvwa, plis otorite ki fè malgre nou ansanm, lespri nou divize. 

Meyè fason pou w soulaje nan doulè mal la fè w la, se padone moun ki te fè l la. Kenbe l nan kè w ogmante soufrans yo chak jou. Chak fwa w panse ak pawòl sa a, kou sa a, desepsyon sa a, trayizon sa a, se soufrans ou k ap vin pi plis. 

JDE

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...